13/02/2025
MESSAGE POU
enfliyansè/Jounalist ayisyen m yo.
Mwa pase a, mwen chita map gade jan TT fè tout sa l kapab pou l pwouve ke JAMSOTBA pat fè lajan l vre, men pito se yon fanm blan Kanadyèn ki tap okipe l finansyèman.
Se te yon bèl travay jounalis investigatif, anglè a ta di “a MASTERPIECE”
Sa montre tou, jan nou, NEG NWA Ayisyen, pare pou nou pwouve, demanti, oswa detwi youn lòt NEG NWA PAREY NOU.
Kounye a sou rezo sosyal yo, nou gen anpil kreyatè kontni, lansè dalèt, enfliyansè, men sanble tout gen menm objektif: ekspoze, oswa detwi Ayisyen parey yo.
Mwen ta renmen wè kèk nan yo gen kouraj pou yo sèvi ak limyè Prezidan Trump mete sou USAID a pou yo mennen ankèt sou kek bagay ki enpòtan pou Haiti, (paske yo tout di se ayiti yap defann) tankou:
Kontra sa a ki ekri sou sak diri sa a (VEPD06183)
Ki moun ki te jwenn kontra sa a?
Konbyen lajan ki te aloke pou kontra sa a?
Konbyen ki te vrèman depanse pou èd imanitè pou Ayiti?
Mwa pase a an erop, Mr. Lesly Voltaire te pale sou trafik ògàn kap fèt ann Ayiti. Mwen ta renmen wè kèk nan enfliyansè rezo sosyal sa yo fouye plis sou sa sitou pou wè si òganizasyon tankou Save the Children ak enplike ladan l.
Men mwen konnen mwen pap janm wè sa. Anpil nan enfliyansè sa yo swa ap touche, oswa sponsorize, swa yo gen fanmi ki jwenn viza gras ak èd òganizasyon entènasyonal sa yo, oswa yo jis pè “atake blan” 🤷🏾♂️