YOD INFO9

YOD INFO9 YOD INFO9
Agence de presse numérique qui se donne pour mission de vous tenir informer

08/11/2024

Causerie et vente-signature autour du thème : Lire,écrire et rêver " tiré de son nouvel ouvrage "Sécrets d'écrivains et Mystère de la Lecture" de Marc Sony Ricot ,le mardi 12 novembre 2024 ,dans les jardins de l' Institut Français en Haïti, à compter de 4h Pm. Vous êtes chaleureusement invités à prendre part à ce moment inoubliable .

Venez en foule !

YOD INFO9

05/11/2024

Maurice Leonce décédé ,ce lundi 04 novembre 2024,à l'âge de 103 ans ,dans sa ville natale à Jérémie .

Enfin ,le prix Goncourt 2024 ,décerné à  Kamel Daoud pour son roman "Houris" (Gallimard). Il est , journaliste ,intellec...
04/11/2024

Enfin ,le prix Goncourt 2024 ,décerné à Kamel Daoud pour son roman "Houris" (Gallimard). Il est , journaliste ,intellectuel et écrivain engagé, Kamel Daoud est une figure emblématique de la littérature francophone contemporaine. En 2015, il a remporté le prix Goncourt pour son premier roman "Meursault, contre-enquête" (Gallimard).

Crédit photo : France Culture

04/11/2024

GAËL FAYE a remporté le prix Renaudot 2024,pour son deuxième roman " Jacaranda". Il est auteur-compositeur-interprète, rappeur et écrivain . Dans son roman,où il remonte à l'histoire du génocide rwandais.

Crédit photo: France Culture

Listín Diario Diario Libre
04/04/2023

Listín Diario Diario Libre

Cheminement historique de l’institutionnalisation de l’anti-haïtianisme dominicain (1929 -2015) de Histoire Engagee On 4 avril 2023 dans Emmanuel Prezeau, Non catégorisé Par Emmanuel Prezeau, département d’histoire, Institut d’études et de recherches africaines d’Haïti (IERAH), Unive...

04/04/2023

Cheminement historique de l’institutionnalisation de l’anti-haïtianisme dominicain (1929 -2015) de Histoire Engagee On 4 avril 2023 dans Emmanuel Prezeau, Non catégorisé Par Emmanuel Prezeau, département d’histoire, Institut d’études et de recherches africaines d’Haïti (IERAH), Unive...

Bonjour, je vous invite à lire cet article de Monsieur Emmanuel Prezeau sur l'anti-haïtianisme en République Dominicaine...
04/04/2023

Bonjour, je vous invite à lire cet article de Monsieur Emmanuel Prezeau sur l'anti-haïtianisme en République Dominicaine.

Cheminement historique de l’institutionnalisation de l’anti-haïtianisme dominicain (1929 -2015) de Histoire Engagee On 4 avril 2023 dans Emmanuel Prezeau, Non catégorisé Par Emmanuel Prezeau, département d’histoire, Institut d’études et de recherches africaines d’Haïti (IERAH), Unive...

Lèt louvri a Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl Nesmy Manigat  Mwen pa adrese mwen fasil ak otorite nan fa...
05/10/2022

Lèt louvri a Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl Nesmy Manigat

Mwen pa adrese mwen fasil ak otorite nan fason sa. Dènye fwa mwen te fè sa se te mwa desanm 2017 ak Minis sante epòk la ki se Madan Marie Greta Roy Clément pou li te fe prèv lidèchip pou te egzije la pwòpte fèt nan zòn kote ministè sante peyi a ye a. Malerezman 6 lane aprè lèt sa, zòn lan toujou rete sal yon fason egzajere an 2022 an la, pou mwen di sa ki pase. Jodi a se tou pa ou Minis Manigat; ou menm ki rete sèl minis mwen plis respekte kapasite li epi jwenn ti kal satisfaksyon a chak fwa ou rive vini nimewo 1 nan Ministè Edikasyon peyi nou. Ou souvan fè prèv konpetans, sitou jan ou vle pote modènizasyon, menmsi se avek anpil difikilte nan sistèm edikasyon nou an, epi tou jan ou vle ranfòse nesesite pou edikasyon pitit peyi a fèt nan lang pifò ayisyen pratike ki se kreyòl. Chapo pou tout efò sa yo!

