Radio Télé Dareus

Radio Télé Dareus Découvrez tous les meilleures musiques du monde sur la Radio Daréus�97.9 fm�
Depuis la ville des GONAÏVES, HAÏTI, Nº 3, Deuxième ruelle Valira, Gatreau

Yon 30 Novanm konsa, menm jan ak jodi a, li te parèt nan mond lan. Fanmi an te akeyi yon ti gason ki t ap make lavi yo s...
30/11/2025

Yon 30 Novanm konsa, menm jan ak jodi a, li te parèt nan mond lan. Fanmi an te akeyi yon ti gason ki t ap make lavi yo san yo pa t menm imajine. Li te grandi nan yon fanmi ki gen plizyè frè ak sè, e li te avan dènye pitit la. Pyès moun pa t janm konn si ti gason sa t ap vini yon atis, men zetwal li te kòmanse briye depi nan lekòl: li t ap chante, li t ap pataje, li t ap ede. Jenerozite, sansiblite ak sajès li te fè anpil moun panse li t ap vin yon atis evanjelik.

Ant 2001–2002, li kòmanse chante lakay li, nan katye a, nan lekòl la. Ti flanm lan vin tounen yon dife, jouk li fòme pwòp gwoup pa li: . Sete sèl atis ki pat gen okenn lòt gwoup oubyen Atis LE Soso anfas li nan kesyon konpetisyon, li pa janm pap bay lòt atis yo lanmou. Chak anivèsè you At is nan vil la li toujou prè poul ba yo lov san ipokrit , li fè yo sipriz, vizite yo, pote kado pou yo.

Pou zafè animatè Radio nan vil Gonayiv Sitou animatè Rap Kreol yo, pat gen okenn atis kite gen kontwole mikwo Animatè yo nan vil la pase .
Safè li konn prèske tout estidyo radio nan vil la.

Li fè anpil feat ak gwo atis nan Pòtoprens, nan vil Sen Mak, Pòdepè, ak vil Gonayiv.
Jodi a, li tounen yon atis entènasyonal, men li toujou rete konekte ak peyi li — espesyalman ak vil li, Gonayiv.
Li pa janm pase 2 lane nan peti etranje san li pa retounen Ayiti (Gonayiv)

Tout kalite sa yo fè nou fyè pou n pale de li, fyè pou n site non li byen fò.
map fè nou konfidans saa, Atis la gen gro sipriz pou fan li yo menm sil pa di nou sa.

Ebyen jodi a se li!

Gonayiv leve vwa nou ansanm pou di:
🎉 Happy Birthday 🎂🎁🍻🍾🥂🍸

Ti lyon tonbe, ak plizyè lot Solda 💯 Jou anba  bal lapolis, la Polis seziBarèt plip-plip la, yon Elikoptè la Polis kwaz ...
14/11/2025

Ti lyon tonbe, ak plizyè lot Solda 💯 Jou anba bal lapolis, la Polis sezi
Barèt plip-plip la, yon Elikoptè la Polis kwaz se bilan batay la Polis ak Gang Lanmò 💯 Joua Jodi Vandredi 14 Novanm 2025 lan.
/ / / se sèl fason ou ka ede nou realize rèv nou Kise 100.000 Abòne.

13/11/2025

Pastè Job avili sou Chè legliz la yon Fidèl li, ki abiye ak bout pantalon fo cheve kal danse bal nan fèt Tènèv ankachèt wap Sezi we bagay saa

13/11/2025

Men vrè rezon ki koz Ayiti nan Sal yea, majorité bwat leta yo konstwi ak twalèt😳 gade video saa wap Sezi wè sa
/ / / se sel fason ou ka ede nou grandi Paj la a 100.000 Abòne.🙏

𝐋𝐀 𝐅𝐈𝐋𝐋𝐄 𝐀̀ 𝐏𝐀𝐏𝐀 Nouvo Feyton an kreyòl Se yon ti istwa n ap renmen anpilKote lanmou papa pou pitit fi li ka koz reyisit...
22/10/2025

𝐋𝐀 𝐅𝐈𝐋𝐋𝐄 𝐀̀ 𝐏𝐀𝐏𝐀
Nouvo Feyton an kreyòl

Se yon ti istwa n ap renmen anpil
Kote lanmou papa pou pitit fi li ka koz reyisit li, konsa tou l ka mennen pitit sa nan echèk li.

Feyton an ap disponib sou chèn Watsap la «Vibration Des Cœurs»
Ak sou Fesbouk «Lander Productions» an

Pandan n ap enjoy «Sèman Anba Lapli ☔»
Nou pral viv yon lòt bèl kout plim nan «La Fille à Papa»

💔💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦SÈMAN ANBA LAPLI ☔Epizòd  #3
15/10/2025

💔💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦
SÈMAN ANBA LAPLI ☔
Epizòd #3

💔💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦
SÈMAN ANBA LAPLI ☔

Epizòd #3
Écrit ✍️ par: Lander
FB: Lander Productions

Tit: Mesaj Élisa a, verite a vin gen plis bri pase loray…
💔💔💔💔💔💔💔💔💔💔💔

«Gen pawòl ki ka sove yon kè, men lè yo rive twò ta, yo vin tounen kouto.»

