MizikHub Entreprise

MizikHub Entreprise Votre son unique sur MizikHub. Postez, gérez, vendez, brillez! INSCRIVEZ VOUS MAINTENANT.🎶✨

Supportez maintenant : https://linkup.top/mizik.hub

Album (Zile) - Vwayaj (2025), Kisa Mizikhub panse ?Deja nou remèsye Atis la pou si bel album sa. Yon masterpiece nan ara...
11/06/2025

Album (Zile) - Vwayaj (2025), Kisa Mizikhub panse ?

Deja nou remèsye Atis la pou si bel album sa. Yon masterpiece nan aranjman, melodi, vwa, tèks.

Nou remake menm si gen diferan producer sou album lan men album lan gen yon bon amoni. Tout mizik yo byen mikse sou vwa Anie. Sa rann mizik yo agreyab pou tande.

Travay la byen fèt pou Anie, mizik yo dous, nou santi atis la te vle fè pase feminite li, matènite li ak renesans li sou album lan.

Melodi Djazz yo ouvri pot pou atis nan kèlkeswa festival Djazz ki ta gen nan mond lan. Konpa gouyad yo bay Anie dwa pou li nan nenpòt festival konpa ak mixtape konpa la.

Mizik Damou Ankò ft Anthony Drew epi BBO se prefere nou sou album lan.

Sof ke nou remake pifo solo konpa yo se nan fen mizik yo. Nou espere se on estrateji pou jwe live, sinon nou santi mizik yo mal fini.

Anplis pou nou Anie fè 2 pari riske ak Afrobeats li tante yo.
1)Premye Dènye ft Toby a, mizik la dous men li manke tempo pou nou, Amapiano a twò soft.
2) Leave Me Alone prod by Adambeats, selon nou menm mizik sa manke Kenny Haïti sou pou te konplete li. Men nou renmen flute la sou li.

Nan sans sa pari Afrobeats yo riske paske Club yo manke jwenn mizik cho pou jwe.

Toutfwa nou kapab di tou Anie epate nou, album lan swa album lan modèn li bay anvi woule tout tan.

Bon siksè Anie Alerte ak album sila.
Promotè yo tanpri fè travay nou.
Dj yo, beat maker yo fè remix yo pou melodi yo mache.

Anie ou dwe kòmanse lanse challenge Tiktok yo, sa se travay ou li ye.

Guys enjoy album lan.

Artist : Annie Alerte (Zile)
Album : Vwayaj
Genre : Konpa
Label: Zile
Year: 2025

Adresse

Rue Michelson
Delmas
6120

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 22:00
Mardi 09:00 - 22:00
Mercredi 09:00 - 22:00
Jeudi 09:00 - 22:00
Vendredi 09:00 - 22:00

Téléphone

+50943642763

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque MizikHub Entreprise publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à MizikHub Entreprise:

Partager