
10/08/2025
Jèn Modèl, Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen, Staff trankil ak commission des jeunes de Plaisance nan komin lan envite popilasyon plasantin nan, espesyalman jèn yo nan yon gwo konferans deba nan dat lendi 11 dawou 2025 la soti 2zè pou rive 5kè nan apremidi.
Konferans sa a ap dewoule nan lokal Lekòl Nasyonal Gason yo ki twouve l nan zòn Tesye anba tèm: Wòl ak responsablite jèn yo nan reskonstriksyon kominote a.
Nou envite tout moun alawonnbadè vin koze ak entèvenan yo.
Pa rate !