Symbreux Info TV

Symbreux Info TV N'ap baw enfo a san fòs kote, nou se transparans lan.

 -  J-3Jodya nou vin prezante w      , Milot . Lite konstwi an 1810-1813, an 1842 yon gwo seyiz ou tranbleman tè kraze p...
15/02/2024

- J-3
Jodya nou vin prezante w , Milot .

Lite konstwi an 1810-1813, an 1842 yon gwo seyiz ou tranbleman tè kraze palè a.

'w

- se yon chato ki sitiye Milot, Ayiti, depatman nò ,li gen yon ventèn kilomèt avek kap ayisyen .
Se ansyen rezidans prensipal .

Pa pase sanw pa swiv paj la pou jwenn tout nouvèl piblikasyon nou yo.

 -  J-2Nou vin prezantew    ***e, ki twouve li nan komin   3e seksyon kominal  . 'w     .Nan tan lakoloni    ***e se la ...
11/02/2024

- J-2
Nou vin prezantew ***e, ki twouve li nan komin 3e seksyon kominal .

'w .

Nan tan lakoloni ***e se la yo te konn fè mache esklav, savledi vann epi achte.

Pa pase sanw pa swiv paj la pou jwenn tout nouvèl piblikasyon nou yo. Mèsi

 Jodya Nap fè yon ti pronmennen nan Yon Komin ki nan depatman Nò a, ki rele  , Li gen yon sipèfisi de 121 km2 ,e li gen ...
10/02/2024



Jodya Nap fè yon ti pronmennen nan Yon Komin ki nan depatman Nò a, ki rele , Li gen yon sipèfisi de 121 km2 ,e li gen 5 seksyon kominal ki se brostaj ,basen kayman, matadò, lagiy, epi oditrou.

premye kolon fransè kite vizite Dondon se te André Minguet an 1698, se la gouvènè Dalò Jean Baptiste du casse pral bay Minguet ti bout tè Sa pou l gade zannimo l. Nan lane 1727 yo pral mete legliz dondon nan ran pawas, li gen sen patronl se Saint Martin ki fete chak 10 ak 11 novanm.

Dondon gen anpil potansyel nan zafè agricol tankou yanm, bannann, pwa, mayi, elatriye.
Men pi gro koze a menm, se nan zafè kafe, dayè premye eksperyans nan kesyon Gran plantasyon sou zafè kafe nan tan koloni te fèt nan komin Dondon, se la premye koperatif kafe pral pran nesans nan dondon 1955, Ki se koperatif Gabart levaillant apre sa 2 lot anko pral pran nesans ki se Vincent ogé ak kapwa lamò.

Lòt pi gro potansyel dondon gen ankò se nan zafè touristik. Dondon se yonn nan Kote an ayiti ki gen plis espas moun ka vizite sitou nan kesyon gròt.
Pou sel dondon Yo jwenn plis ke 10 gròt San konte lot espas moun ka vizite, Kote ki popilè moun plis konnen se gròt Minguet ki se yon espas a la fwa mistik epi mitik. Mitik se paske se la tayno yo te konn vin fè pèlerinaj chak soltis dete 21 jen, epitou se la Minguet te pase premye Vèy de nwit li. Lòt Kote Nou ka site, Nou ka pale de Ramye, nan Michel 1 ak 2 , Gran gouf, lapòt Sen Jak, Kadelia, Marc Antoine, Gròt des dames, St Martin elatriye.

Plizyè gro pèsonalite Pran Nesans nan Komin dondon tankou: , pi jèn ofisye lame endijèn san Nou pa bliye anpil lot moun tankou , Ansyen Chantè Tropicana Nou pa detounenw, yon démon nan zafè chante lanmou, ansyen chantè Septen, Agwobatè Tropic, Rose claudelle Daniel, Le Grand vénérable international , (Cow-boy) Basis Septen Karlin Georges Le Pont Marcellus Djephly , Jean Emmanuel Lindor , Symbreux Garvinx ...

