Fond-Des-Blancs News

Fond-Des-Blancs News ???
(1)

Média Social | Broadcasting & Marketing | Promotion & Distribution | Pataj tout sa ki gen rapò ak kilti lakay

Fond des Blancs News se pou ou se pou li ann korel poul grandi❤️

Etzer Vilaire Nouvelle Année Académique 2025-2026 ☑️📌💯🙏🏾
08/10/2025

Etzer Vilaire Nouvelle Année Académique 2025-2026 ☑️📌💯🙏🏾

08/10/2025

Ki Atis ou Djaz nou ta renmen promotè yo mennen ane a pou fèt Patronal la « 3desanm » Senton ✅✔️📌

Perso : Kreyòl la

Salè abit foutbòl nan kèk peyiAbit yo touche diferan salè selon peyi ak lig yo. Men kèk egzanp :🇫🇷 Lafrans – Ligue 1 • S...
07/10/2025

Salè abit foutbòl nan kèk peyi

Abit yo touche diferan salè selon peyi ak lig yo. Men kèk egzanp :

🇫🇷 Lafrans – Ligue 1
• Salè anyèl: 165 000 € brut (≈ 13 750 €/mwa)
• Pati fiks: 7 239 €/mwa
• Prim pa match: 3 375 €

🏴 Angletè – Premier League
• Salè anyèl: 70 000 à 200 000 €
• Salè debaz: 45 000 à 50 000 €
• Prim pa match: 1 400 €

🇪🇸 Espay – La Liga
• Salè anyèl: 278 000 €
• Prim pa match: 6 200 €

🇩🇪 Almay – Bundesliga
• Prim pa match: 3 700 €

🇮🇹 Itali – Serie A
• Prim pa match: 3 500 €

💰 Konkou entènasyonal:
Abit nivo siperyè ka touche plis prim.
Egzanp: nan Koupe Mondyal 2022, abit santral yo te resevwa 70 000 $ pou tout konpetisyon an (≈ 68 000 €).

Mwen pèdi bous mwen ki gen ladan li lisans mwen ak kèk ti monnen, soti bò Lekòl Klasik rive bò Lekòl Egzòd Preskolè.Sa v...
07/10/2025

Mwen pèdi bous mwen ki gen ladan li lisans mwen ak kèk ti monnen, soti bò Lekòl Klasik rive bò Lekòl Egzòd Preskolè.

Sa vrèman enpòtan pou mwen. Si w jwenn li, tanpri kontakte m touswit nan nimewo: 31 77 63 82.

Pou moun ki ede m jwenn li, m ap bay yon rekonesans espesyal 2,500 Gdes.

Tanpri, pataje mesaj sa a ak zanmi, vwazen, ak moun nan zòn nan pou nou ka ede m jwenn bous la.

Mèsi anpil pou solidarite nou 🙏🏽

🚍 Bon nouvèl pou Anse-à-Veau !Komin nan resevwa yon nouvo Bus DIGNITÉ 🚌 ki pral sèvi pou transpòte timoun lekòl yo, sito...
07/10/2025

🚍 Bon nouvèl pou Anse-à-Veau !

Komin nan resevwa yon nouvo Bus DIGNITÉ 🚌 ki pral sèvi pou transpòte timoun lekòl yo, sitou sa ki rete nan zòn rekile yo 👩🏽‍🏫👦🏾.

Inisyativ sa ap pèmèt plis timoun ale lekòl san difikilte e rive al chèche konesans chak jou. 📚

🗣️ NB : Chak komin resevwa yon bus DIGNITÉ !

[Manvi fè post sa yo pou Fondèblan]🫣

Ou konn kibò sa ye ?
06/10/2025

Ou konn kibò sa ye ?

Team Ytcha Champion 2e edisyon KTS !☑️✅💯📌
06/10/2025

Team Ytcha Champion 2e edisyon KTS !
☑️✅💯📌

Fond des Blancs News | Envestigasyon KominotèPlizyè pasyan nan Lopital Sen Bonifas Fondèblan kontinye plenyen sou fason ...
06/10/2025

Fond des Blancs News | Envestigasyon Kominotè

Plizyè pasyan nan Lopital Sen Bonifas Fondèblan kontinye plenyen sou fason yo resevwa akèy nan men kèk anplwaye ki la pou ede yo pandan yo nan soufrans.

Selon temwayaj yo, gen pasyan ki di yo santi yo neglije oswa maltrete pandan yo t ap chèche swen. Sitiyasyon sa soulve anpil kesyon sou jan sèvis la ap fonksyone ak kijan dwa pasyan yo respekte nan enstitisyon sa.

👉🏽 Fond des Blancs News ap kontinye suiv dosye sa pou pote plis detay ak vwa tout moun ki afekte yo.

GRAN FINAL LA RIVE !!!Tout moun fikse sou Mascary, tout batman kè an alèt Apre plizyè semèn konpetisyon, swe, detèminasy...
06/10/2025

GRAN FINAL LA RIVE !!!

Tout moun fikse sou Mascary, tout batman kè an alèt
Apre plizyè semèn konpetisyon, swe, detèminasyon ak pasyon…
2 gwo ekip ap monte sou sèn nan pou batay pou kouwòn nan

💚 FC WEWE 🆚 🖤 T BONE FC
Kiyès k’ap leve bèl koup sa a? 🏆

📅 Samdi 12 Oktòb
🕟 Apati 4:30 apremidi

🎧 DJ Lòm2Dwèt ap mete dife nan anbyans lan
🎶 Jazz Ascenseur - Show Dance - Bann a Pye

🎟️ Antre :
💸 200 HTG an avan
💸 250 HTG nan pòt la

Sa pap yon match sèlman…
Se yon espektak, se yon batay, se yon final pou listwa!

Piga yo rakonte w! 🗣️
Vini viv li ak pwòp je w lè kout siflè final la ap sonnen, sèlman youn ap leve bra l nan syèl la

Final la te cho nèt! 🔥Men kèk foto pou fè w reviv gran Final KTS Yèswa!Chak gòl, chak aksyon, chak emosyon te gen gou vi...
06/10/2025

Final la te cho nèt! 🔥
Men kèk foto pou fè w reviv gran Final KTS Yèswa!
Chak gòl, chak aksyon, chak emosyon te gen gou viktwa ⚽🏆

DJ Luckson ak Mèt Patrick Lundy : De pyès enpòtan pou kominote a!Nan tout sa kap fèt nan Fond-des-Blancs, non DJ Luckson...
06/10/2025

DJ Luckson ak Mèt Patrick Lundy : De pyès enpòtan pou kominote a!

Nan tout sa kap fèt nan Fond-des-Blancs, non DJ Luckson ak Mèt Patrick Lundy toujou parèt kòm de moun ki pote fòs, vizyon ak enèji pozitif pou kominote a.
Travay yo, prezans yo, ak angajman yo fè diferans chak jou. 🙌🏽

Adresse

Ernest GUELO
Fond Des Blancs
HT8311

Téléphone

+50935758908

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Fond-Des-Blancs News publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Fond-Des-Blancs News:

Partager