09/02/2024
ENFÒMASYON SA YO AP EDEW ANPIL
𝐒𝐢 𝐰 𝐠𝐞𝐧 𝐝𝐨𝐬𝐲𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐢𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧, nenpòt dosye a (se pa moun Biden sèlman) pòs sa se pou ou. Si w ap tann yo apwouve w tou, sere pòs sa, w ap bezwen l pi devan.
Li enpòtan pou w konnen, USCIS pa resevwa moun nan biwo l yo pou sèvis an pèsòn, sèlman si se yo menm ki ba w randevou. Tankou pa egzanp, si w gen yon randevou anprent. Ou bezwen prezante fizikman pou prelèvman anprent lan. Sinon, entènèt, se mwayen ki pi fasil pou w jwenn sèvis ak enfòmasyon w ap bezwen yo.
𝐌𝐞 𝐤è𝐤 𝐫𝐞𝐬𝐨𝐮𝐬 𝐰 𝐚𝐩 𝐣𝐰𝐞𝐧𝐧 𝐬𝐨𝐮 𝐩𝐥𝐚𝐭𝐟ò𝐦 𝐚𝐧𝐥𝐢𝐲 𝐔𝐒𝐂𝐈𝐒 𝐥𝐚: Lè w antre sou sitwèb la, yonn nan premye sèvis w ap jwenn se, “Emma”. Emma se yon asistan vityèl ki reponn kesyon ou genyen gras ak entèlijans atifisyèl. Li ka gide w pandan rechèch ou epi ba w enfòmasyon ki baze sou kesyon ak tèm rechèch ou itilize yo. Si w ta renmen fè yon ti pale ak manzè, antre la 👉🏽uscis.gov/emma
Lòt bagay ou dwe konnen, sitwèb la vini ak plizyè ekstansyon selon sèvis ou bezwen an. Pa egzanp, si w ta renmen tcheke estati dosye w nan imigrasyon, adrès k ap menmen w lan se 👉🏽uscis.gov/casestatus
Si w gen yon dosye ki pending nan imigrasyon, depi w chanje adrès ou, ou dwe fè USCIS konnen sa, lyen k ap ede w la se👉🏽uscis.gov/addresschange
Si w vle voye yon rekèt sou dosye w la, pa egzanp, si imigrasyon voye yon notice pou ou, ou pa jwenn li, ou ka fè yo konnen pandan w ap voye yon rekèt nan adrès sa👉🏽uscis.gov/e-request
Si w ta renmen tcheke sou nivo avansman dosye w, me lyen ou bezwen an 👉🏽uscis.gov/processingtimes
Pou w jwenn yon lis konplè sou tout sèvis USCIS yo ak opsyon ki disponib pou ou yo, antre la 👉🏽my.uscis.gov/exploremyoptions
Pou w gen aksè ak tout fòm imigrasyon yo, antre la👉🏽uscis.gov/forms
Malerezman, malgre tout opsyon sa yo, gen sèvis se sèl an pèsòn ou ka jere yo, tankou passport stamp (so paspò), advanced parole, etc. Pou yon rezon konsa, ou bezwen rele USCIS nan (800)375-5283 pou w mande yon randevou.
Si w te rate randevou anprent ou, ou ka rele menm nimewo sa, epi di 𝐈𝐍𝐅𝐎𝐏𝐀𝐒𝐒. kòd sa ap transfere w bay yon ajan k ap rekonfigire adrès ou a, e w ap resevwa yon lèt nan mailbox ou k ap baw yon lòt randevou nan 30 jou pou pita.
Mwen swete omwen pòs sa te rive ede w nan yon sèvis, pataje l pou w ede yon lòt moun.