LAKAY ENFO TV

LAKAY ENFO TV Depi se nouvèl nou la pou n enfòme w tout kote
(1)

16/12/2025

Flash!! Mèt Caleb Jean Baptiste fenk pran dosye Atis Fantom ki nan prizon Sen Domeng..Li mande liberasyon Atis la..

Ayiti-PolitikPati politik Konviksyon Pou chanjman pran yon kalòt marasa ayè vandredi 12 Desanm lan Pati politik * Konvik...
14/12/2025

Ayiti-Politik

Pati politik Konviksyon Pou chanjman pran yon kalòt marasa ayè vandredi 12 Desanm lan

Pati politik * Konviksyon Pou Chanjman * konnen premye gwo echèk li apre estrikti a pèdi sekretè jeneral la kise Me CALEB JEAN BAPTISTE, tout sosyete a kapab konstate malgre pati a te gentan envite pèp ayisyen an nan yon gwo manifestasyon pou mande 9 manm Kpt yo avèk Pm Alix Didier Fils-Aimé lonje tout kle ki nan men yo, malerezman menm on peta pa pete apre popilasyon an fin tande pati a pa genyen sekretè jeneral li kise Me CALEB JEAN BAPTISTE, kounya pèp la konfime sa ki bon, pa janm dire .

12 desanm 2025.

Ayiti politik/echèk total:
Pati politik > konnen yon gwo echèk jodia ki se vandredi 12 desanm 2025 lan,depi lè pati sa te fè lansman ofisyèl li pa sekretè Nasyonal pati sa,ki se me Caleb JEAN-BAPTISTE,se premye fwa yo konnen gwo echèk sa,yo te anonse gwo mouvman devan VILA DAKÈY pou jodia.
Men me Caleb JEAN-BAPTISTE pat anonse li jan li te toujou konn fè sa,li menm.Jodi mèt la ak tout moun ki konn ak li pat mete pye.
Malgre Luckner Desir tout moun konnen sou nom Loucko Desir ki se prezidan pati sa te pale anpil de mouvman sa nan radyo,lòt militan de bay konferans de près ,militan yo e pèp la pa mete pye devan VILA DAKÈY LA.
Eske yo deja bouke ak nouvo pati politik sa?

Tout moun ap mande sak pase paske sa poko janm fèt pou me Caleb JEAN-BAPTISTE lanse yon mouvman poul pa fè inpak.

Eske se dosye me Caleb JEAN-BAPTISTE ap trete yo,ki koz li pat la jodia?eske li santi yap trayi pèp la?
Eske lap jwenn menas pou dosye lap trete yo?
Eske li malad?
Eske gen yon bagay ki pa mache pou me Caleb JEAN-BAPTISTE?
Kèt militan nou te wè delma ,lali ak channmas la,ki toujou nan mouvman yo,
Di nou yo pa nan pyès mouvman an ayiti san Avoka yo ki se me Caleb JEAN-BAPTISTE,se li menm ki toujou lage yo.
Se si yo arete yo,kiyès ki pral lage yo.
Lè nou eseye rele me Caleb JEAN-BAPTISTE,nou jwenn li,li di nou,li byen,lap prepare yon egzamen,li di nou pa gen anyen ki mal.
Li sèlman pat deside nan mouvman Jodia,li di nou si gen yon bagay aprè lap fè nou konnen.
Mwen te eseye rele Louckner DESIR sou telefòn ayiti li nou pat jwenn li.
Madanm Rebecca POTO,di nou, li menm li pa gen misyon poul pale moman sa,li pat nan mouvman li pat santi li te byen.

Nou ka konkli Jodia se yon echèk total pou nouvo pati politik konviksyon pou chanjman paske menm yon manm nan manifestan yo pat rive devan VILA DAKÈY.
# Enfo TV.

09/12/2025

FLASH! Pierre Ésperance pran Cho
Jounalis Esaï César Alyas (Ti Jan) rele Pierre Esperance Lajistis pou DIFAMASYON. Jounalis la ansanm ak avoka l Mèt Caleb fè konnen pa gen wout pa bwa, fòk responsab dwa moun lan vin bay lajistis prèv li se alye BANDl. Daprè Esaï ak Mèt Caleb, li tap twò fasil pou yo kite Pierre Esperance kontinye detwi moun nan peyi a ak manti lap fè yo 😳😳😳.

08/12/2025

Se fini Pou Ansyen senatè Moïse Jean-Charles AK Betty Lamy 🙄🙄🙄Mèt Caleb Jean Batispe fini ak karyè avoka mèt Detounel nan tribinal premye enstans pòtoprens jodi lendi 8desanm nan.

07/12/2025

Flash:Pou 12 lane ASCP ( Ajan sante kominotè Polivalan)voye gwo mesaj bay Minis sante a 👇.

Flash:Ayiti -Fòmasyon pwofesyonelNan okasyon fèt de nesans PDG lekòl EPPFH Nicolas SHÉLOMITHE, inogire 3ème espas li nan...
01/12/2025

Flash:Ayiti -Fòmasyon pwofesyonel
Nan okasyon fèt de nesans PDG lekòl EPPFH Nicolas SHÉLOMITHE, inogire 3ème espas li nan kapital peyia pou lekòl sekouris,plis pase yon 50tèn jèn benefisye 2 jou fòmasyon de lansman ofisyèl nouvo espas lekòl sekouris la nan delma 95 jakè Toto .