Menm nan mitan bri gout dlo yo, Nadège te tande pwòp kè li frape tankou tanbou.
Tout kò l vin frèt, men pa lapli a, frèt sa a te soti anndan l.

☔Yon Vwa nan Sware a

Nadège rete gade mesaj la pandan plizyè minit.
Kè l ap bat, dwèt li tranble. Li ekri, li efase, li ekri ankò. Finalman, li voye:

«Ki verite? Ki sa m te dwe konnen?»

Yon ti silans…
Lè sa, yon notifikasyon vibre.
📩 Élisa: «Si w vrèman vle konnen, vini nan Café Horizon, demen a 5è. Pa di pèsonn.»

Li li mesaj la plizyè fwa.
Café Horizon. Se menm kafe kote Kenzo te konn mennen l nan premye mwa lanmou yo, kote li te di l «lapli ap toujou pote chans pou nou.»

Men kounya, menm non sa fè l toudi.
Chak fwa li tande mo “LAPLI”, li santi l pa ka respire.

🌙Yon Nwit San Dòmi

Lannuit tonbe.
Dèfwa Nadège lonje men l sou parapli ble a, epi li rale l tounen, epi l di nan lespri l:

«Si m pote l, se tankou m ap pote doulè m tou…»

Li chita sou kabann nan, k ap gade telefòn li k ap klere sou tab la.
Yon lòt mesaj antre.
📱 Kenzo: «Tanpri pa rankontre Élisa. Mwen pral eksplike w tout bagay demen. Pa fè sa.»

Li tande pawòl sa yo nan tèt li tankou yon chante kase.
Li pa ka konnen kilès pou l kwè.
Kenzo ki t ap kache anpil bagay, oswa Élisa ki vle pale?

Lè loray frape ankò, li fèmen je l, li sonje premye sèman yo anba lapli…

> «M pap janm kite w, menm si tan an ta vin fè griz…»

Li souri ak yon doulè.
— «Ou te kite m depi lontan, Kenzo…»

🌧️Randevou ak Sann

Lè solèy leve, syèl la toujou lou, tankou li t ap pare pou kriye ankò.
Nadège abiye senp, mete yon chapo, epi li pran direksyon Café Horizon.

Nan wout, tout lari mouye, tout moun ap kouri anba parapli yo.
Li menm, li mache san parapli li vle santi lapli a, menm si li fè mal, li espere ke dlo lapli a ap koule al doulè l yo.

Lè li rive, kafe a vid.
Yon fanm chita lwen, tèt bese, yon tas kafe devan li.

Nadège pwoche dousman.
— «Ou se Élisa?»

Fanm nan leve je li. Li bèl, men gen yon tristès pwofon ladan l.
— «Wi… e ou dwe se Nadège.»

Yon silans pase.
Deyò, lapli kòmanse frape sou fenèt yo tankou kè yo t ap danse sou son lapli a.

💌 Verite a kòmanse

Élisa pran yon ti souf.
— «M pa vin fè eskiz pou Kenzo. Mwen vin sove w.»

Nadège fronse sousi.
— «Sove m? Soti nan kisa?»

Élisa lonje telefòn li.
Sou ekran an, gen yon foto Kenzo, ak yon ti fi piti nan bra l.
— «Ti fi sa se pitit li.»

Tout kò Nadège rete figè.
— «Kisa?…»

Élisa kontinye:
— «Mwen pa konn si li te di w ou pa, men Kenzo te deja nan yon relasyon. Fi a mouri pandan akouchman, e depi lè sa, li t ap viv ak kè rache, ak kè koupab… Mwen se sè fi sa.»

Yon silans taye lè a.
Lapli a vin pi fò, tankou syèl la t ap krache yon kòlè.
Nadège pa t kapab pale.
Je l plen dlo.

Élisa pran men li dousman.
— «Mwen konnen ou te renmen l sensèman… men pafwa lanmou pa ka geri kè ki gentan kraze an miyèt moso.»

⚡Retounen Lapli a

Lè Nadège soti nan kafe a, lapli a te gentan tounen pi fò.
Li mache san direksyon, menm jan ak swa kote Kenzo te sispann reponn mesaj li yo.

Chak gout dlo frape figi l tankou repwòch:

«Ou te kwè nan sèman anba lapli… men gade nan kisa dlo lapli pote w ale. Li konpare w ak nenpòt ti dechè dlo k ap desann ap pote ale nan nenpòt vye kanal.»

