17/10/2023                                                                            
                                    
                                                                            
                                            Nou fete LANMÒ Desalin men nou pa fete LAVI l! 
Se toujou yon katchaboumbe lè w pa ka jwenn yon adjektif pou pale de kalite Potorik Gason sa a! Yon limyè pou tout kontinan Amerik la ,ki menm travèse lòt bò dlo pou kase chenn esklavaj , Yon Non ki toujou ki te yon gou anmè kou fyèl nan bouch kèk blan je vèt .
Yon non ki ekri listwa ak kouray li ,ki travèse epòk , yon non jou n ta gen chans konn definisyon li , n ap ka vanse! 
Nan peyi isit yo aprann nou fete lanmò l , poutan se lavi l n ap chèche konnen? Kote l te jwenn fòs sa yo? Kisa li te genyen pou nou tout bon ? Kisa li pa t gentan di nou? Kisa nou ka kopye de li? Ki jan nou ka viv ak rèv li yo? Kouman nou ka fè l viv nan kò nou chak? Konsa nou ta va montre l se pa lanmò a ki entèrese nou , se pa lanmò a ki fè l tounen Ewo menm jan li ye nan koutim nou pa bò isit men se lavi l , n ap chèche file nan je zegwiy . 
« Aprè tout sa m sot fè nan Sid Peyi a , si sitwayen nan zòn sa pa ta leve kont mwen , se paske yo pa moun »  Pawòl Papa Nasyon an , n ap mete l an ( Apposition)  ak Fraz sila a «  Pou sa Dominiken ap fè Ayisyen Pase, si yo pa ta leve kont yo, se paske yo pa moun »  finalman nou konn rès Istwa Sa k te rive aprè fraz piman bouk sa anperè a te di a , ki donk nou ka chavire enonse a tèt anba pou n sèvi avè l pou kòz pa nou jounen jodi . 
Jodi a fè 217 lane depi Papa Nasyon an te fè vwal pou peyi san Chapo , 217 lane depi n ap make Pa sou plas nan lespri nou ,217 lane depi N ap benyen nan pwòp san nou , depi n ap chèche limyè sa a , poutan nou fin etenn li ,217 lane depi Peyi a toutouni , depi Lakou sa pa gen Granmoun , se sa ki lakoz kabrit tomazo antre vin fè sa yo vle , epi sòti kite pòtay la gran louvri, moun nan Gran chimen k ap pase wè tout fetay kay la .
“Nou oze pou nou lib, se pou nou oze pou nou lib pou tèt nou ak pwòp tèt nou” pawòl Papa Nasyon an, ki donk se ak kouraj nou n ap ka vanse , n ap ka kontinye lite , paske nou te deja koumanse , nou ka fini . Nou pa dwe gen limit sou bout zile a , nan Peyi a , paske nou lib deja , se nou ki te fè revolisyon , Nou pa moun vini , tè a se Bitasyon pa nou li ye , se byen zansèt yo kite pou nou, nou pa dwe nan boukante kòn pou zago pou li .
Anplis de sa nou ka sèvi ak pawòl Papa Nasyon an , pou kòz pa nou toujou, pou n ka touye Sourit k ap mòde soufle sa yo , konsa nou ta va dòmi anpè, pitit nou ta sispann dòmi douvan pòt Etranje ak kay vwazen , nou ta va lib nan lespri nou.
Dedin Demen An,LLC
[email protected]
Desdunes, Artibonites HT 4440                                        
                                    
                                                                        
                                        
Twitter: 
Instagram: 
Youtube: Dedin Demen