22/03/2026
Sezi wi, mesyedam, lè m wè yo arete yon jounalis sou nom Abed JL Universe k ap pwofese metye li sou avyon IBC Airways la kite ateri sou wout nasyonal #7 la, Zòn Ayopò Okay la lapolis pa gen dwa anpeche yon jounalis fè travay li, paske wòl li se enfòme popilasyon li ap viv ladan l. Sa montre klèman gen yon gwo mank konpreyansyon sou wòl jounalis nan yon peyi demokratik.
Yon jounalis se pa yon kriminèl, li se yon vwa pou pèp la. Lè li ap filme oswa rapòte yon sitiyasyon, se pa pou fè mal, men pou pote verite ak transparans. Si lapolis ap egzèse presyon sou li pou siprime kontni li filme, sa se yon vyolasyon dwa laprès ak libète ekspresyon.
Nan yon sosyete ki vle avanse, fòk gen respè pou dwa chak sitwayen, sitou moun k ap travay pou enfòme piblik la. Nou mande ak tout respè, men ak tout fòs nou tou: libere jounalis la! Li pa fè okenn krim, li t ap fè travay li. Si jodi a yo fè sa ak yon jounalis, demen se nenpòt sitwayen ki ka viktim menm enjistis sa a.
Ann leve vwa nou pou defann libète laprès, nou ap mande sajman libere Journaliste la prese prese.
Rete Branche…
Lakay