11/04/2026
Yon tèks Sara Semma N'semi
🚨Sou ki baz legliz chwazi 2 dimanch, youn avan dimanch pak ki se dimanch ramo, epi youn aprè pak ke yo rele dimanch kazimodo🤔?
Chak dat sa yo kache yon fenomèn astwonomik👌. Men pou m fè w konprann poukisa legliz chwazi dat sa yo, fòk ou dekonstwi aspè relijye a pou w wè òlòj kosmik ki kache dèyè sa🧠.
Sa pa gen anyen pou wè ak yon levanjil vre🙅♀️. Okontrè, se kalke legliz kalke entansyonèlman istwa lanmò Jezi a sou yon fenomèn planetè ki se tranzisyon prentan an, nan emisfè nò a💥.
3 dimanch sa yo sèvi tankou yon òlòj an 3 tan. Sa vle di se yon tridiyòm : Ramo, Pak, Kazimodo. 💥
Se pa yon chwa konsa konsa nèg yo fè🙅♀️. Se yon estrikti tanporèl ki ankadre moman kote lanati ap soti nan lanmò (ivè)🥶, pou l antre nan lavi (prentan)🔆.
Dimanch yo rele ramo a se premye kri sèv la. Lè m pale de sèv, m ap pale de fòs tè a, lèt tè a, enèji vital tè a💥. Se li ki pwen deklanchman an. Se moman kote fòs vital tè a kòmanse remonte nan pyebwa yo🌳.
Depi avan krisyanis, nan anpil kilti te toujou gen pèp ki selebre moman sa👌. Yo te konn chèche branch ramo🍃, pèp ki pa gen palmis te konn itilize fèy lorye ak lòt fèy pou selebre retou enèji vital la kap eksploze nan dat sa💥. Bourik yo di w Jezi monte a, se senbòl tè a kap pote nouvo solèy la ki kòmanse tranzite, pou li al chanje po🌞. Sa vle di li pap ansyen solèy ivènal la ankò, men lap vin solèy prentan🌞.
Dimanch yo rele pak la se pwen baskil la. Se sak fè fèt pak pa janm fiks paske li lye ak 2 gwo poto astwonomik. Ekinòks prentan an ak plenn lin ki swiv ekinòks prentan an💥.
Legliz tann ekinòks la, epi li tann lalin ki vin aprè ekinòks lan plen pou l di se swadizan lanmò ak rezireksyon Jezi😁. Men an reyalite se limyè a ki genyen tenèb la nan yon nivo matematik. Sa vle di jou yo ap alonje ak plis vitès, nwit yo ap vin pi kout💥.
Dimanch yo rele Kazimodo a se moman konfimasyon an👌. 7 jou aprè dimanch pak nou rive nan dimanch "Quasi modo geniti infantes" ki siyifi, bebe ki fèk fèt. Legliz atribye l ak batèm