19/08/2026
Madi 18 out 2026, popilasyon Twou Jan-Pyè te reyini an foul pou patisipe nan yon pwosesis kote yo te fè chwa kandida pa yo pou reprezante yo nan Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal (KASEK) nan seksyon kominal Kamat.
Nan okazyon sa a, Kise DORCENAT Edouardo te jwenn konfyans popilasyon an pou reprezante yo.
Rasanbleman an te dewoule nan yon anbyans patisipatif, kote sitwayen yo te pran desizyon sou moun yo vle konfye responsablite pou defann epi reprezante enterè kominote a.