
12/10/2025
-NAN NOUVO AYITI A-
Fòs legal ki rekonèt pa Leta sipoze mande ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide pou vin reponn kesyon devan Jistis Ayisyèn sou koze ensekirite peyi Ayiti a, e pou bay esplikasyon klè sou lanmò polisyè Marie Christine Jeune, yon sitwayèn ki te pase de vi a lanmò nan batay pou prensip, diyite ak respè pou lalwa.
📜 Istwa Marie Christine Jeune
Marie Christine Jeune te fè pati premye klas fanm nan Polis Nasyonal d’Ayiti (PNH). Li te youn nan premye fanm ki te antre nan fòs polis la nan ane 1990 yo, yon epòk difisil kote bandi te gen anpil pouvwa nan katye popilè yo.
Nan yon rankont piblik nan Cité Soleil, prezidan Aristide te mande polis yo fè lapè ak yon chèf gang ame (yon gwoup ki rele Armée Rouge), atravè yon jès “serre men” ant polisye ak bandi yo.
Marie Christine Jeune te kanpe dwat, avèk diyite, epi li te reponn devan prezidan:
« La Constitution m’interdit de serrer les mains d’un bandit armé. S’ils remettent leurs armes à la police je ferai la paix avec eux, Président. »
Li t ap defann prensip lalwa, diyite polis nasyonal la ak sekirite sitwayen yo. Apre kèk jou sèlman, yo te kidnape, vyole, bat, epi touye li nan yon fason ki mechan anpil. Kò li te jwenn nan mwa mas 1996.
Jiska jounen jodi a, okenn moun pa janm kondane pou krim sa. Dapre plizyè òganizasyon dwa moun tankou Human Rights Watch, dosye sa rete yon egzanp krim politik ki pa janm jwenn jistis an Ayiti.
⚖️ -NAN NOUVO AYIYI A.
–Limyè sipoze fèt sou lanmò Marie Christine Jeune.
– Fè ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide reponn kesyon devan lajistis sou politik li te mennen ki te rann gang yo pi fò.
– Ranfòse endepandans PNH ak jistis peyi a pou memwa li pa gaspiye.
✊🏾 -NAN NOUVO AYITI A-
vrè lapè pa kapab fèt san Jistis ak Verite.
🕊️ Onè ak respè pou Marie Christine Jeune — yon senbòl kouraj ak entegrite nan polis ayisyèn lan.