
01/05/2024
: Biwo swivi akò Montana ( ) denonse kont maltaye li di yon kowalisyon 4 sektè nan konsèy prezidansyèl tranzisyon an konplote sou do popilasyon an nan lanwit lendi pou ouvri madi 30 avril 2024 la, lè yo deside vyole akò politik 3 avril yo te siyen an ak tout pwojè dekrè sou kreyasyon, òganizasyon ak fonksyônman konsèy la pou yo nome pou kò yo, san eleksyon yon kowòdonatè pou konsèy la, yon premye minis ak yon gouvènman san respekte prensip patisipatif yo te siyen an.
Paralèlman, Almagro ki se sekretè jeneral felisite deziyasyon Edgard Leblanc Fils nan tèt konsèy prezidansyèl tranzisyon an epi fè konnen chwazi yon premye minis nan transparans, nan respè mekanis pou yon moun vin premye minis ak fòme yon gouvènman ap vital pou peyi d Ayiti.