02/11/2025
𝙊̀𝙜𝙖𝙣𝙞𝙯𝙖𝙨𝙮𝙤𝙣 𝘼𝙮𝙞𝙩𝙞 𝘼𝙣’𝙣 𝙁𝙚̀𝙡 𝙤̀𝙜𝙖𝙣𝙞𝙯𝙚 𝙮𝙤𝙣 𝙠𝙡𝙞𝙣𝙞𝙠 𝙢𝙤𝙗𝙞𝙡 𝙙𝙖𝙣𝙩𝙚̀ 𝙣𝙖𝙣 𝙋𝙧𝙖-𝙑𝙞𝙡, 𝙂𝙤𝙣𝙖𝙮𝙞𝙫 𝙥𝙤𝙪 𝙚𝙙𝙚 𝙢𝙤𝙪𝙣 𝙠𝙞 𝙥𝙖 𝙜𝙚𝙣 𝙖𝙠𝙨𝙚̀ 𝙖𝙠 𝙨𝙬𝙚𝙣 𝙨𝙖𝙣𝙩𝙚
𝙍𝙖𝙙𝙞𝙤 𝙆𝙞𝙨𝙨 𝙁𝙈 𝙃𝙖𝙞̈𝙩𝙞, 1𝙚 𝙉𝙤𝙫𝙖𝙣𝙢 2025 ---- Òganizasyon Ayiti An’n Fèl, atravè Depatman Sante ak Gwoupman Fanm li, òganize yon jounen klinik mobil vandredi 31 oktòb la nan lokal Legliz Ministè Rapha, ki chita nan Pra-Vil, Gonayiv, anba direksyon Apôtre Job Fénelon. Aktivite sa te fèt nan objektif pou pote asistans medikal bay moun ki gen pwoblèm nan dan epi ki pa gen mwayen pou jwenn swen dantè regilye.
Daprè doktè Cazales Charlemagne Junior, ki se responsab Depatman Sante òganizasyon an, ak Alisma Anaïka, responsab mouvman fanm nan, inisyativ sa a te fèt pou bay repons ak plizyè demann ki te soti bò kote kominote. Anpil moun nan zòn nan t ap soufri ak pwoblèm dantè pandan plizyè mwa, san yo pa jwenn okenn fòm asistans medikal.
Madam Alisma Anaïka , raple misyon prensipal “Ayiti An’n Fèl” se akonpaye fanmi ak sitwayen ki nan sitiyasyon difisil yo. Dapre li, “𝘯𝘰𝘶 𝘴𝘢𝘯𝘵𝘪 𝘯𝘰𝘶 𝘵𝘦 𝘰𝘣𝘭𝘪𝘫𝘦 𝘳𝘦𝘱𝘰𝘯𝘯 𝘢𝘬 𝘢𝘱𝘦̀𝘭 𝘴𝘢 𝘢 𝘱𝘰𝘶 𝘴𝘰𝘶𝘭𝘢𝘫𝘦 𝘥𝘰𝘶𝘭𝘦̀ 𝘮𝘰𝘶𝘯 𝘺𝘰 𝘦𝘱𝘪 𝘮𝘰𝘯𝘵𝘳𝘦 𝘺𝘰 𝘨𝘦𝘯 𝘮𝘰𝘶𝘯 𝘬𝘪 𝘱𝘢𝘯𝘴𝘦 𝘢𝘬 𝘺𝘰.”
Pandan jounen klinik mobil sa a, ekip medikal la te rive konsilte plis pase 70 moun ki t ap soufri ak pwoblèm nan dan, epi yo te distribye medikaman pou tretman ak prevansyon doulè ak enfeksyon. Sèvis yo te bay e yo te kouvri plizyè fòm swen debaz, tankou netwayaj dan, konsiltasyon prevantif, ak konsèy sou ijyèn oral.
Nan entèvansyon li, Louis star Achille Junior Berril, kowòdonatè jeneral òganizasyon an, anonse Ayiti An’n Fèl pa gen entansyon kanpe la. Li fè konnen ekip la pral retounen nan zòn nan pwochen mwa yo pou kontinye ede lòt moun ki poko jwenn sèvis.
Li ajoute òganizasyon an gen plan pou elaji pwogram klinik mobil la nan lòt komin nan depatman Latibonit, avèk objektif pou ogmante aksè ak swen sante debaz yo, espesyalman nan domèn dantè, pou moun ki pa gen mwayen.
“𝘖𝘣𝘫𝘦𝘬𝘵𝘪𝘧 𝘯𝘰𝘶 𝘴𝘦 𝘱𝘰𝘵𝘦 𝘺𝘰𝘯 𝘵𝘪 𝘬𝘳𝘢𝘴 𝘴𝘢𝘯𝘵𝘦 𝘣𝘢𝘺 𝘴𝘦̀ 𝘢𝘬 𝘧𝘳𝘦̀ 𝘯𝘰𝘶, 𝘬𝘰𝘵𝘦 𝘓𝘦𝘵𝘢 𝘱𝘢 𝘳𝘪𝘷𝘦, ” deklare Louis star Achille Junior Berril.
“Ayiti An’n Fèl” se yon òganizasyon kiltirèl-sosyal ak kominotè ki travay pou amelyore kondisyon lavi sitwayen yo atravè pwojè sante, kilti, edikasyon ak devlopman fanm. Òganizasyon an mete aksan sou solidarite ak sèvis volontè pou bati yon Ayiti ini.