Douvanjou Web Media

Douvanjou Web Media Douvanjou Web Media se yon platfòm enfòmasyon miltimedya k ap fè pwomosyon lang kreyòl la.

Dadou Pasquet travèse : mizik ayisyèn nan pèdi youn nan pi gwo poto mitan li yoJodiya se yon jounen tris pou mizik ayisy...
23/11/2025

Dadou Pasquet travèse : mizik ayisyèn nan pèdi youn nan pi gwo poto mitan li yo

Jodiya se yon jounen tris pou mizik ayisyèn nan. André « Dadou » Pasquet, gita­ris ki make listwa, ansyen manm Tabou Combo ak fondatè Magnum Band, mouri a 72 lane.

Aprè plizyè mwa ap goumen ak maladi ak anpil fòs, fanmi li konfime nouvèl lan dimanch maten sou rezo sosyo yo.

Mizisyen ki kreye chante lejandè Oupila a kite dèyè yon eritaj ki rich anpil. Mizik li yo, ki te akonpaye epi enspire plizyè jenerasyon, ap kontinye touche kè fanatik li yo ak tout kominote ayisyèn nan.

Ekip Douvanjou Web Media a voye tout senpati li bay fanmi Dadou, zanmi l, pwòch li yo ak tout moun ki santi pèt sa a nan mond mizik la.



🛑Nan dat 22 out 2025, Valentchina Dantès te kouwone kòm Miss Grand Haïti 2025 — yon etap ki mennen li rapidman Bangkok, ...
10/11/2025

🛑Nan dat 22 out 2025, Valentchina Dantès te kouwone kòm Miss Grand Haïti 2025 — yon etap ki mennen li rapidman Bangkok, Thaïlande, kote li te reprezante Ayiti avèk fyète nan konkou Miss Grand International ki te fèt ant 29 septanm pou rive 18 oktòb 2025.

Natif natal Petit-Rivière de l’Artibonite, Valentchina gen fòmasyon nan premye swen, epi li gen plizyè lane eksperyans nan kominikasyon, medya ak angajman kominotè. Pou li, kouwòn nan se pa yon senbòl bote sèlman, men yon misyon : reprezante Ayiti ak diyite, pataje valè peyi a, epi enspire yon nouvo jenerasyon jèn Ayisyen.

Klike sou lyen sa pou w li tout atik la👇
https://www.douvanjouwebmedia.com/kilti/miss-grand-haiti-2025-valentchina-dantes-pote-flanm-fyete-ak-rezistans-ayiti-aletranje/

Miss Grand Haiti

PÒTOPRENS — Nan dat 22 out 2025, Valentchina Dantès te kouwone kòm Miss Grand Haïti 2025 — yon etap ki mennen li rapidman Bangkok, Thaïlande, kote li te reprezante Ayiti avèk fyète nan konkou Miss Grand International ki te fèt ant 29 septanm pou rive 18 oktòb 2025. Natif natal Petit-Riv...

Make date sa!21 novanm 2025, vin fè pati yon mouvman ki enspire!Entre Femmes Haïti ap envite w nan gwo Kongrè ekstraòdin...
31/10/2025

Make date sa!

21 novanm 2025, vin fè pati yon mouvman ki enspire!

Entre Femmes Haïti ap envite w nan gwo Kongrè ekstraòdinè li a ki pote tèm:
✨ « De la terre au leadership: briser les barrières pour les femmes rurales » ✨

Evènman sa a se yon opòtinite espesyal pou mete limyè sou fòs, kouraj ak kontribisyon san parèy fanm riral yo nan sosyete ayisyèn nan.

Twòp fwa yo rete envizib, men se yo menm ki nan kè devlopman lokal la, sekirite alimantè ak rezilyans kominotè a.

🌾 Vin selebre, valorize, epi ankouraje fanm riral yo pran plas yo nan lidèchip.

