06/06/2026
Editoryal : Pawòl yo Gen Pwa yo, Nou dwe Mezire yo
Depi yè, rezo sosyal yo anflame apre yon ti tansyon ki ta genyen ant Josué Casimir, Jean-Ricner Bellegarde ak Patrice Dumont. Tout sa ta soti apre ansyen senatè a te deklare ke Bellegarde pa gen nivo jodi a pou li ta titilè nan seleksyon nasyonal Ayiti a.
Mwen pa konnen ki relasyon oswa ki antant mesye yo genyen deyò teren an, e sa pa enterese m. Men si nou rete sèlman sou deklarasyon Patrice Dumont an, mwen panse li se yon moun ki gen twòp eksperyans, twòp notoryete ak twòp enfliyans nan espò ayisyen pou li pa konnen ke gen sèten pawòl ki ka gen gwo konsekans sou yon ekip.
Ann pale foutbòl san pasyon. Jounen jodi a, Jean-Ricner Bellegarde se youn nan jwè ayisyen k ap evolye nan pi wo nivo foutbòl mondyal la nan pòs li. Yon jwè ki pa menm nan pi bon fòm li nan yon chanpyona tankou "Premier League" la souvan gen plis valè espòtif pase anpil jwè ki anfòm nan 2èm, 3èm oswa 4èm divizyon lòt chanpyona yo. Se reyalite nivo konpetisyon an ki fè diferans lan.
Patrice Dumont sanble bliye yon egzanp ki make listwa foutbòl la. An 2002, Ronaldo Nazário te soti anba gwo blesi. Li pa t menm Ronaldo moun yo te konnen an. Nan moman sa a, anpil moun te panse Romário te pi anfòm pase li. Men seleksyonè Brezil la te chwazi kite Romário lakay li pou konstwi ekip la bò kote Ronaldo. Poukisa? Paske pafwa yon jwè depase sa li fè sou teren an. Prezans li, eksperyans li ak konfyans li bay ekip la gen yon valè ki pa mezire sèlman ak estatistik.
Menm lè yon Ronaldo pa nan 100% kapasite li, advèsè yo te toujou respekte l, koyekipye yo te toujou santi yo pi fò ak li sou teren an. Se menm lojik sa a anpil moun ap itilize lè yo pale de Bellegarde nan seleksyon Ayiti a.
Lè yon pèsonalite piblik fè yon deklarasyon konsa, li dwe konprann se pa sèlman jwè a ki ka santi li touche. Gen fanmi, zanmi, ajan, ansyen antrenè ak anpil lòt moun nan antouraj li ki kapab pran sa pi mal pase li menm. Se pou sa yo toujou di : "Vòlò pa konn wont, se fanmi l ki wont pou li." Souvan se moun ki bò kote yon moun ki santi plis doulè pase moun nan pou tèt li.
Si se te nenpòt lòt jounalis oswa animatè ki te fè deklarasyon sa a, anpil moun t ap di se sansasyon li t ap chèche, se "buzz" li t ap kreye oswa se "views" li t ap kouri dèyè. Men lè pawòl la soti nan bouch yon moun ki gen eksperyans ak kredibilite Patrice Dumont genyen, sa ba li yon lòt dimansyon.
Kritike yon jwè se yon pati nòmal nan foutbòl. Men lè seleksyon nasyonal la ap prepare pou gwo objektif, pawòl yo dwe sèvi pou bati konfyans ak deba konstriktif, pa pou kreye divizyon ki ka afekte amoni gwoup la.
Nan fen jounen an, tout moun gen dwa ak opinyon pa yo. Men gen opinyon ki, selon moun k ap bay yo a, gen plis pwa pase lòt. E lè pawòl ou gen pwa, ou dwe konnen kijan pou mezire yo.
Yvenel DUPERON 🇭🇹⚽️✍️