Pa pase sanw pa swiv paj la pou jwenn tout nouvèl piblikasyon nou yo. Mèsi

Jodya se yon jou espesyal pou yon moun espesyal, Karlin Georges Le Pont , yon lidè , yon bon vye zanmi, yon konbatan, na...
08/01/2024

Jodya se yon jou espesyal pou yon moun espesyal, Karlin Georges Le Pont , yon lidè , yon bon vye zanmi, yon konbatan, nan gran jou espesyal sa a mwen prete vwa tout moun espesyalman tout followers Dondon Avant Tout yo pou diw jwaye anivèsè, swete w kontinye rèv ou pozitivman pou lòt ayiti nou reve a devni reyèl.

Boule jou'w granmou'n 🎂🎂🍰🍹🍾🍺

Lè yon gran ap fete pami nou, nou dwe retire chapo nou pou'n montre kantite respè ke'n genyen anvè moun sa. Edny Pierre,...
07/01/2024

Lè yon gran ap fete pami nou, nou dwe retire chapo nou pou'n montre kantite respè ke'n genyen anvè moun sa. Edny Pierre, Se te yon jou konsa bondye te deside kreye yon être imen, li pa pafè men atravè zak li yo li diw men chimen an swiv mwen, nèg syans mou'n nan, nan nom DAT ak nan nom tout popilasyon Dondonèz la nou swete w jwaye anivèsè.
Boule jou'w ak mou'n ki ba ou valè ak respè nègan'm. 🎂🎂🎂🍾🍾🍾🍹🍹

Ede zanmi an rekipere pyès li, nenpòt moun ki tava jwenn pyès sila yo kontakte DAT, oubyen depozel nan komisarya ki pi p...
05/01/2024

Ede zanmi an rekipere pyès li, nenpòt moun ki tava jwenn pyès sila yo kontakte DAT, oubyen depozel nan komisarya ki pi pre w la. yon rekonpans deja ap tann ou. Mèsi

05/01/2024

Kòmanse karese pwojè w la , panse a li nwit ak jou pou lè mwayen w bezwen an tonbe pou konnen kote pou kòmanse ak kote wap fini.
Lavi pa fè kado se byen jwe pou genyen✅️

04/01/2024

Fyè de tèt ou, fyè de kotew soti.

Elektrisite Dondon,Nòt de presizyon. Nan konfli ki gen ant majistra Ronald ak Majistra Ti Riko kite menm pouse majistra ...
28/08/2023

Elektrisite Dondon,Nòt de presizyon.

Nan konfli ki gen ant majistra Ronald ak Majistra Ti Riko kite menm pouse majistra Ronald chanje kadna baryè a anpil moun tap bay avi pa yo, gen moun ki di majistra gen rezon, gen lòt kap bay majistra Ti Riko rezon menm vin di nou kisa bagay la ye, men se yon ti avangou jis poum poze 2 kan yo.

Map anonse popilasyon Dondonèz la si nou wè prezans Ti riko sou chantye a se pa a tit majistra li sou chantye a pa rapò ak yon lyen amikal li genyen ak Ing. Riterford Augustin ki repwezante enzen kise yon konpayi an espay ki ap egzekite pwojè a, ING a te ka chwazi nenpòt moun kel fè konfyans mete sou chantye a pou sipèvize chantye a pou anka de absans li, m kapab di Rock se yon anplwaye de R4 kise firm ING Riterford kap egzekite kloti a.

Nan sak gen pou wè ak dedwane materyel yo, ING a li menm ki an vakans pou 2 semèn ki pa ayiti konfye Ti Riko papye yo ou di mwens chaje Ti Riko yon misyon pou al ladwann pou dedwane yon kontenè pou mwen monte avèl Dondon, se menm figi a ING a te kapab fè nenpòt moun konfyans poul rann li sèvis la, men sak gen nan sa ING a kise zanmi Ti Riko vle bay ti Riko antanke politisyen yon viziblite, ke si Ronald antanke majistra an fonksyon te gen kontak te kapab benefisye tou.

Mentnan an nou manyen wòl Lameri nan pwojè a, m kapab di lameri pa gen anyen pou wè ak pwojè a, mande Lameri kote biwo ANASE ye li pap konnen, pwojè a gen kòm mèt ouvraj MTPTC ki pase pa EDH ki repwezante pa ANASE, ING Riterford ap fè yon djòb pou ANASE, anpil moun di lè pwojè a fini lameri dwe tann pou lonje kle sistèm nan bay li map di nou Lameri pap jwenn kle, lè pwojè a fini yo pral remèt kle a bay MTPTC/EDH ki gen kòm responsab ANASE, ANASE pral chwazi 2 konpayi, yon konpayi komèsyal ak yon konpayi de pwodiksyon, fòk mwen di nou ni Majistra Ti Riko, ni Majistra Ronald kap batay pou se yo ki gen kontwòl sistèm nan pa nan bon dwa yo paske yo tou 2 pwal nan menm posisyon ak popilasyon an lè pwojè a fini, tout moun pral gen kontè pre peye lakay yo.

Kenbe sa toujou, lòt enfòmasyon yo ap vini.

Garvinx SYMBREUX jounalis

Lameri Dondon nap bezwen ti Baskil sa wi poun ranmase fatra nan vil la pou vil la ret pwòp, menm lè m konnen depi lèl ta...
27/08/2023

Lameri Dondon nap bezwen ti Baskil sa wi poun ranmase fatra nan vil la pou vil la ret pwòp, menm lè m konnen depi lèl tap fonksyone li pat janm osèvis popilasyon an vre, se travay prive li tap fè men kote nou mete l gare a eske se nan garaj nou mete l ?

M konnen nou pral vin dim yo pa peye nou, men tout kòb asenisman kap rantre yo san nou pa fè anyen an te kapab mete ti Baskil sa an mach ui pou desèvi popilasyon an.

M raplem dènyeman m tap pase bò plas la m te wè pòt Lameri ouvè m te di ki mirak sak dwe gen la, yon anplwaye te estomake se aprè map konnen se yon ti monnen yo te voye pou peye anplwaye kòm majistra paka fèl lakay li li te oblije ouvè mèri an pou anplwaye yo vin pran chek yo, apresa l tounen fèmen menm jan.

Dirije se prevwa, si nou dakò yo fè apèl a nou poun repwezante komin nan, misyon pwemye yon majistra se devlòpman kominote a, e nou ki sèvis nou rann Dondon menm ?

26/08/2023

Mesaj de ING. Riterford Augustin a popilasyon Dondonèz la.

Bonjou jounalis Garvinx, koman w ye. M t vrèman apresye travay ak angajman w ou pou kominote a sitou ak sa ki wè ak enstalasyon sistèm solè Dondon an. Semèn sa m pa Ayiti. Mwen an vakans pou 2 semèn, se le m vini travay yo pral redemare aprè otorizasyon kliyan an. Mwen di tout moun Dondon rete tèt frèt men m jan kloti a te byen pase. an nou kontinye sipòte travay la pou tout moun Dondon kapab kontan. Mwen aprann genyen yon lòt kadna nan baryè a, m genyen pou mwen pale ak Majistra Ronald, pou nou ka rezoud sa le m vini oswa avan. An nou tout mete men ansanm pou Dondon.

