28/03/2026
Non pam se Augustin Ngawang ,mwen fèt 2 juin 2003 ,Chevo dè klòch komin senmak, mwen se premye pitit manmanm ak papam ,mwen pa fèt nan yon fanmi kretyèn, men mwen leve nan yon fanmi kretyèn. Mwen poko marye
Mwen fè etid prim m ni segondèm nan ( Institution Mixte Toussaint Louverture Pivert) .
Mwen fè technique d'emballage, mwen se anseyan e Styliste .
Mwen kòmanse chante depi lèm te gen 10 zan , mwen pase nan 11 gwoup ak koral ,map site kèk .
* Group Zamar
* Vision Céleste
* Mélodie Groupe
* Chorale Gospel Holy voice .
Men pou moman yo, mwen chante nan Mélodie Groupe ak Holy Voice
Group preferem se
* Mélodie Groupe.
Atis preferem se
* Delly Benson
* Salomon Lira Salil
* Stéphanie St Surin
Koral preferem se
* Chorale DEG Haiti
* Holy Voice
Mwen chante nan anpil aktivite legliz nan vil senmak, mw te patisipe nan yon konkou ,menm pat arive chanpyon ,mwen se dezyèm Lid prensipal Mélodie Groupe , Gen yon pwojè ke m patisipe li nan stidyo, nou gen poun tandel nan yon ti tan , e nap travay sou kèk lòt pwojè toujou .
Konsèy mw pou nou
Ou menm ki gen talan ki ka fè yon bagay ,pa neglije sa ,travay sou tèt ou chak jou , kwè nan tèt ou, e m panse wap rive kotew vle a, e pa janm sispann priye, paske w paka rive San èd Être suprême lan .
Jezi renmen nou anpil.
Levanjil Tout Kote yon Flanbo nan Milye Evanjelik.