10/08/2026
𝗕𝗼𝘂𝗸𝗮𝗻 𝗕𝘄𝗮𝗽𝗲𝗻 : 𝗦𝗶𝗽𝗼̀ 𝗠𝗲𝗿𝗶 𝗞𝗼̀𝗻𝗶𝘆𝗼𝗻 𝗮𝗻 𝗮𝗸 𝗲𝗳𝗼̀ 𝗼̀𝗴𝗮𝗻𝗶𝘇𝗮𝘁𝗲̀ 𝘆𝗼 𝗯𝗮𝘆 𝗰𝗵𝗮𝗻𝗽𝘆𝗼𝗻𝗮 𝘃𝗮𝗸𝗮𝗻𝘀 𝗹𝗮𝗻 𝘆𝗼𝗻 𝗻𝗼𝘂𝘃𝗼 𝘃𝗶𝘇𝗮𝗷
ᴺᵃⁿ ᴮᵒᵘᵏᵃⁿ ᴮʷᵃᵖᵉⁿ, ˢᵒᵘ ᵗᵉʳᵉⁿ ᴷᵃᵖʷᵉⁿᵗ ˡᵃ, ᶜʰᵃⁿᵖʸᵒⁿᵃ ᵛᵃᵏᵃⁿˢ ᵏᵒᵐⁱⁿ ᴷᵒ̀ⁿⁱʸᵒⁿ ᵃⁿ ᵃᵖ ᵖʳᵃⁿ ʸᵒⁿ ⁿᵒᵘᵛᵒ ᵈⁱᵐᵃⁿˢʸᵒⁿ ᵍʳᵃˢ ᵃᵏ ᵉᶠᵒ̀ ᵒ̀ᵍᵃⁿⁱᶻᵃᵗᵉ̀ ʸᵒ ᵃᵏ ˢⁱᵖᵒ̀ ᴹᵉʳⁱ ᴷᵒ̀ⁿⁱʸᵒⁿ· ᴬᵐᵉˡʸᵒʳᵃˢʸᵒⁿ ᵏⁱ ᶠᵉ̀ᵗ ˢᵒᵘ ᵗᵉʳᵉⁿ ᵃⁿ, ᵃⁿˢᵃⁿᵐ ᵃᵏ ᵉᵏⁱᵖᵐᵃⁿ ᵏⁱ ᵖⁱ ᵃᵈᵃᵖᵗᵉ, ᵃᵇⁱᵐᵃⁿ ᵉᵏⁱᵖ ᵃᵏ ᵃᵇⁱᵗ ʸᵒ, ˢⁱˢᵗᵉ̀ᵐ ˢᵒⁿ ᵖᵒᵘ ᵃⁿⁱᵐᵃˢʸᵒⁿ, ᵃⁿˢᵃⁿᵐ ᵃᵏ ᵉⁿˢᵗᵃˡᵃˢʸᵒⁿ ʸᵒⁿ ˢᵗᵃⁿᵈ ᵃᵏ ᵇᵃⁿᵈʷᵒ̀ˡ ᴹᵉʳⁱ ᵃ, ᵏᵒⁿᵗʳⁱᵇʸᵉ ⁿᵃⁿ ᵇᵃʸ ᵏᵒⁿᵖᵉᵗⁱˢʸᵒⁿ ᵃⁿ ʸᵒⁿ ᵃᵖᵃʳᵃⁿˢ ᵏⁱ ᵖⁱ ᵉˢᵗʳⁱᵏᵗⁱʳᵉ ᵃᵏ ᵖⁱ ᵖʷᵒᶠᵉˢʸᵒⁿᵉ̀ˡ·
Selon konsta nou fè sou teren an, plizyè aspè nan òganizasyon chanpyona a montre yon amelyorasyon konsiderab. Soti nan abiman ekip yo rive nan abiman abit yo, li fasil pou remake travay ki fèt pou amelyore prezantasyon konpetisyon an.
Youn nan chanjman ki pi vizib yo se poto gòl yo. Kontrèman ak kèk edisyon anvan yo, kote poto banbou te konn sèvi kòm gòl, teren Kapwent la genyen kounye a poto PVC, ki bay espas la yon aparans pi byen estriktire.
Anplis ekipman espòtif yo, yon sistèm son disponib sou teren an pou akonpaye animasyon yo pandan match yo. Sa kontribye nan kreye yon anbyans ki pi dinamik pou jwè yo, sipòtè yo ak tout moun ki deplase pou suiv rankont yo.
Nan efò k ap fèt pou amelyore òganizasyon chanpyona a, Meri Kòniyon pote kontribisyon pa li tou. Administrasyon minisipal la mete yon stand ansanm ak bandwòl nan espas konpetisyon an, sa ki kontribye nan bay teren an yon aparans pi òganize epi mete aksan sou prezans ak sipò enstitisyon minisipal la nan aktivite espòtif komin nan.
Pou Augustin, youn nan responsab òganizasyon chanpyona a, sipò li menm ak lòt responsab yo jwenn nan kad edisyon sa a reprezante yon avansman enpòtan.
««Se pou premye fwa depi lè m ap òganize chanpyona nou jwenn tout asistans.»»
Deklarasyon Jean Augustin nan mete an evidans enpòtans kolaborasyon ant òganizatè yo ak diferan patnè ki kontribye nan reyisit konpetisyon an.
Chanpyona vakans lan pa sèlman yon aktivite espòtif. Li reprezante tou yon espas rankont, animasyon ak solidarite pou kominote a, sitou pou jèn yo. Amelyorasyon ki fèt sou teren Kapwent la montre yon volonte pou bay konpetisyon lokal yo plis estrikti ak plis valè.
Avèk ekipman ki pi apwopriye, abiman ekip ak abit yo, poto gòl PVC, sistèm son pou animasyon, ansanm ak kontribisyon Meri Kòniyon atravè stand ak bandwòl, teren Kapwent la prezante youn nan pi bon aspè òganizasyon nou konstate nan chanpyona vakans komin nan.
Par: Marckendy Charlemé
[email protected]
Kòniyon, 10 dawou 2026