Nou se DAT
Dondon Avant Tout

Elektrisite Dondon Selon yon source kem ka fè konfyans gen gwo konfli ant la mèri Dondon ak ansyen majistra Ti Riko sou ...
26/08/2023

Elektrisite Dondon

Selon yon source kem ka fè konfyans gen gwo konfli ant la mèri Dondon ak ansyen majistra Ti Riko sou pwojè sistèm nan. Men sa kòmanse depi jou pwemye kontenè materyel yo vini dondon, selon plizyè enfòmasyon yo ta vle fè konnen kontenè a dwedane gras ak prezans Magistrat ti riko ki pat nan komin nan ki tal pase yon ti moman etazini epil tou vini ak kontenè materyel yo li devan kontenè a dèyè do l, men ta sanble la mèri Dondon foure bouch nan bagay la kadna ke ansyen majistra ti riko te mete nan baryè a Ronald Amboise kòm majistra an fonksyon chanje l mete yon lòt. Ki donk sistèm nan gen kontwòl nan moman nap pale la de majistra Ronald Amboise.

Men ki gen anpil danje nan sakap pase la a .

Selon yon lòt source kem kontakte Ing ki sou pwojè a fè konnen li patap travay pou Lameri Dondon se yon djòb lap fè direkteman ak ANASE, lè li aprann ke majistra Ronald chanje kadna a poul mete pal, li fè konnen kontra kel te siyen avèk ANASE a si tout fwa li jwenn difikilte yap peyel tout kòb li epi lap pliye bagaj.

Selon menm source sa li fèm konnen lendi kapab gen prezans lajistis, lapolis ak komisè gouvènman kap vin fè konsta de sak pase a.
Rapò ki pwal drese pral fè konnen ke enjenyè a bezwen travay li pa gen aksè a espas la paske li pa jwenn kle li te mete nan baryè a, yo metel deyò nan espas la.

Afè a swiv...

Map mande popilasyon an pou yo trè vijilan pou politik klanik pafè nou pèdi sistèm nan.

Rete branche sou DAT avèk Garvinx SYMBREUX

Yon pwemye kontenè materyel rive Dondon jodya pou sistèm Elektrik la.
23/08/2023

Yon pwemye kontenè materyel rive Dondon jodya pou sistèm Elektrik la.

La JSD de Dondon de Desamours Schneider  est tombé au score 2 but à 1 yier au parc resigné de barrière-battant face à JB...
21/08/2023

La JSD de Dondon de Desamours Schneider est tombé au score 2 but à 1 yier au parc resigné de barrière-battant face à JBSM de milot .

Yon defèt ke pèsòn pat atann de li men ki pa two deranje non plis pwiske JSD de Dondon deja kalifye pou 8e de final nan poul A.

JSD de Dondon 5e match 10 pts +2
💪3 viktwa
🤝1 match nil
🤦🏿‍♂️1 defèt
🎯6 bi make ⚽⚽⚽⚽⚽⚽⚽
🎯5 bi ankese ⚽⚽⚽⚽⚽

Dondon Avant Tout
DAT INFO+

19/08/2023

Bjr DAT, nap remake mw pa twò entèvni men map swiv, swiv mw ap fèm tande epi konprann anpil bgy, donk dosye kap pale a regade Dondon em deja mennen anpil ankèt de Radyo kominotè a kite rele Radyo nouvèl lune kite gen yon emetè 1000 wat, selon enfòmasyon kem gen lè yo te fenk eseye Radyo a yo te pousel a 400 wat tout pòtoprens te ka branchel li tap jwe sou 98.7 FM , konsa komin nan gade yo pa wè kote radyo a pase, nan epòk la sete majistra Rock Henry Bastien (Ti riko) kite an fonksyon, vin jwenn Heureuse Eugène (milouz) ki pran plas, nan dosye sa tou 2 sitwayen sila yo dwe bay yon esplikasyon trè klè de materyel yo psk Dondon bzw yon Radyo kap kouvri tout peyi a pou fè revandikasyon l yo pase, mwen menm kòm jounalis dosye a pap rete la mwen pwomèt tout moun Dondon ke limyè ap fèt sou dosye sa, ke tout moun yo site non yo vin bay esplikasyon de sa yo konnen sinon kem rejwenn yo pou fè limyè sou dosye Radyo kominotè a.

Mwen pwomèt nou map kontinye mennen ankèt yo, map vini ak tout detay.

