
09/03/2024
Admimistratè nou "Vibration Info Plus "VIP Média", Jen Lether DUPERON viktim de yon atak pirataj de yon gwoup anakè, ki pirate telefòn li e sèvi ak done pèsonèl li tankou: videyo ak foto pou fè chantaj.
"Mwen rele Jen Lether DUPERON, responsab Agence de presse en ligne VIBRATION INFO PLUS" mwen ap viv USA, nan Ohio, mwen viktim de yon atak pirataj kote yon gwoup eskro pirate telefon mwen e ap sèvis ak done pèsonel mwen tankou (foto m, ak videyo m) pou fè m chantay. Kote yo deja ap pibliye imaj sa yo sou tout rezo a, jis pou m ka ba yo lajan.
Si tout fwa ou ta jwenn imaj mwen sou rezo a, konnen se pa mwen pèsonelman ki pataje yo men se pito eskro sa yo."
Mwen di nou mèsi pou konpreyansyon nou...