12/11/2025
BOLIVI Retabli relasyon diplomatik li ak Etazini apre 17 an ripti
Nan dat 8 novanm 2025, nouvo prezidan Bolivi a, Rodrigo Paz, anonse retablisman relasyon diplomatik ant peyi li ak Etazini, ki te koupe depi 2008. Deklarasyon an te fèt nan premye jou li pran pouvwa a, pandan yon rankont avèk Christopher Landau, sekretè deta adjwen ameriken. Toulede peyi yo dakò pou remonte relasyon yo nan nivo anbasadè, yon siy ouvèti diplomatik apre plizyè dizèn ane tansyon.
Rupti sa a te kòmanse lè ansyen prezidan Evo Morales te akize diplomasi ameriken an de konplo ak opozisyon an, sa ki te mennen nan expilsyon anbasadè yo sou toude bò. Avèk Rodrigo Paz, yon lidè sant dwat, Bolivi ap chèche fè yon vire estratejik: soti nan 20 an gouvènman sosyalis ki te izole peyi a sou sèn entènasyonal la, pou antre nan yon faz ouvèti ak koperasyon.
Nan diskou envèsiti li, Paz deklare ke “Bolivi pap janm izole ankò”, e li pwomèt yon politik “kapitalis pou tout moun”, ki baze sou pwodiksyon, kreyasyon travay, ak respè pwopriyete prive. Li anonse rediksyon sibvansyon gaz yo, yon mezi difisil men nesesè pou redrese ekonomi an, ki fè fas ak pi gwo kriz finansye depi 40 ane, ak yon enflasyon ki rive 19 % an oktòb.
Prezidan an vle lanse yon “gouvènman vèt”, ki mete inovasyon, syans, ak pwoteksyon anviwònman nan kè devlopman ekonomik la. Nan moman COP30 sou klima ap fèt nan Belém (Brezil), li afime ke Bolivi pral defann rivyè, forè ak glasyè li yo pandan li ap chèche kwasans dirab.
Prezidans Rodrigo Paz la make tou yon chanjman jenerasyonèl ak ideyolojik: li se pitit ansyen prezidan Jaime Paz Zamora (1989–1993), e li parèt kòm yon lidè modere ki chèche rekonsilyasyon nasyonal ak reyantre Bolivi nan kominote entènasyonal la. Rankont li ak prezidan Chili (Gabriel Boric) ak Ajantin (Javier Milei) montre volonte li pou ranfòse relasyon rejyonal yo tou.
Credi foto: Le Monde