08/03/2023
https://youtu.be/QKwLbtBhbFk
Dapre ekrivèn Angela Davis, koze feminis la ale pi lwen ki koze eglite fanm ak gason. François vergès li menm li di w l ap defann yon feminis ki gen objektif detwi koze rasis sou tout fòm, kapitalis ak enperyalis. Li di feminis pa l la, se yon feminis dekolonyal.
Nan jounen 8 mas sa a ki se jounen mondyal dwa fanm ki vize mete devan batay fanm yo mennen nan sosyete yo, m p envite w gade ak mwen, emisyon Inter-Ô-Gassions sa a ki pale sou "Feminisme et Luttes sociales" yon fason pou w konpranm pi byen koze feminis la, konbyen kouran ki gen ladann, si w feminis, nan ki kouran w ye, ki sa kouran ladann nan pote kòm filozofi?
Pa janm bliye, 8 mas pa fèt fanm, men se pito jounen entènasyonal pou sansibilize sou batay fanm yo ap mennen nan sosyete yo.
Bon visionage!
Bienvenue dans cette nouvelle sortie. Ce numéro, s'articule autour du "Féminisme et luttes sociales", dans lequel nous faisons le point avec Madame Ketleine ...