10/08/2023
😭 😭 😭
Yon ti jèn 23 lane pou nèg yo chwazi gaspiye ak 3 bal andedan lakay li, sel li manman l ak papa
l genyen, aprè tout sakrifis yo, tout kondisyon nou konnen yo , se te finalman pou 3 bal…,,
3 bal ki mete fen nan rèv li
3bal ki fè fanmiw pa wè ni devan ni dèyè paske ou te plen avni, yo te gen espwa sou li….
3bal ki mete tout zanmi l a dlo nan je
3 bal ki gaspiye tout sal te komanse konstwi
3 bal ki boulvèse tout antouraj li, paske moun ki konnenl byen konnen kapasite l genyen pou l te use may li pou l te ka goumen ak lavi
3bal ki kontinye ogmante lis machin vyolans lan sou tijèn yo nan GONAYIV aprè Jodlet Saint Victor ak Roochy Magène…
Mwen konnen byen ou pap ka repoze an pè paske ou te two renmen lavi, e ou pa rive konkretize rèv ou …
Mwen konnen ke lanmò w pap fè otorite isit ni cho ni frèt , paske yo pa janm fè anyen pou frennen sa , okontrè anpil jèn nan jenerasyon paw lan se veye nap veye poun chape poul nou sin pa gentan pran grenn bal pa nou an …
Peyi a ap kontinye kouri dèyè pitit li yo ki pa anmezi pou asime sekirite tet yo menm jan ak nèg ki mete tout dezod sa yo nan depatman an, Okenn sinyal lespwa poko bay
Nap viv nan laperez toutan
Bagay yo tris pa bò isit
Nou mal
Nou byen mal
Nou prèske pa moun ankó
Frèm ke lanati ak sa nou pa janm ka wè yo bow jistis paske neg isit pa janm baw jistis ….