29/11/2025

Reprezantan 100% dyaspora an Ayiti Jacques Garry pat mete dlo nan bouch Li Poul pale AK KPT a ansanm K tout gouvèdman Alix Didier Fils-Aimé ki fin dechèpiye bwat Leta yo.

Sa merite yon gwo bravo👏👏konpayi Natcom remèt yon chèk 13milyon goud ak komite nòmalizasyon Federasyon foutbòl ayisyèn n...
26/11/2025

Sa merite yon gwo bravo👏👏
konpayi Natcom remèt yon chèk 13milyon goud ak komite nòmalizasyon Federasyon foutbòl ayisyèn nan jodi mèkredi 26novanm 2025 yon manyè pou ede grenadye nou yo prepare match amikal yo pou mondyal la.

Konpayi a fè konnen lap kontinye akonpanye grenadye yo jiskobou pakou a.

21/11/2025

Pou 14 Lane egzistans Natcom nan peyi dayiti plizyè moun kòmanse benefisye gras AK 👏👏👏.

Flash!!!Haïti-SPORT:Haïti qualifiée pour le Mondial 2026 : la Natcom octroie 13 millions de gourdes à la Sélection natio...
19/11/2025

Flash!!!Haïti-SPORT:
Haïti qualifiée pour le Mondial 2026 : la Natcom octroie 13 millions de gourdes à la Sélection nationale

La National Telecom S.A. (Natcom) a réaffirmé son engagement envers le sport haïtien et les symboles de fierté nationale. Moins de vingt-quatre heures après la victoire historique des Grenadiers contre le Nicaragua, qualificative pour la Coupe du monde 2026, l'opérateur télécoms a annoncé une contribution exceptionnelle de 13 millions de gourdes en faveur de la sélection nationale.

Pour la Direction General de la Natcom, ce geste vise à soutenir joueurs et staff technique, tout en saluant l'élan d'optimisme et d'unité insufflé au pays. « Natcom est pour Haïti. Tout ce qui fait la fierté des Haïtiens fait notre fierté », a déclaré Monsieur Nguyen Huy Dzung, Directeur General de la Natcom, soulignant la portée nationale de cette victoire qui dépasse le cadre sportif.

Des démarches sont engagées avec la Fédération haïtienne de football (FHF) pour assurer une transmission efficiente du don, destiné à préparer optimalement les Grenadiers pour la phase finale.

Le 18 novembre 2025 s'inscrira dans la mémoire collective. Alors que le pays commémorait le 222e anniversaire de Vertières dans un climat de tensions, la sélection haïtienne a offert un moment d'unité et de fierté en dominant le Nicaragua, décrochant ainsi sa première qualification mondiale depuis la mémorable participation de 1974.

Cette performance a généré un enthousiasme généralisé à travers le territoire et la diaspora. Le soutien de Natcom s'inscrit dans cet élan national unificateur qui replace le football au cœur de l'identité haïtienne.

Par ce geste, la Natcom entend accompagner les Grenadiers dans cette aventure historique et contribuer à écrire une nouvelle page du sport haïtien."
Lakay Enfo TV.

Flash! Byen bonè dimanch maten 16 novanm lan blòk Delma 29 yo al leve moun, Lapolis te sou men l, 2 malfèktè al jwenn ba...
16/11/2025

Flash! Byen bonè dimanch maten 16 novanm lan blòk Delma 29 yo al leve moun, Lapolis te sou men l, 2 malfèktè al jwenn bawon epi 2 manch sa yo rekipere plis radyo komikasyon…M ap gade imaj yo sadik wi, jenn gason wi. Pòtoprens pyeje anpil wi… anpil jenn ou pa ta panse nan g@ng wi epi yo tèlman alèz yo pa mete gagoul ankò non!
# Enfo TV

Flash! Nèg kwadèboukè yo ap fè gwo tantativ nan moman an pou anvayi taba 27,anpil moun pran bal mawon nan taba 27 la,gen...
12/11/2025

Flash! Nèg kwadèboukè yo ap fè gwo tantativ nan moman an pou anvayi taba 27,anpil moun pran bal mawon nan taba 27 la,genyen yo kouri lopital ak yo an ijans.
Tout moun taba 27 fèmen anndan lakay yo nan moman an rive jis bò inibank kafou fleryo a. Enfòmasyon nou rive jwenn fè nou konnen lapolis te gen plizyè blennde epi yon anjen lou sa nou rele"Satan" yo ta pral kraze kèk kay kwadèboukè pou rive bò biznis Apaid la men nèg plip plip yo te gentan okouran yo vin pran polisye yo depi nan wout.

Moun ki gen moun ki t ap fè wout sa kouri nan lopital Sans frontières taba a paske anpil moun pran bal.

Madi 11 novanm 2025
# Enfo TV

Adresse

Delmas

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque LAKAY ENFO TV publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager