Radio television canal7

Radio television canal7 Media

11/09/2026
11/09/2026

BALTIMORE SC : « NOU PRAL JWE CHANPYONA NASYONAL LA », DAPRÈ MÈT LYS SCOTT DESTIN !

Baltimore SC ap fè demach pou l regilarize dosye lisans li epi patisipe nan Chanpyona Nasyonal Ligue Haïtienne De Football -LHF sezon 2026-2027 la.

Daprè Mèt Lys Scott Destin, pòt-pawòl klèb la, ki t ap pale nan emisyon Fas a Fas sou LPS Média+, ekip la gen konviksyon li pral patisipe nan chanpyona a. Li presize gen sèlman 3 dosye ki rete pou konplete epi voye ale.

Dosye ki rete yo se : CV administratè ekip la, dosye kontra jwè yo ak dosye Koch la. Apre 3 eleman sa yo fin prepare epi transmèt, Baltimore Sportif Club ap tann evalyasyon otorite ki konsène yo sou dosye lisans lan.

Pou kounye a, mesaj pòt-pawòl la klè : Baltimore SC ap prepare pou retounen nan chanpyona nasyonal la.

✍️ Exantus Tyson Journaliste Saint-Marc

10/09/2026

📍Josué Casimir quitte l’AJ Auxerre en prêt !

L’AJ Auxerre annonce le départ de l’attaquant international haïtien, qui rejoint le FK Dynamo Moscou.

Casimir est prêté pour la saison 2026-2027, avec option d’achat. 🇷🇺

09/09/2026

RACING FC : MENM SI LI CHANPYON, LI PAP KA ALE NAN CFU OSWA CARIBBEAN CUP

Racing Football Club des Gonaïves gen dwa patisipe nan Chanpyona Nasyonal LHF D1 Paryaj Lakay pou sezon 2026-2027 la, paske klèb la satisfè kritè lisans domestik yo.

Sepandan, ekip gonavyen an pa satisfè kritè lisans rejyonal yo. Konsa, menm si Racing FC ta rive chanpyon nasyonal pandan sezon 2026-2027 la, li pap kapab reprezante Ayiti nan yon konpetisyon rejyonal tankou CFU Club Shield oswa Concacaf Caribbean Cup.

Racing FC ap kapab sèlman patisipe nan chanpyona nasyonal la, pandan absans lisans rejyonal la anpeche l jwenn aksè nan konpetisyon entènasyonal ki mande kritè sa yo.

✍️ Exantus Tyson Journaliste Saint-Marc

09/09/2026

LHF D1 : USR FC ELIJIB POU CHANPYONA NASYONAL LA, MEN RETOU A RETE ENSÈTEN

Union Sportive Rivartibonitienne FC se youn nan klèb ki satisfè kritè lisans domestik yo e ki jiskaprezan, elijib pou patisipe nan Chanpyona Nasyonal LHF D1 la.

Sepandan, kesyon an rete sou patisipasyon ekip la, sitou akoz vag ensekirite k ap ravaje depatman Latibonit lan ak difikilte ki genyen sou wout yo. USR FC soti nan komin Tirivyè, Latibonit, sa ki ka reprezante yon gwo defi pou deplasman ekip la ak òganizasyon match yo.

Yon lòt pwen enpòtan, menm si USR FC ta retounen nan chanpyona a epi ta rive ranpòte tit la, ekip la pap kapab reprezante Ayiti nan CFU oswa Concacaf Caribbean Cup, paske li sèlman satisfè kritè domestik yo, li pa ranpli kritè rejyonal yo.

Mwen pa di lap jwe m'en li elijib pou jwe chanpyona.

✍️ Exantus Tyson Journaliste Saint-Marc

09/09/2026

Josué Casimir proche de la Russie !✍️🏿⚽️🇭🇹🇷🇺

Selon L’Équipe, l’attaquant haïtien de l’AJ Auxerre, Josué Casimir (24 ans), serait sur le point de quitter la Ligue 1 pour rejoindre la Russie.

L’international haïtien, qui compte 10 sélections, pourrait ainsi connaître une nouvelle aventure à l’étranger après avoir participé à la Coupe du Monde 2026.

Le mercato russe reste ouvert un jour supplémentaire, laissant la porte ouverte à une arrivée de Casimir avant la clôture.

09/09/2026

Nouvo chapit pou entènasyonal ayisyen Leverton Pierre!

Mitan teren an rive jwenn yon akò ak klèb Académica de Coimbra, nan Pòtigal, pou kontinye karyè li apre depa li nan Vizela.

Leverton, ki gen 28 an, pral pote eksperyans li nan mitan teren an pou ekip Coimbra a k ap jwe nan D2 pòtigal.

Adresse

Delmas

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio television canal7 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager