Koss News

Koss News Informer!

Ayiti Koripsyon ✍️ | Nan yon rapò   Voye Bay Pakè Pòtoprens, ULCC mande lajistis pou l mete aksyon piblik an mouvman kon...
28/09/2025

Ayiti Koripsyon ✍️ | Nan yon rapò Voye Bay Pakè Pòtoprens, ULCC mande lajistis pou l mete aksyon piblik an mouvman kont aktyèl Minis Espò a, Niola Lynn Sarah Devalien Octavius, pou detounman byen leta, abi fonksyon ak asosiyasyon malfektè.

Ankètè yo revele ke plis pase 10 milyon goud ki te prevwa pou selebrasyon Batay Vètyè jou ki te 18 novanm 2024 la disparèt , minis Lan Paka Di kot lajan Fè .

Dapre dokiman yo jwenn, Gen 2 milyon Goud kita ale sou kont pèsonèl minis la, pandan chèf sekirite l, Jean Vilaire Maître, ta touche plis pase 5 milyon Goud.

Anketè yo Dekouvri Yon Echanj WhatsApp ant minis la ak Chèf sekirite Li a ki konfime tranzaksyon yo. Non Kontab an chèf ministè a, Ludner Vogel Desforges, parèt tou nan rapò a.

Nap raplew ULCC Deja Voye Plis pase Yon Dizèn rapò Ka de koripsyon nan Pakè pou Swit légal yo.

27/09/2025

Tout kote Pierre Espérance pase li pran frap, 😎😂Abòne ak pataje svp

15/09/2025

Bandi yo kraze komisarya an.

15/09/2025

Ayiti kraze plat wi timoun ! Hmmmmmm

18/05/2025

Yon polisye POLITOUR souflete yon pwofesè nan Katedral Okap la, maten dimanch 18 Me 2025, pwofesè a remèt li kalòt la sou plas.

⚠️ Avi inondasyon ⚠️Pòtoprens, samdi 12 avril 2025._ Inite Idwometeyolojik peyi Ayiti lanse avi inondasyon sou 5 depatma...
13/04/2025

⚠️ Avi inondasyon ⚠️

Pòtoprens, samdi 12 avril 2025._ Inite Idwometeyolojik peyi Ayiti lanse avi inondasyon sou 5 depatman akoz lapli ki deja ap tonbe sou peyi a.

Selon dènye previzyon jounen an, pasaj yon zòn bas presyon nan direksyon Sid lanmè Karayib la pwovoke aktivite lapli ak loray sou plizyè depatman pandan wikenn nan.

Parapò ak kantite lapli ki deja tonbe yo ak lapli k ap pare pou tonbe jiska demen dimanch lan, Inite Idwometeyolojik lanse avi pou menas inondasyon sou depatman Nò, Nòdès, Lwès, Sid ak Grandans.

Pou rezon sa a, Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk Dezas yo ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil, mande tout moun k ap viv nan zòn ki deja resevwa anpil lapli, pou yo rete veyatif fas ak menas inondasyon.

Men kèk konsiy nou dwe respekte lè gwo lapli ap tonbe :

📻 Toujou enfòme sou kondisyon tan an;

🚫 Evite mache pre rivyè, sou tèt mòn;

🌊 Evite ale nan lanmè;

🛑 ⁠Pa travèse dlo k ap desann ni apye ni nan machin ni sou bekàn;

🚷 Pa kanpe sou pon oubyen akote rivyè pou gade dlo k ap desann;

🧳 Mete tout papye enpòtan nan yon valiz ki pa ka mouye epi sere l yon kote dlo pa ka pran l;

🔊 Tande radyo pou n konnen kijan sitiyasyon an ap evolye.

-Finisman-

03/04/2025

Nèg ak gwo zam anvayi dèyè mèri taba a, nan moman an yap antre kay moun.
S.O.S pou Taba!

Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Fritz Alphonse Jean, chita pale jodi jedi 20 mas 2025 lan ak Direktè je...
20/03/2025

Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Fritz Alphonse Jean, chita pale jodi jedi 20 mas 2025 lan ak Direktè jeneral Lapolis la, Rameau Normil, Kòmandan an chèf Lame a, Derby Guerrier, Responsab Misyon miltinasyonal la, Jeneral Godfrey Otunge.

Rankont sa fèt nan Direksyon jeneral PNH la ki twouve l nan Klèsin.

Otorite yo te diskite sou kesyon ensekirite a ki pa sispann twouble popilasyon an.

Prezidan KPT a Fritz Jean ak responsab fòs lòd yo te reflechi sou bon jan estrateji pou mete estabilite nan peyi a.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an renouvle angajman l pou pèmèt popilasyon an viv nan lapè.

Adresse

Delmas

Téléphone

+50935882827

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Koss News publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager