ExaPress

ExaPress Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de ExaPress, Société de médias/d’actualités, Delmas.

05/08/2025

Merci à tout le monde pour votre soutien ! 🎉

19/02/2025

Alix Didier Fils-Aimé,ki se premye minis nan tranzisyon KPT a,vle a toupri revoke DG PNH la,ki se Normil Rameau.

11/11/2024

Nan rankont ki te genyen vandredi 8 Novanb 2024 lan ant konsèy prezidansyèl ak PM conille,KPT a te klè ak premye minis la,yo dil sil pa vle fè remaniman minidteryèl la,lap pèdi plas li.eh bien M.Conille te reponn konsèy la konsamanm Konsèy la santi yo vekse, yo tou ekri Gary pou dil yap ranplasel,yo pap fonksyone avèk li ankò.

Alix Didier fils-Aimé, est le nouveau premier Ministre du pays.À rappler l'ancien candidat pour sénateur l'ouest a rampl...
11/11/2024

Alix Didier fils-Aimé, est le nouveau premier Ministre du pays.À rappler l'ancien candidat pour sénateur l'ouest a ramplacé PM Gary conille ce lundi 11 novambre 2024,après environ 5 mois à la tête du primature.

PM.Conille anba gwo presyon.konsèy prezidansyèl tranzisyon an ta mande PM nan poul revoke Minis zafè etranje a,Dominique...
16/10/2024

PM.Conille anba gwo presyon.konsèy prezidansyèl tranzisyon an ta mande PM nan poul revoke Minis zafè etranje a,Dominique Dupuy.paske yo trouve ke Madam nan twò strik nan lèt ak diskou li anvè Repiblik Dominiken sou fason yap depòte Ayisyen yo.

Pou KPT a,solidè ak desizyon pou revoke Mme Dupuy,nan konsèy Minis ki te prevwa yè aprè midi a,yo te entèdi Minis zafè etranje a,antre nan Vila dakèy.an solidarite avèk madam Dupuy,lòt Minis yo di, yo pap asiste konsèy la,si 3 konseye ki enplike nan skandal BNC a,ta nan konsèy Minis la.

Selon yon sous pròch PM nan,revokasyon Minis zafè etranje a,pa nan plan li,M.Conille.

08/10/2024

Eske KPT a,jan li prale la nan enterè peyi a ou pèp Ayisyen an?

19/09/2024

DCPJ arete yon polisye ki nan konivans ak bandi,la près pa gn aksè ak enfòmasyon sa.
Selon yon sous pwoch enstitisyon polisyè yo,premye minis la entèdi ak direksyon santral polis jidisyè a prezante prezime a.
Nap fè remake,polisye sa te fè pati kòtèj PM Conille.

05/09/2024
05/09/2024

Kèk gran pwen kap domine aktwalite a pandan semèn sa.
1)Operasyon fòs lòd yo toujou ap kontinye nan bèlè,solino,delma24,plizyè bandi ta deja fè vwèl pou peyi San chapo.

2)Yè mèkredi ki te 04 septanb 2024 la,PM nan ak minis afè etranje a,te nan debakeman yon lo materyèl pou fòs lame dayiti.

3)Se jodi jedi 05 septanb lan,sekretè jeneral nasyon zini an ap gn pou'l vizite peyi a,yon vizit ki ta deja bay gwo panik,kè sote nan konsèy prezidansyèl la,swit ak 3 konseye nom yo ta site nan zak kòripsyon.

4)EDE,ki se pati politik Ansyen minis Claude Joseph ap dirije a,di li prè pou ranplase reprezantan yo a,Smith Angustin nan konsèy la,aprè nom li ta fin site nan zak kòripsyon BNC a.

5)Selon kèk medya ameriken,Etazini ap etidye posibilite pou ta transfòsme fòs miltinasyonal la,an misyon de pè,kòz yo pap gn mwayen pou ekipe fòs miltinasyonal la.

20/08/2024

Ayiti pran nan konplo entènasyonal.

Nòt direksyon radyo Rega fè soti aprè arestasyon Banatte Daniel,pou'l fè konnen jounalis la gen 2 mwa depi li pa anime e...
17/08/2024

Nòt direksyon radyo Rega fè soti aprè arestasyon Banatte Daniel,pou'l fè konnen jounalis la gen 2 mwa depi li pa anime emisyon regard aktyalite ke li te konn fè chak 6 aprè midi.
Banatte jwenn arestasyon'l pandan yon operasyon DCPJ nan anvayi otèl yèswa 15 dawout la.

Adresse

Delmas

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque ExaPress publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager