29/08/2026
/
✅Moun ki te kidnape pandan atak ki te fèt nan Kenscoff yo jwenn liberasyon yo vandredi 28 dawout 2026, apre plizyè jou negosyasyon.
Plis pase 60 moun te kidnape pandan atak ki te fèt nan nuit 23 pou rive 24 dawout 2026 la nan Kenscoff. Kèk èdtan apre gang yo te pibliye, 24 dawout, yon videyo kote yo te montre otaj yo epi menase pou yo touye yo si Polis Nasyonal d Ayiti ta entèvni, efò pou jwenn liberasyon yo te kòmanse.
Dapre yon sous ki pwòch dosye a, O-News 1ère te kontakte, yon negosyatè UNICEF te antre an kontak ak chèf gang Izo 2 pou travay sou liberasyon timoun ki te parèt nan videyo a.
Negosyasyon yo te dire plizyè jou, anvan yo abouti ak liberasyon otaj yo vandredi 28 dawout la. Sepandan, sous la pa t bay okenn repons sou kesyon ki gen rapò ak yon posib ranson.
Luckson Jean, responsab fondasyon @« Frè Luckson Zòn Pa Fè Moun », konfime enfòmasyon an. Dapre deklarasyon li, UNICEF te jwe yon wòl nan efò ki te mennen nan liberasyon otaj yo. Li menm, misyon li sou teren an se te sèlman resevwa timoun ki te pami moun yo te kidnape yo.
Liberasyon an fèt vandredi 28 dawout la, sa ki mete fen nan plizyè jou detansyon pou moun sa yo. Men, s*konstans ki te antoure kidnaping lan ansanm ak kondisyon kote otaj yo te kenbe yo kontinye soulve gwo enkyetid.