16/07/2024
Sa fè deja twa lane depi pwomosyon sòtan 2023/24 Lise Lamitye Gantye" a paka jwenn pwofèsè. ki dinamis ki mete an plas? Nan ki kondisyon yo pral sibi egzamen bakaloreya sa? Ki atant moun ka genyen sou yo?
Twa lane soufrans, twa lane pwoblèm, twa lane difikilte, twa lane kalamite, twa lane dekourajman nan Lise Gantye a. Se nan eta kritik sa patrimwan nan komin Gantye a twouvel. Sityasyon malouk sila sa rann elèv nouvo segondè kat (4 ) Lise Lamitye Gantye ap pase yon mati. Tèminalis yo pase 3 lane ki, daprè anpil konesè, pi enpòtan nan pakou etid klasik yo, san prezans pwofesè nan klas yo. Melanje ak sa, panik ensekiritè a te lakoz aktivite eskolè a paralize nan bouk la, pandan prèske mwatye peryòd akademik lane 2023/24 la.
Avèk absans anseyan nan klas yo, elèv yo antre yo (pwòp kamarad yo) tounen pijon vwayajè nan chache pen lenstriksyon. Lè nou konsidere kantite tan Lise a fè san prezans pwofesè, mete ak fòs fènwa ki pat deside bay bouk Gantye yon chans, mantalman elèv yo pa prepare pou al sibi egzamen an. sandipetèt konsta sa yo pouve ak klè yon lòt katastwòf pa inevitab.
Pou lane eskolè sila, sou 9 mwa lekòl ministè a te dispoze, elèv yo pa menm wè mwatye ladanl pandan yo pral sibi menm egzamen ak tout moun. Jounen jodi a yo jis ka pale de egzamen se paske Direksyon Lise a gen espri kreyativ. Men si n ta vle reyalis, n ap rann nou kont efò sa yo pa sifi pou yon elèv ki nan klas tèminal.
Nan kèk jou ankò pou pi klè nan debi mwa dawou a, fiti bachelye yo pral sibi eprèv yo, paralèlman se pral moman tou pou yo separe youn ak lòt. Onètman kondisyon yo reyini pou yo echwe pakont antanke liseyen, liseyèn, y ap kabab mize sou efò pèsonèl yo malgre absans pwofesè yo, pou toujou kenbe flanbo a wo.
Pou anpil lòt peyi edikasyon se premye zam pou devlope yon peyi. Ebyen an Ayiti nou gen enpresyon se envès la ki vrè, lè n konprann isit pa gen okenn moun konsène ki pran an chaj degradasyon ki genyen nan sistèm edikatif ayisyen an, depi plis pase 8 a 10 lane.
Bykenley DÉROSEMÉ , RTVIL