29/07/2025
.............................................................................
𝗧è 𝗻𝗮𝗻 𝗺𝗶𝗹𝘆𝗲 𝗿𝗶𝗿𝗮𝗹 𝘆𝗼 𝗮𝗽 𝗱𝗲𝗸𝗼𝘂𝗿𝗮𝗷𝗲 𝗣𝗲𝘆𝗶𝘇𝗮𝗻 𝘆𝗼.............................................................................
Travay latè nan milye rekile yo te toujou yon gwo kastèt, se pa yon bagay ki date ayè. Poutan peyizan yo te toujou fè li ak anpil angouman epi rigè, nan sousi pou pote satisfaksyon ak bezwen fanmi yo tankou peye lekòl, inivèsite, kay pou pitit yo ki, pafwa konn ap viv nan lòt andwa. Sa fè yon bon bout depi rannman yo prèske pa menmjan, sa ki lakoz anpil nan peyizan prèske abandone egzèsis la, alòske bezwen yo pa sispann ogmante.
𝐊𝐢𝐬𝐚 𝐤𝐢 𝐭𝐚 𝐥𝐚𝐤𝐨𝐳 𝐭è 𝐲𝐨 𝐩𝐚 𝐛𝐚𝐲 𝐦𝐚𝐧𝐣𝐞 𝐦𝐞𝐧𝐦𝐣𝐚𝐧 𝐚𝐧 ?
𝐤𝐢𝐬𝐚 𝐤𝐢 𝐤𝐚 𝐟è𝐭 𝐩𝐨𝐮 𝐚𝐦𝐞𝐥𝐲𝐨𝐫𝐞 𝐬𝐢𝐭𝐲𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐲𝐨 𝐲𝐨𝐧 𝐦𝐚𝐧𝐧𝐲è 𝐩𝐨𝐮 𝐥𝐚𝐭è 𝐫𝐞𝐤ò𝐦𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐭𝐫𝐚𝐯𝐚𝐲 𝐣𝐚𝐧 𝐬𝐚 𝐭𝐞 𝐤𝐨𝐧𝐧 𝐟è𝐭 ?
Poun konprann fè a, n ap pran 2 kad figi. Nan yon premye tan, sezon yo rate, akoz lapli ki pa tonbe. N ap raple nan zòn rekile yo se souvan lapli ki awoze jaden yo kidonk, sandipetèt pa gen sezon si pa gen lapli. Yon lòt bò, lapli a konn tèlman tonbe li detwi jaden yo. Sitou lè jaden an pozisyone nan yon pant. Gen yon twazyèm kad figi ki prezante daprè anpil moun se li menm ki pi grav. Se nan nivo tè yo vin enfètil la, se egzakteman la pi gwo enkyetid la chita.
𝗩𝗶𝘁𝗮𝗹 𝗘𝗱𝗺𝗼𝗻𝗱 ki se yon teknisyen kap travay pou yon òganizasyon agrikòl ki pote non “agriplus”, ki travay nan zafè konsèvasyon ak restorasyon sòl nan milye rekile yo, te fè konnnen ke se metòd moun yo itilize pou travay tè yo, ki rann yo enfètil. Si n ta vle kwè kiltivatè a, se nan fason nou koupe bwa nan tè yo, nan fason nou fè jesyon pay sou yo ak sitou nan fason yo jere mikwo òganis yo, ki rann nap viv sitiyasyon malouk sa yo jodi a.
Yon lòt bò, 𝗚𝗲𝗼𝗿𝗴𝗲𝘀 𝗔𝗻𝗴𝗹𝗮𝗱𝗲 ki se jewograf epi entèlektyèl Ayisyen, nan yon zèv li ki pote non "Atlas Critique d’Haïti" li mete aksan sou degradasyon anviwonnman an Ayiti espesyalman sou debwazman ak eksplwatasyon resous natirèl yo. Li kritike tou fason ekspè entènasyonal yo te apwoche devlopman agrikilti an Ayiti apre Dezyèm Gè Mondyal la. Li te limen pwojektè l sou echèk apwòch sila, li di ki pa t pran an konsiderasyon reyalite ak richès kiltirèl peyizan ayisyen yo. Met sou sa, Anglade te denonse debwazman sistematik lame a te fè pandan peryòd rejim Duvalier a epi dekri kijan brigad debwazman yo te itilize pou koupe pyebwa atravè peyi a, sa ki te mennen nan destriksyon forè ansyen yo. Li kritike tou mank vizyon ak aksyon sa yo ki te mete anviwònman an an danje.
Lòt espesyalis nan zafè agrikilti fè konnen ke tè yo vin paka bay manje pa rapò ak matyè òganik yo ki disparèt ladan yo, men tou pa rapò ak mezi ki pa pran pou konsève tè yo, sitou tè ki pozisyone nan pant yo. Toujou daprè sa yo di, se nan boule pay sou tè yo (sa peyizan yo rele boukan an), koupe pyebwa san kanpe ladan yo, nou rive dezabiye yo jouk yo vin yo paka pwodwi ankò. Yo ale pi lwen pou fè konnen lè nou boule pay sou tè yo, non sèlman nou detwi matyè òganik ki sou tè a men tou nou touye mikwo òganis yo ki, jwe yon wòl enpòtan nan fètilite tè a. lòt bagay lè nou abize koupe bwa nan tè yo, nou pa kite mwayen pou dlo pa bwote tè a, met sou sa nou kwape imidite, lè nou konsidere wòl pyebwa yo jwe nan koze nap freyatik yo, ak s*k dlo, sa ki te ka ede tè a goumen ak peryòd sechrès yo. Met sou sa pyebwa atravè rasin li pwoteje tè a kont ewozyon.
𝘼𝙡ò𝙨 𝙠𝙞𝙨𝙖 𝙠𝙞 𝙠𝙖 𝙛è𝙩 𝙖𝙣𝙣𝙖𝙩𝙖𝙣𝙙𝙖𝙣 𝙥𝙤𝙪 𝙚𝙨𝙚𝙮𝙚 𝙥𝙤𝙩𝙚 𝙮𝙤𝙣 𝙨𝙤𝙡𝙞𝙨𝙮𝙤𝙣 ?
Espesyalis yo mete aksan sou plizyè aspè ki kontribye nan enfètilite tè an Ayiti, Yo pwopoze solisyon tankou agrikilti dirab, rebwazman, itilizasyon konpòs, ak edikasyon peyizan yo pou amelyore fwi tè a.
Youn nan pwoblèm ki prezante sitou nan milye rekile yo se absans moun ki pran fòmasyon oubyen ki gen ekspètiz nan zafè travay latè. Toutfwa kèk pwopozisyon enteresan, se ta rejwenn peyizan yo, akonpanye yo nan ba yo bon jan fòmasyon nesesè, ki pral ede yo chanje fason yo te konn travay tè a, jwenn yon mwayen pou n ede yo restore tè yo pou lavi kapab tounen ladan yo.
Analiz tè yo pwouve ak klè se pwogresivman nou rive detwi tè yo, nan fason nou kiltive yo. Nan kontèks sa a, daprè anpil ekspè nan agrikilti, konsèvasyon ak restorasyon sòl ta sipoze priyorite n, si n anvi wè lavi tounen nan tè yo ankò. Nan ka kontrè, peyizan yo ap kategorikman sispann travay, lè sa n ap rive nan pwen kote nou pral oblije enpòte menm dlo pou nou bwè.
Wismond Monnazard
E-Média