Ann kraze baryè yo ansanm, ann mete vwa nou ak enèji nou ansanm pou n fè tande vwa sa yo ki pote lavni kominote nou yo.
Reyini, mobilize, e deklare byen fò:
chak fanm riral konte, chak vwa gen pouvwa!
💥💥💥💥💥

Slogan nou pou kongrè a se:
✨ « Ann mete an valè, vwa ak pouvwa fanm riral yo » ✨



𝐓𝐚𝐧𝐩𝐞̀𝐭 𝐭𝐰𝐨𝐩𝐢𝐤𝐚𝐥 𝐌𝐄𝐋𝐈𝐒𝐒𝐀 :  𝐈𝐧𝐢𝐭𝐞 𝐢𝐝𝐰𝐨𝐦𝐞𝐭𝐞𝐲𝐨𝐰𝐨𝐥𝐨𝐣𝐢𝐤 𝐀𝐲𝐢𝐭𝐢 𝐦𝐞𝐭𝐞 𝐠𝐫𝐚𝐧 𝐬𝐢𝐝 𝐥𝐚 𝐚𝐤 𝐋𝐰𝐞̀𝐬 𝐬𝐨𝐮 𝐯𝐢𝐣𝐢𝐥𝐚𝐧𝐬 𝐨𝐫𝐚𝐧𝐣Tanpèt twopikal ME...
22/10/2025

𝐓𝐚𝐧𝐩𝐞̀𝐭 𝐭𝐰𝐨𝐩𝐢𝐤𝐚𝐥 𝐌𝐄𝐋𝐈𝐒𝐒𝐀 : 𝐈𝐧𝐢𝐭𝐞 𝐢𝐝𝐰𝐨𝐦𝐞𝐭𝐞𝐲𝐨𝐰𝐨𝐥𝐨𝐣𝐢𝐤 𝐀𝐲𝐢𝐭𝐢 𝐦𝐞𝐭𝐞 𝐠𝐫𝐚𝐧 𝐬𝐢𝐝 𝐥𝐚 𝐚𝐤 𝐋𝐰𝐞̀𝐬 𝐬𝐨𝐮 𝐯𝐢𝐣𝐢𝐥𝐚𝐧𝐬 𝐨𝐫𝐚𝐧𝐣

Tanpèt twopikal MELISSA toujou reprezante yon menas pou Ayiti, espesyalman pou depatman 𝐒𝐢𝐝, 𝐒𝐢𝐝𝐞̀𝐬, 𝐆𝐫𝐚𝐧𝐝𝐚𝐧𝐬, 𝐍𝐢𝐩, 𝐋𝐰𝐞̀𝐬, 𝐚𝐤 𝐚𝐧𝐛𝐚 𝐏𝐥𝐚𝐭𝐨 𝐬𝐚𝐧𝐭𝐫𝐚𝐥.

Pasaj move tan sa, ka lakòz lapli, kout loray, rafal van ak risk pou ta gen inondasyon, glismann tè, nan tout rejyon sid la ak depatman lwès peyi a. 𝐒𝐞 𝐩𝐨𝐮𝐭𝐞̀𝐭 𝐬𝐚, 𝐈𝐧𝐢𝐭𝐞 𝐢𝐝𝐰𝐨𝐦𝐞𝐭𝐞𝐲𝐨𝐰𝐨𝐥𝐨𝐣𝐢𝐤 𝐀𝐲𝐢𝐭𝐢 𝐦𝐞𝐭𝐞 𝐩𝐞𝐲𝐢 𝐬𝐨𝐮 𝐯𝐢𝐣𝐢𝐥𝐚𝐧𝐬 𝐨𝐫𝐚𝐧𝐣.

Direksyon jeneral Pwoteksyon sivil, nan tèt kole ak Sistèm nasyonal k ap jere risk ak dezas yo, mande popilasyon an, sitou sila k ap viv nan zòn malè pandye yo, pou yo rete vijilan epi swiv konsiy sa yo :

