09/03/2023
Ann respekte dwa yo , yo se lavi e yo bay lavi
8 mas chak lanne se dat nan lemonn antye yo pran pou komemore dwa fanm yo genyen pou yo viv lib san ankenn vyolans ak diskriminasyon , dwa pou yo edike , dwa pou yo posede , dwa pou yo vote , dwa pou yo jwi bonjan sante fizik ak mantal , dwa pou yo travay e resevwa bonjan salè ki pou ede yo kolte ak bezwen kontidyen yo.
Se byen pou n te atenn nivo sa , evolisyon an montre n kijan swadizan otosifizans nou kek fwa fè nou neglijan nan nivo pou n pyetine sila yo ki pèmèt nou egziste .Se pa ni gras ni favè gason fè fanm lè yo oktwaye yo yon ansanm dwa piske nanpwen anyen ki jistifye yon enferyorite lakay fanm yo . Nou taka menm ale nan nivo poun di yo gen plis kapasite ke nou paske yo genere lavi kèk fwa nan kondisyon très difisil ki konn menm koute yo pwòp lavi pa yo .
Ki peyi dwa fanm yo pi respekte ?
- Nan yon rapò, _women business and the law 2021_ , bank mondyal te pibliye , sèl dis peyi nan mond lan ki bay fanm yo menm dwa jiridik ak gason yo.
Dis peyi sa yo se : Beljik , Frans , Dànmak , Letoni , Liksanmbou, Syèd , Kanada , Island, Potigal ak Iland .
Sou 194 peyi ki nan mond lan 94 atenn rekò 80 % nan koze k gen pou wè ak egalite dwa jiridik ant fanm ak gason.
Ki peyi fanm yo gen plis restriksyon ?
- Malerezman fok nou di tou gen peyi ki konsidere fanm yo tankou sitwayen " segond zòn " . Peyi sa yo kèk fwa baze sou koutim yo , rejim politik yo , kwayans yo, nou taka ajoute tou nivo devlopman mantalite moun yo sou egalite dwa sou tout fòm ant fanm ak gason.
- Nan mwa dawou 2021 lè Taliban yo pran pouvwa nan peyi Afganistan , yo pozisyone yo klè sou kesyon dwa fanm lan lè yo pran desizyon pou kanpe nan sistèm edikatif yo a tout fi ki depase douz an epi nanpwen ale nan inivèsite pou jenn fanm . Yo deside fanm pa gen dwa travay , yo paka deplase pou ale nan espas piblik san yo pa gen yon gason ki majè kòm konpany.
- Se jis an 2018 fanm nan peyi Arabi Sawoudit gen aksè pou ale nan stad e patisipe nan evènman espòtif yo.
- Nan peyi Kata gen yon jenn fanm ki rakonte bay "Human Rights Watch " li te oblije bay manti poul te ka resevwa swen sante . Medsen an ki te sipoze fèl yon ekografi vaginal te egzijel poul bal sètifika maryaj li , li te oblije fè yon zanmil pase pou maril pou te ka gen aksè ak laswenyay .
- IVG ( interruption volontaire de grossesse) ki se avòtman volontè a entèdi nan plizyè peyi tankou : Kongo , Ejip , Gabon , Ondiras . Peyi sa yo pa mache nan lojik jete pitit la ditou, sa pa antre nan santiman yo menm.
Palem de fanm an Ayiti
Kijan sitiyasyon yo ye pa rapò ak fanm nan rès mond lan?
- Hmmmm Adye wi dan , koze kap kwochi zorèy kap fè dyòl vinn long haaaa wap mande oui. Bon finalman m te vle epanye tèt mw kesyon sa oui , men kòm manman m toujou dim fanm se kajou m espere diagnostik mw an va ede yo remonte moral yo chak jou pi plis.
" Tout fanm lan peyim s'on boul diaman kap pwomenen " se sa Lionel Benjamin chante e se verite fanm pa nou yo nou rele yo tout jan : wozo , kajou , diaman , madan sara , manman lavi , peyizan , fanm mòn , fanm djanm eksetera.
Yo se motè ekonomi peyi a. Nou jwenn yo tout kote : nan faktori , nan jaden, nan mache, nan lopital, sou do kamyon, lakay moun kòm sèvant, nan lekòl, nan laprès , nan leta , nan lari a tou pou sak pa gen chwa yo.
Yo se manman nou, yo se madanm nou, yo se sè nou , yo se pitit nou tou.
Se an 1957 yo te reyisi gen dwa pou yo vote , tan sa pifò pat ka rive twò lwen lekol se te kouti , travay kay madanm ak komès ki te ede anpil nan yo.
Nan peyi isit dwa pyès moun pa respekte alewè pou fanm ! Men ou taka di yo abitye ak sa , malgre sekous yo pa dekouraje travay pou edike moun kap enferyorize yo a.
Yo sibi tout sak vyolans tout fòm, yo viktim e sikatris lan rete paske sosyete a mete sou do yo responsabilité sak rive yo a an plis de sa yo pap jwenn ti moso jistis ale wè reparasyon.
- Depi 1990 premye fanm lan te rive sou pouvwa a nan kad tranzisyon an fanm yo pa atenn nivo sa ankò epi menm si yo ta goumen pou rive haaa yap pase yo dèyè paske egzanp Mme Pascal la pa fè yo byen , yo reyalize fanm ayisyen lè yo chèf se yo ki chèf .
Nan konba pou egalite dwa fanm ak gason an nou toujou nan ke kamyonèt la . Fanm pa ni dra ni objè seksyèl, fanm se manman lavi yo se poto mitan fanmi nou yo. Fanm kit li andikape , kit li entèlektyèl ou pa , kit li lavil ou andeyò , kit li anwo oubyen anba tout dwe jwi menm privilèj .
Suspann kouche yo anba presyon zàm , pou kòb , pou djòb , pou nòt lekòl , pou woulib machin elatriye.
Respekte diyite yo se respekte Manman w ak sèw yo .
Fòk nou kore tout fanm , onore yo, respekte dwa yo , pwoteje yo , tanpri pa vyole yo sou kèlkeswa fòm lan.
PM24/Professeur, Journaliste André Marcsandher dit Bourikchaje