04/06/2026
Patrice Dumont se yon senbòl respè.
Nan yon sosyete tankou pa nou an, lè entolerans prèske tounen prensip lavi anpil moun, nou pa t'ap kapab gen lòt rezilta pase sa n'ap swiv k'ap pase sou rezo sosyal yo.
Chak moun gen libète pou eksprime opinyon yo sou yon sijè kèlkonk. Sa ka rive yon moun gen yon opinyon swa ki totalman kontrè oubyen ki gen kèk nyans. Men sa pa bay ni youn ni lòt dwa pouw eseye atake moun nan pèsonalitel.
Yon pèsonalite tankou ansyen senatè Patrice Dumont se yon senbòl respè ak entegrite anndan sosyete ayisyèn nan. Yon patriyòt, Yon moun ki konsakre tout vil pou fòme moun nan domèn li évolye yo, swa kòm pwofesè lekòl, kòm antrenè foutbòl, kwonikè spòtif poum site sa yo sèlman. Nou pa janm tande non Pépé nan okenn skandal nan peyia. Anpil nèg ak fanm gen grès lajan ONA, APN, AAN..., k'ap koule bò bouch yo. Men jamè non Pépé Dumont pa janm site nan okenn voksal.
Se ak anpil konstènasyon m'ap swiv kèk ( moun) deside pou yo atake kwonikè Patrice Dumont ( Pépé ) pou yon opinyon li emèt sou youn nan jwè seleksyon nasyonal la. Sak pi tris la, anpil nan yo kreye yon paj Facebook oubyen yon chanèl youtube men yo pa janm gen okenn kontni ke yo menm yo kreye kote y'ap emèt opinyon pa yo. 100% piblikasyon yo fè se kontni lòt moun yo modifye epi yo toujou akonpanyel ak fraz sa: Men sa (entèl ) di.
Pyès moun pa janm konn opinyon yo sou okenn sijè, men yo anba tout pòs ap joure.
Pépé Dumont, Dadou, Philippe Vorbe, Roro, poum site sa yo sèlman, se modèl pifò moun k'ap pale spò nan peyia. Si yon moun ap palé spò an Ayiti jodia diw li pat janm konn tande moun sa yo, konnen se yon blofè ak gran B.
Mezanmi ann pratike tolerans ak respè youn pou lòt. Si non n'ap antere tèt nou tou vivan anba labou.
Emmanuel Alerte ( pitit soyèt)
Pou Citadelle Tv News
Jean Pierre Etienne Radio Télé Métronome AyiboSport