▪️𝑺𝒊 𝒛𝒐̀𝒏 𝒐𝒖 𝒓𝒆𝒕𝒆 𝒂 𝒌𝒐𝒏𝒏 𝒈𝒆𝒏 𝒊𝒏𝒐𝒏𝒅𝒂𝒔𝒚𝒐𝒏, 𝒅𝒆𝒃𝒐𝒖𝒍𝒐𝒏𝒏𝒏𝒂𝒚 𝒕𝒆̀ 𝒂𝒌 𝒈𝒍𝒊𝒔𝒎𝒂𝒏𝒏 𝒕𝒆̀, 𝒄𝒉𝒆̀𝒄𝒉𝒆 𝒚𝒐𝒏 𝒌𝒐𝒕𝒆 𝒌𝒊 𝒍𝒘𝒆𝒏 𝒅𝒂𝒏𝒋𝒆 𝒑𝒐𝒖 𝒘 𝒂𝒃𝒓𝒊𝒕𝒆 𝒘 𝒂𝒌 𝒇𝒂𝒏𝒎𝒊 𝒘 ;

▪️Pa jan m janbe dlo k ap desann ni apye, ni sou bekàn, ni sou bèt, ni nan machin, ni sou moto;

▪️Fè solidarite ak sila ki pi fèb yo : granmoun, moun ki gen andikap fizik ak timoun yo ;

▪️Mete zafè w ak papye enpòtan w yo an sekirite;

▪️Toujou swiv bilten meteyo ak konsiy otorite yo, pa koute rimè.



Dimanch 14 Septanm 2025, El Rancho Convention Center te resevwa Fwa Rezistans Gwoup Eritaj te òganize. Se te yon bèl jou...
21/09/2025

Dimanch 14 Septanm 2025, El Rancho Convention Center te resevwa Fwa Rezistans Gwoup Eritaj te òganize. Se te yon bèl jounen ki make ak dekouvèt, animasyon ak bèl rankont.

Plizyè patisipan te la, tankou M’dyz, Olka, newlook, frescozone ak anpil lòt ankò, pou ofri piblik la yon eksperyans espesyal kote mizik ak kilti te reyini ansanm.

👉 Reviv pi bèl moman yo atravè repòtaj foto nou an.



💔😔Gen blese ki tèlman fon, ou pa menm ka jwenn mo pou dekri li. Gen separasyon ki tonbe sou ou tankou yon gwo kout mato,...
18/06/2025

💔😔Gen blese ki tèlman fon, ou pa menm ka jwenn mo pou dekri li. Gen separasyon ki tonbe sou ou tankou yon gwo kout mato, ki kite dèyè yon gwo doulè, ou pa menm ka eksplike. Gen kèk moun, blese sa louvri yon gwo branch dife nan fon kè yo. Gen lòt ki jis chwazi rete nan silans yo. Se nan silans sa Luc segur jwenn yon echapatwa. E se la ABIZE pran nesans. Yon ti fim tou kout men ki boulvèse w lè w gade l.

Li atik la pou w konnen plis...

ABIZE, premye reyalizasyon Luc Ségur, se finalis nan Toronto International Nollywood Film Festival (TINFF) pou ane 2025 lan nan peyi Kanada. Fim sa, ki mete aksan sou doulè emosyonèl ak silans kè brize, ap gen premye prezantasyon li nan Pòtoprens. Soti finalis nan TINFF se yon rekonesans enpòt...

🇭🇹Konseye -Prezidan Louis Gérald Gilles te patisipe, Jounen mèkredi 9 avril 2025 lan, nan selebrasyon Jounen Nasyonal Mo...
09/04/2025

🇭🇹Konseye -Prezidan Louis Gérald Gilles te patisipe, Jounen mèkredi 9 avril 2025 lan, nan selebrasyon Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn yo. Seremoni sa a te fèt nan prezans divès ansyen minis fanm avèk òganizasyon feminis ki te rasanble pou mete aksan sou batay, reyalizasyon ak defi fanm yo nan peyi a.

Nan diskou l pou sikonstans lan, Konseye-Prezidan an renouvle angajman Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou soutni dwa ak demand fanm ayisyèn yo, ki pa janm sispann leve vwa yo pou mande jistis sosyal, respè, ak plis enklizyon nan tout domèn lavi nasyonal la.

Toutfwa, li mete aksan sou wòl esansyèl fanm yo nan konstriksyon yon sosyete ki pi jis e ki pi ekitab.

Adresse

30 Rue Louverture Delmas 33
Delmas
HT6120

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Douvanjou Web Media publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Douvanjou Web Media:

Partager