25/10/2025
Jovenel Moïse pat janm yon bon Prezidan daprè anpil Ayisyen❌
Ok avanw li tout pòs la Banm fèw konnen paj sa pap fè promosyon pou okenn pati politik ni pou okenn prezidan men li nesesè pou nou fon ti deba sou lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse ki asasine lakay li.
Jan anpil moun konn sa se Ansyen prezidan “Michel Joseph Martelly” ki tal chache ansyen prezidan peyi Ayiti a “Jovenel Moïse” nan kòmansman manda ansyen prezidan “Jovenel Moïse” la nou ka remake se pat li ki tap dirije peyi a vrèman paske tout sa yo dil poul fè li fèl se tankou son jwèt pandan pèp la te nan soufrans vrèman .
men si nap byen analiz nap wè ke li pat gen chwa ke fè tout sa yo dil fè paske se nèg boujwa yo ki finanse eleksyonl el te nan mitan nèg yo paske se ansyen Prezidan “Michel Joseph Martelly” ki te vin avèl se menm nèg yo.
Jovenel Moïse vin konprann jwèt la el te vin deside koupe anpil kontra el te vle chanje anpil bagay paskel te vin wè se twòp a tò paske nèg yo fèl maltrete pèp la anpil li wè se li ki prezidan.
prezidan “Jovenel Moïse” fè anpil travay nan peyi a wout gen kèk provens kite kòmanse gen ti Kouran epi li te fokus sou agrikilti peyi a tou anpil men sa pat anpeche boujwa yo depanse lajan ankò pou finanse manifestasyon epi epi mandel poul kite pouvwa a paske li te vin pat an favè nèg yo kite edel pran pouvwa a.
Malerezman se aprè lanmò Jovenel Moïse anpil moun pral dekouvri tout sa Jovenel te fè ke anpil Jounalis pat janm pale yo te plis moutrew ke “Jovenel Moïse” patap regle anyen pou peyi a men aprè lanmòl peyi a vin pi mal ke sa men sa Pa di pèp la anyen e pèp la tande tout bri yo tout akize yo nan lanmò a men yo pa janm di sa pa sipoze fèt kit ou pat renmen “Jovenel Moïse” menw dwe konprann ke yon Prezidan yon peyi pa sipoze mouri konsa anndan chanm lakay li epi nan peyi fasil konsa.
Ou panse si yon Prezidan pat bon pou bon pou Ayiti yo tap touyel?
Ou panse si Prezidan Jovenel Moïse te rete anba nèg yo yo tap dakò lanmòl?
Ou panse si pèp la te konprann Jovenel Moïse nan fen mandal la li tap mouri?
#