Men nan fon kè l, li santi yon ti bagay li pa ka esplike:
yon melanj de doulè, pitye, ak yon ti flanm lanmou ki refize etenn.

Nan lespri l, pandan l fèmen je l, li di:
«Men lanmou biza, pou kisa m toujou santi m renmen l?»

Lè li rive lakay, gen yon lòt mesaj sou telefòn li:
📱 Kenzo: «Mwen konnen Élisa te di w anpil bagay. Men li gen yon pati li pa t konnen. Ban m chans pou m eksplike verite a devan je w manmi. Tanpri bb…»

Nadège gade fenèt la. Lapli ap tonbe toujou.
Li pran parapli ble a, li ouvri l, li gade li tankou l te yon bagay ki ka pale, ki ka tande l.

«Ou tande? Menm lè m ta kache anba w, lapli a toujou rive jwenn mwen, chak gout yo fèt tankou yon boul dife…»

Li fèmen je l, epi l di ak yon vwa ki fè bri tankou kè brize:

«Kenzo… dènye fwa w pral pale avè m, se anba lapli n ap fè sa, li te temwen premye rankont nou, li dwe toujou la pou l jije ak ekite.»

💬 Pawòl Moral

«Gen verite ki fèt pou sove nou, men yo rive lè nou deja fin pèdi tèt nou.»

👉 Asuiv...
Epizòd #4 "Sèl Temwen an" ☔🕯️
(Lapli ap tonbe ankò, men fwa sa gen yon moun k ap gade yo san yo pa konnen pandan Kenzo ap eseye rachte l ak yon lòt istwa ki pat janm rakonte…)

🎥se konsa antèman wilford Ferdinand alias tiwil te ye pou matin an
02/10/2025

🎥se konsa antèman wilford Ferdinand alias tiwil te ye pou matin an

Goldy François se non  jèn gason kital nan   bwè   , zòn charèt dezyèm seksyon gaya komin kay jakmel ki   aprè midi lend...
02/09/2025

Goldy François se non jèn gason kital nan bwè , zòn charèt dezyèm seksyon gaya komin kay jakmel ki aprè midi lendi 1er septanm 2025 la🤭Misye telman bwè tafya ak yn Raj🙄malerezman fyel li pete.
Dron Info👉repost

Enfòmasyon dènyè è !!Gonayiv ensekirite!!Krim de San11h 20 Aswè Mekridi 20 Dawout  2025 lan ,Yon Jèn Gason Pèdi lavil an...
21/08/2025

Enfòmasyon dènyè è !!

Gonayiv ensekirite!!
Krim de San

11h 20 Aswè Mekridi 20 Dawout 2025 lan ,Yon Jèn Gason Pèdi lavil anba plizyè Katouch nan Riyèl Ateyaga blòk Pak Vensan !
Daprè sa Moun Zon lan rapòte bay Ajan BI yo ak Jij Daniel Pierre ki deja Sou lye krim lan, se plizyè endividi enkoni abò yon Moto Siklèt ki komet Krim la


/ / / *

21/08/2025
Ouragan Eren li retwograde kategori 3.  Gen kèk niaj ki sòti ladanl sou Nò, Nòdès, Nòdwès !Lapli sou tout peyi a pita ak...
17/08/2025

Ouragan Eren li retwograde kategori 3.
Gen kèk niaj ki sòti ladanl sou Nò, Nòdès, Nòdwès !
Lapli sou tout peyi a pita ak aswè...Source:Chrisnette St George.


/ / /

Gen kèk tan anpil Moun Gonayiv ap Plenyen Paske Chak Aparèy kominikasyon ak Ekipman  Solè yo Achete pa dire pou anpil ta...
17/08/2025

Gen kèk tan anpil Moun Gonayiv ap Plenyen Paske Chak Aparèy kominikasyon ak Ekipman Solè yo Achete pa dire pou anpil tan, yap poze Tet yo Kesyon sa kap pase!

Ebyen Repons lan senp !
se paske'w pat achte ekikman sa yo Nan
ou menm ki bezyen: , , tout Kalite, pou , -Solè, , - Rechajab, , Solè. aaaaas Mwen bliye res yo, paske saa vann Twop Bagay papa al gade Nan Flayè saa wap wè rès Mwen pa site yo.
Sel Sam Sonje Yo pa vann Chè et yo vann bon Ekipman / Aparèy Orijinal.
Moun tout Kote nan Gran Nòa ap Repete yon Sèl Bagay se nan JODACELL map achte aparèy kinanmm lan Poul ka dirèm anpil tan !
epi se Sèl yo menm ki vann pibon Mache !
Siw paka deplase
Rele !
JODACELL
Nan : #40989844/ 46161320

*Adrès la se Ave.des Dattes # 138 bò ONA a*

Adresse

Gonaïves
4110

Téléphone

+50932323374

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Télé Dareus publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Radio Télé Dareus:

Partager