01/05/2025
Enfòmasyon sou arestasyon Ansyen depite Arnel Belizaire la.. Jodi Mèkredi 30 avril la nan vil jakmèl
Daprè Jacmel Dénonciation
UDMO nan SIDÈS akonpanye de yon Juge de paix mare kou krab Ansyen depite ARNEL BELIZAIRE nan vil JACMEL.
Enfòmasyon ki rive jwenn JACMEL DENONCIATION : Ta sanble gen yon dam kap vann ti kleren dous pike tou pre hotel ansyen depite e ansyen prizonye a , ta sanble yèswa ansyen depite a voye rele malerèz la pou l te ka koze avèl oubyen fè yon Bòt sou li , ebyen poutèt malerèz la pat vini .
Jodi a li di malerèz la deplase ak bagay li yo bo hotel la, li voye tout ti biznis malerèz lan jete e daprè plizyè moun ki te sou plas li kenbe malerèz la li ouvèl anba baton .
Popilasyon ki wè sa se Abi yo te kanpe pou anpeche l pa fin touye malerèz la ,lè misye wè sa li antre andedan hotel la li al pran zam e li rale l sou popilasyon an .
Ebyen malerèz la ki se fanmi avocate Madan Luc François te akonpanye ak yon jij de pè epi Udmo yo marel kou krab paske yo te tou jwenn li devan Hotel la .
NB: Lapolis nan Sidès pa nan sitirans , sa fè yon dezyèm fwa yo arete ansyen depite a , depi JACMEL DENONCIATION mete etwal li sou tèt ou ,ou paka bon moun e malè ap rivew kanmèm .men jan de moun kap dirije nou . Bravo ak direktè lapolis GABARD .