09/05/2026
Popilasyon Dérac la monte vwa li byen fò pou mande leta ayisyen pran responsabilite li nan dosye pwoteksyon forè ki chita nan espas la. Pou anpil moun nan kominote a, forè sa pa sèlman reprezante kèk pyebwa, men li se yon patrimwàn, yon richès natirèl, yon espas ki sèvi lavi ak avni jenerasyon kap vini yo.
Selon plizyè enfòmasyon ki rive jwenn nou, ta gen yon moun ki anndan DGI ki ap prepare yon plan pou voye ekip pa li nan zòn nan pou fè dechoukay ak mete men sou tè yo. Yon sitiyasyon ki deja soulve gwo kòlè ak enkyetid nan mitan popilasyon an.
Moun Dérac yo fè konnen yo pap rete bra kwaze pandan y ap gade kèk moun vin detwi sèl espas vèt ki rete nan lokalite a. Yo raple depi kèk tan, gen yon seri moun ki toujou ap sèvi ak pouvwa ak relasyon pou mete men sou tè nan diferan zòn, pandan popilasyon an ap sibi konsekans yo chak jou.
“Sa pap pase”, se pawòl ki soti nan bouch plizyè sitwayen nan zòn nan ki di yo pare pou rete mobilize pou pwoteje espas la. Popilasyon an fè konnen forè a pa pou vann, ni pou dechouke pou enterè kèk ti gwoup kap chèche fè lajan sou do kominote a.
Anpil sitwayen denonse tou sa yo rele “plan kache” kèk otorite ak moun ki gen kontak nan sistèm nan ap prepare pou vin fè dezòd nan espas la. Yo di fòk leta konprann byen, lè yo detwi yon forè, se lavi yon kominote y ap detwi tou : dlo ap disparèt, tè ap vin pi pòv, chalè ap ogmante, epi se popilasyon an ki toujou peye konsekans yo.
Popilasyon Dérac la voye yon mesaj klè bay tout moun ki ta gen move entansyon sou espas la : kominote a ap rete vijilan, mobilize, epi pare pou denonse nenpòt mouvman dwòl kap fèt nan dosye sa. Yo mande otorite santral yo pou ouvè je yo sou kestyon an avan sitiyasyon an pran yon lòt dimansyon.
Nan moman kote anpil peyi ap pale de pwoteksyon anviwònman ak reboisement, moun Dérac yo di li pa nòmal pou genyen menm Ayisyen kap itilize pouvwa yo pou vin kraze sa ki rete nan patrimwàn natirèl peyi a.
“Se pa paske nou rete andeyò pou kèk moun panse yo ka fè nenpòt sa yo vle sou tè nou. Gen twòp jwèt koken kap fèt dèyè do pèp la deja. Fwa sa, popilasyon an di li pap dòmi nan dosye sa,” se sa kèk manm nan kominote a fè konnen.
Pou kounye a, tansyon an rete wo nan zòn nan, pandan popilasyon an kontinye siveye tout mouvman ki kapab fèt sou kestyon forè a.
*Journaliste Johnson Difficile*
Vision Info Plus