
06/09/2025
Gonayiv pa kapab ankò, kri yon antreprenè angaje
Jodi jou, vil Gonayiv twouve l nan yon sitiyasyon malouk, kote fatra, ma dlo santi prèske mete moun deyò.
Pi bon fason pou w bay yon moun yon adrès nan Gonayiv nan dènye moman yo, se pran yon pil fatra kòm referans, tout zòn, tout blòk, tout katye ap viv menm eksperyans sa a
Mete sou fatra ki soti lakay moun yo, gen yon fenomèn sachè, boutèy dlo, ji ak anbwate ki pa sispann soulve gwo kesyon kay divès sitwayen nan site endepandans lan
Konsa aprè yon vire won plizyè semèn nan divès kwen nan vil la, Ogé Célissat, yon antreprenè eklere deside soti nan silans li pou denonse pasivite otorite vil la ak mank sans responsabilite chak sitwayen.
Daprè sa li rapòte pou Koukouwouj Enfo, jodi a vil Gonayiv se yonn nan vil ki pi ekspoze a inondasyon ak tout kalite maladi, epidemi moun pran nan fatra
Antreprenè, òm politik la mande konkou prese prese tout kouch site endepandans lan pou evite pi ta pi tris, paske li di li konstate tout kanal, dren ak ravin yo fin bouche ak fatra, tè ki pral anpeche dlo sikile lè lapli ap tonbe, sitou nou nan sezon siklonik
Sitwayen an ale pi lwen pou l denonse yon seri antrepriz ki pa janm vle pote kole nan pyès aktivite epi se yo menm ankò kap vann anpil pwodui ki vin tounen fatra nan vil la san konte wout ki fin fouye ak dlo kap koule san rete
Antreprenè a atire atansyon popilasyon an sou pil fatra kap degaje move lodè, sitou gen moun ki pran plezi nan jete bèt mouri sou fatra sa yo.
Pou fini sitwayen konsekan an mande pou tout sektè mete tèt yo ansanm pou pote bonjan solisyon pou vil Gonayiv tankou lameri, ministè travo piblik, ministè anviwònman, delegasyon Latibonit, antrepriz yo komèsyal yo, lekòl, legliz, peristil yo, tout moun san distenksyon, paske Gonayiv se pou nou tout
Nan men nan men Gonayiv ka sove daprè sitwayen, antreprenè, òm politik, Ogé Célissat
Koukouwouj Enfo