Infos Sans Limite

Infos Sans Limite Infos Sans Limite est un media qui a pour but de donner des informations plus précis sur le plan sociaux politique et culturel.

🚨Enfomasyon: 6 B4ndi rive vale dlo bouch yo ak 5 z4m sezi se bilan yon operasyon Lapolis mennen nan zònn bò stad.ayè nan...
07/09/2026

🚨Enfomasyon: 6 B4ndi rive vale dlo bouch yo ak 5 z4m sezi se bilan yon operasyon Lapolis mennen nan zònn bò stad.ayè nan aswè Dimanch 6 pou leve lendi maten 7Septanm 2026 la

07/09/2026

Flash: Move nouvel, Doktè Marise Nacisse fe konnen pati politik poko prè pou eleksyon kap vini la, tout otan pagen sekiri nomal nan peyi a.

🚨Enfomasyon: 😭💔 Ketura, yon polisye fanm ki afekte nan inite BOID e anpil moun konnenl sou TikTok sou non Boidyone, pèdi...
07/09/2026

🚨Enfomasyon: 😭💔 Ketura, yon polisye fanm ki afekte nan inite BOID e anpil moun konnenl sou TikTok sou non Boidyone, pèdi lavi li anba bal bandi viv ansanm yo nan zòn Bèsi, Komin Akayè, yè dimanch 6 septanm 2026 la.
Daprè sa otorite lokal yo fè konnen, atak la te kòmanse anviwon 7è nan aswè. Pandan konfwontasyon an, Ketura resevwa yon bal nan tèt. Malerezman, li pat rive siviv anba blesi a. Yon lòt polisye ansanm ak plizyè brigadye ki tap goumen bò kote lapolis blese anba kout bal tou. Majistra Akayè a, Wilner René, fè konnen eta moun ki blese yo stab nan moman.
Majistra mande wo kòmandman PNH la voye ranfò rapid nan Bèsi pou bloke bandi viv ansanm yo kap chèche antre pi fon nan komin nan. Daprè majistra, Ketura se twazyèm polisye bandi yo touye nan Bèsi soti 2024 pou rive 2026. Anviwon 15 brigadye ki tap defann komin nan ta deja pèdi lavi yo tou nan diferan atak.

🚨Enfomasyon: Moun       rive sou nou, Nan lide pou pèmet timoun yo elegan  , e trè avanse, Manmie love pote yon spesyal ...
07/09/2026

🚨Enfomasyon: Moun rive sou nou, Nan lide pou pèmet timoun yo elegan , e trè avanse, Manmie love pote yon spesyal pou tout moun kap viv nan vil okay, kivle pitit yo avanse,oumenm ki 4chemen, Vernet 1 ak nan ozalantou tou yo mennen pitit ou al pran leson, Aprèl sot lekol, Siksè Garanti

Nenpot moun ki jwen teks la kita renmen bay pitit ou leson rele nan nimewo sa yo pou jwenn bonjan enfo.

Ak Manmi Love timoun yo ap briye lekol

07/09/2026

Flash: Zen pete nan la repiblik la, Aprè Rankont Plizye pati politik ak reprezantan Caricom yo, Met Andre Michel fe gwo deklarasyon, pap gen eleksyon ak premye minis Alix

07/09/2026

Flash: Minis edikasyon an voye mesaj klè bay tout pwofese kap fe grev kipa vle lekol fonksyone yo, manman pitit mate vant,

🚨MESAJ DOKTÈ BERTHONY FRANÇOIS POU RANTRE LEKÒL LAChè paran, chè elèv, chè timoun, ak tout popilasyon vanyan 2èm Sikonsk...
07/09/2026

🚨MESAJ DOKTÈ BERTHONY FRANÇOIS POU RANTRE LEKÒL LA

Chè paran, chè elèv, chè timoun, ak tout popilasyon vanyan 2èm Sikonskripsyon Pòtoprens lan,

Nan moman rantre lekòl sa a, mwen vle voye yon mesaj lanmou, ankourajman ak espwa bay nou tout.

Mwen konnen moman n ap travèse a pa fasil. Mwen konnen anpil paran ap fè gwo sakrifis pou jwenn mwayen pou voye pitit yo lekòl. Sitiyasyon ekonomik la difisil, lavi a chè, epi anpil fanmi ap viv nan gwo enkyetid. Men, malgre tout difikilte sa yo, nou pa dwe lage batay pou edikasyon pitit nou yo.

Mwen mande tout paran nan 2èm Sikonskripsyon Pòtoprens lan pou kontinye fè tout sa yo kapab pou voye timoun yo lekòl. Edikasyon se youn nan pi gwo zam nou genyen pou chanje lavi nou, chanje kominote nou ak chanje peyi nou.

Chè timoun mwen yo, ale lekòl ak fòs, ak kouraj ak detèminasyon. Pa dekouraje! Menm lè chemen an difisil, sonje gen yon pi bon demen k ap tann nou. Yon jou, sitiyasyon an ap chanje. Se nou menm, ak konesans nou ak edikasyon nou, k ap kapab bati yon lòt Ayiti.

Mwen vle di tout paran yo: mwen renmen nou, mwen konprann soufrans nou, e mwen konnen sakrifis n ap fè chak jou pou pitit nou yo. Mwen gen anpil lanmou pou tout pèp vanyan 2èm Sikonskripsyon Pòtoprens lan.

Ann rete ini. Ann bay timoun nou yo espwa. Ann ankouraje yo ale lekòl, aprann, grandi epi prepare tèt yo pou lavni.

Paske jodi a ka difisil, men demen kapab pi bon.

Pou rantre lekòl sa a, mwen swete tout timoun yo anpil kouraj, anpil fòs ak anpil siksè.

Bòn rantre lekòl ak tout timoun yo!

Doktè Berthony François
Kandida pou Depite
2èm Sikonskripsyon Pòtoprens

07/09/2026

Flash: Aksyon sa fenk pase nan Lycee Horatius Louverture lan, pandan Minis Edikasyon debake nan Ouvèti lekol la.

🚨Enfomasyon: Byen bonè nan maten lendi 7 Septanm 2026 lan,Plizyè elev repran chimen lekol, nan kad reouvèti ane akademik...
07/09/2026

🚨Enfomasyon: Byen bonè nan maten lendi 7 Septanm 2026 lan,Plizyè elev repran chimen lekol, nan kad reouvèti ane akademik 2026,2027 la,
Pi presizeman nan Lycee Hotatuis Laventure lan dives elev nan difran klas te reponn prezan nan lakou lise a,pou reponn prezan nan reouvèti lekol sila

07/09/2026

Flash: Men koman lari a leve pou lendi 7septanm2026 la pou ouvèti lekol la

Partager

Adresse

Delmas
509

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Infos Sans Limite publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Infos Sans Limite:

Raccourcis

Partager