2BFM L'actualité minute par minute d'Haïti et du monde entier.

Le meilleur de l'actualité nationale et internationale, du sport ,de la politique et du divertissement.

2BFM /Lionel Messi a mis un terme à sa carrière internationale avec l'Albiceleste. C'est un tournant pour le football ar...
31/08/2026

2BFM /Lionel Messi a mis un terme à sa carrière internationale avec l'Albiceleste. C'est un tournant pour le football argentin, qui ne comptera plus dans ses rangs ce joueur considéré comme l'un des meilleurs de tous les temps.

31/08/2026

2BFM / Ansyen prezidan repiblik la , Michel Joseph Martelly, te fè deplasman pou al enskri antanke elektè sou lis vot KEP a. Ansyen chef leta a anrejistre nan yon nan komin Petyonvil, li te akonpanye de avokal Me Mario Delcy ki profite anrejistre tou.

25/08/2026

2BFM / estime Sendomeng (RD) ta dwe anvayi Ayiti paske se li menm ki touprè nou la, sou motif ke "Ayiti" reprezante yon menas imedya pou yo parapò ak masak kap fèt nan peyi a kote nan Kenskof plis 47 moun sot pèdi lavi yo.

20/08/2026

2BFM / 161 Ayisyen depòte soti Ozetazini te rive nan yon vòl rapatriman nan Ayewopò Entènasyonal Kap-Ayisyenan jodi 20 dawout la. Pami yo, yon sitwayen ki fè konnen fanmil te ale lotbò a avel lel te gen 5 lane li pase 19 lane nan prizon Etazini.

2BFM / 6 kandida Ameriken-Ayisyen🇺🇸🇭🇹 pèdi elekyon primè yo nan eta florid , 4 pou kongrè a e 2 pou gouvènè eta a , pami...
20/08/2026

2BFM / 6 kandida Ameriken-Ayisyen🇺🇸🇭🇹 pèdi elekyon primè yo nan eta florid , 4 pou kongrè a e 2 pou gouvènè eta a , pami yo Rod Joseph.

Yè 18 dawout la , te gen elekyon primè nan eta florid (rebliken ak demokrat) pou tante rache plas yo nan elekyon kap vini an novanm yo pou kongrè ak gouvènè eta a.

Nan 20èm distrik chanm reprezantan an nan Florid, ansyen depite Ameriken-Ayisyen Sheila Cherfilus-McCormick resevwa 9.2% pou primè demokrat la , aloske Rod Joseph resevwa 20.47% nan primè Repibliken an. Tou 2 pèdi plas yo pou ta ale nan kous elektoral la, pou demokrat ak repibliken.

Nan 24em distrik la, 2 kandida Ameriken-Ayisyen te nan kous primè demokrat la. Rudolf "Rudy" Moïse resevwa 7.59% vwa, aloske ansyen komisè KONTE Miami-Dade la Jean Monstime resevwa 5.31% vwa.

Pou primè gouvènè a eta florid la gen 2 lot Ameriken-Ayisyen ki echwe nan kous primè a. Dotie Joseph (depite sòtan eta florid) li resevwa 9.59% vot nan primè demokrat la, Caneste Succe resevwa 0.37% primè Repibliken an.

19/08/2026

Kerline Jean mouri anba vyolans mari l
Li kite pitit li dèyè, timoun yo poko menm genyen 10 lane sou tèt yo. Yo viv dram lan. E yo wè tout san madanm lan sou tout pòt kay la.

Quel drame ! Ce sont des enfants traumatisés à vie. Hélas

Mesye a, ki touye l la, te genyen restraining order. Sa vle di otorite nan peyi Kanada te gentan di l pinga li pase pre fi a.
Vwazen esplike depi kèk jou yo wè misye ap fè monte desann nan zòn lan, se tankou l ap chèche pran kontwòl espas la.

Nou voye kondoleyans nou bay fanmiy lan....

18/08/2026

2BFM /Otorite nan peyi Kénya arete yon sitwayen Nigérian nan yon apatman luxueux nan kapital la Nairobi, endividi sa ta fè tèt li pase pou yon "blak ameriken" epi li rakontre e kouche anpil fanm Kényane.

18/08/2026

2BFM / Bon rekòt kafe Melchie 🎈🥳🎆🇭🇹

15/08/2026

2BFM / ICE kontinye ap arete Ayisyen nan diferan vil Ozetazini, sa ki lage anpil fanmi nan enkyetid aprè lafen Estati Proteksyon Tanporè (TPS ) ki te pèmèt plis 350.000 ladan yo viv e travay legalman kay Tonton Sam.

2BFM / FBI arete majistra vil Lawrence/ Massachusetts la "Brian DePeña" , se yon demokrat ki te pran nesans an Repiblik ...
15/08/2026

2BFM / FBI arete majistra vil Lawrence/ Massachusetts la "Brian DePeña" , se yon demokrat ki te pran nesans an Repiblik Dominikèn.

Jodi a, FBI arete Majistra Brian Depena paske li te pwofite de kriz sanitè a Kovid-19 la pou detounen lajan piblik ki te destine pou sipòte biznis yo pandan pandemi an.

Li akize nan detounen 1.5 milyon dola nan prè ki te destine pou ti biznis yo ke li te itilize kòm yon "kès nwa" pou peye taks pèsonèl li, finanse kanpay elektoral li, epi ranbouse dèt nan wotè 883,000 dola nan ipotèk ki gen gwo enterè sou plizyè pwopriyete li posede.

Ted E. Docks, Ajan Espesyal ki Anchaj Divizyon Boston FBI a, deklare : Lajans sa a se te yon asistans finansye ijans ki te destine pou ede ti biznis ki an difikilte yo, se pat yon ATM pèsonèl pou Mesye Depena. Lè fonksyonè eli yo mal itilize lajan federal detounen yo pou benefis pèsonèl, yo trayi konfyans elektè yo epi yo vyole lalwa. Avèk patnè nou yo, FBI a ap kontinye pouswiv san pran souf nenpòt moun ki twonpe gouvènman federal la.

Adresse

Delmas
Delmas
6110

Téléphone

+50939024547

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque 2BFM publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à 2BFM:

Raccourcis

Partager