Minis,malgre se te yon gran risk pou yon kalite moun tankou ou te aksepte antre nan yon gouvènman kite parèt yon evidans ap echwe, akoz premye minis lan se yon moun ki rive nan tèt peyi an avèk yon dosye sispèk kòmkwa li patisipe nan lanmò prezidan nou Jovenel Moise, ou te kòmanse kanmenm fè santi ou la pou mete edikasyon piwo pase tout divèjans politik e vle fè de li yon veritab ijans. Malgre anpil fay, ou menm rive avèk ekip ou pèmèt egzamen ofisyèl yo fèt epi mete rezilta yo disponib. Ou te vrèman kòmanse konvenk nou ke « lekòl paka tann » vre.

Minis, kite mwen di ou entelijans ou te dwe ede ou konprann avèk kesyon desizyon gouvènman ou ladan li an pran pou retire sibvansyon sou gaz nan peyi a, ajoute sou sitiyasyon jeneral sekirite peyi a, si ou ale reouvri lekòl nan konteks sa a; majorite paran yo pap kapab siye kajou sa.
Ou se avan tou yon moun ki gen fòmasyon an ekonomi, ou konnen e konprann sitiyasyon ekonomik difisil majorite moun ki ap viv nan peyi a e kesyon gaz la ki vini pi chè a ap gen repèkisyon sou pouvwa dacha sèvis ak byen konsomatè final yo.

Mwen fini pa reyalize ou pyeje pa manb gouvènman yo, ki chwazi non sèlman pran desizyon pou retire sibvansyon sou gaz la nan peryòd ou ta dwe lanse reouvèti lekòl, men yo pa menm deside retounen sou desizyon an malgre sosyete a rele anmwey, yo pito pouse ou pou eseye rann reouvèti lekòl la fèt TI PA TI PA; kise yon swisid pou ou, e yon gwo ensil pou popilasyon an.

Onètman, ou se yon pwofesyonèl peyi a pa dwe neglije e lèse ou vini sinik menmjan avèk anpil lòt moun ki jwe gwo wòl nan politik peyi a. Mwen menm pèsonèlman ki konsyan de kapasite ou e kalite moun ou ye, te menm pwopoze ou menm oubyen Madan Manigat kòm premye minis peyi a otomatikman mwen te aprann Premye Minis Ariel Henry gen gwo sispisyon kòm moun ki enplike nan retire lavi Prezidan nou Jovenel Moise.

Minis Manigat, ou pa genyen anpil chwa ki kapab ede ou rete yon moun espesyal ki ap kapab toujou genyen posibilite pou sévi peyi nou an AYITI. Chwa mwen vini pwopoze ou se remèt demisyon ou paske ou pa rive reouvri lekòl la, e ou sou wout pou pase pou yon sinik afòs ou ap pèsiste pou ou fè sa TI PA TI PA.

Lavi a ap twò chè pou majorite paran rive kapab voye timoun yo lekòl jan sa ta dwe fèt. Gaz twò chè sa ap afebli nèt menm moun ki nan “klas mwayèn” lan ale wè pou plis pase 70 pousan pèp la ki pòv. Jan anpil paran deja montre sa, estrateji TI PA TI PA a se yon ensil pou entèlijans yo ki swete edikasyon pitit yo vini yon lespwa pou demen yo; se deja yon pòt yo louvri pou ou retire tèt ou tou dousman nan tèt Ministè a.

Minis mwen, ou menm mwen te toujou apresye anpil la, paske mwen pa gen dout sou kapasite ou; mwen ap di ou tanpri: Pa fòse rete, ale pito; rete disponib kòm rezèv nasyon an menm jan avèk yon bon tèt tankou madan Manigat.

Pandan map renouvle konsiderasyon mwen pou tout sa ou eseye enplemante nan tèt Ministè Edikasyon peyi a, mwen ap swete ou bon kouraj. Konprann avèk tout senserite se pou respè avèk admirasyon mwen gen pou ou, ou merite, mwen ap mande ou de-mi-syo-ne, pou rezève sa ou reprezante pou kesyon modènizasyon edikasyon nan peyi a.

Pandan mwen swete ou tande larezon, Minis Nesmy Manigat, tanpri resevwa salitasyon patriyotik mwen.

“Si nou travay avèk anpil sajès, AYITI gen pou li leve kanpe byen dyanm pami gran nasyon yo”!

Jean Pierre Wesner Emmanuel LOUIS-JEUNE,
Sitwayen Ayisyen

Facebook,Twitter: Emmanuel Louis-Jeune

Address


Telephone

+50939402148

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when YOD INFO9 posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to YOD INFO9:

Shortcuts

  • Address
  • Telephone
  • Alerts
  • Contact The Business
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share