Ankèt la ap kontinye.
Mèsi

Garvinx SYMBREUX 📝

Map prezante nou BB DJ BON FLOW de son vrè non Bebeto St Jean. BB DJ BON FLOW  se yon Atis kifè anpil pale de li atravè ...
19/08/2023

Map prezante nou BB DJ BON FLOW de son vrè non Bebeto St Jean.

BB DJ BON FLOW se yon Atis kifè anpil pale de li atravè teks li yo, yonn nan mizik ki tapral pouse moun pi konn Atis la se lèl te fin ekri teks ki titre (mèsi manman) BB DJ BON FLOW kòmanse ekri epi pèfome sou sèn nan lane 2014 , alepòk tout ti jèn te panse arive aktivite festival des grottes anndan komin nan yo te kapab jwenn yon chans pou yo vann talan yo men se pa sa ki prime anndan lide a, de la BB DJ BON FLOW pat janm bese le bra li kontinye talan kel posede a ,BB DJ BON FLOW pèfome nan plizyè gwo pwogram ,li pèfome ak plizyè gran Atis, nasyonal e entènasyonal. BB DJ BON FLOW se yon talan konfime pou komin Dondon.

Mwen kwè si tout bon vre nou vle chanjman nan Dondon fòk nou kòmanse ankadre jèn ak talan yo, fè yo enpe de konfyans si l pat gen yon gwoup moun kite ankadre Fantom, Izolan, Wendy elatriye jodya yo patap rive kote yo ye a.

Ann kòmanse van'n talan lakay nou yo, Ann sipòte BB DJ BON FLOW, Ann fèl wè nou bat bravo pou talan li genyen an poul kontinye travay pi plis toujou.

One love BB DJ BON FLOW .🎤🎼

Dondon Avant Tout

Deklarasyon Karlin Georges Le Pont nan gwoup DAT yon fason pou l remèsye tout moun kite pote solidarite yo bay li 👇Mèsi ...
15/08/2023

Deklarasyon Karlin Georges Le Pont nan gwoup DAT yon fason pou l remèsye tout moun kite pote solidarite yo bay li 👇

Mèsi Dat...Jodia, nèg Dondon nan tout nivo, sivil tankou polisye, nèg nan bouk tankou nèg seksyon montre se lide ak tèt ki mennen mond lan, se pa ni sa ou posede, ni fizik ou.

Mwen te jwenn solidarite tout moun ki panse si yon lòt ka viktim jodia, li ka viktim demen. Gen nèg ki fè tout sa yo kapab pou jwenn misye. Gen neg ki jwenn enfòmasyon enpòtan sou misye avan m e ki pataje yo avèm san mwen pat menm konnen si yo touche de dosye a. Mesyedam, respè pou nou. Polisye Dondon yo, sa ki nan BI ak nan UDMO, monchè jodia nou montre strateji pou arete vakabon se nou ki fè sa.

Misye nan mawon depi aprè sa ki pase a lè li wè li annafè ak yon moun ki pa pè moun e ki konn moun. Misye al sere nan biwo konpayi an ki nan lokal Roi H Christophe, misye pwan travay a 5h45 nan maten nan lè ou paka aretel paske se aprè 6è am ou ka egzekite yon manda, li kite nan aswè nèt lè li konnen moun pap wèl. Nèg Dondon travay pou sa, nou gen moun toupatou. Misye te mawon lakay li, nou gen moun ki kite devan pòt misye 11è, minwi ap bwè tafya paske nan zòn nan gen bar.

Jodia, ak tout inifòm sou li, jij de Paix, nou antre pwan misye an granmoun nan baz li devan ekip li. Mwen pat menm la, men nèg Dondon yo ak lòt zanmi nèg Okap nou gen mete grenn sou yo, yo fouke vakabon an.

Adresse

Dondon

Téléphone

+50947900146

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Symbreux Info TV publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Symbreux Info TV:

Partager