08/04/2024
Haïti 🇭🇹 8 Avril Eklips solè
Pou w ka konprann pou Kisa Eklips solè a pa bon pou je w li enpòtan pou w konprann fonksyonnman ak konpòtman je w fas ak diferan sityasyon ekleraj yo.
Anddan je w gen yon pati plat ki bay je a koulè mawon kay moun nwa oubyen vèt kay blan an ke nou rele Iris. Nan yon tèm ki pi teknik yo rele l Dyafram. Li gen fòm yon CD 💿 li plat li gen yon twou nan mitan l.
1._ Atansyon menm ke li plat li fonksyone tankou yon akòdeyon, lè nou nan yon espas ki manke Limyè li ka fèmen tout pli li yo pou l fè twou ki nan mitan an vin pi laj lè sa nou rele aksyon sa “midriyaz”. Lèswa pa egzanp je nou an Midriyaz.
2._ Menm Jan an tou lè gen twòp Limyè nan yon espas tankou lèn ap mache lè Solèy la ap briye li otomatikman depliye nèt pou pèmèt ke Titwou ki nan mitan an vin Piti anpil pou twòp limyè( Rayon Ultraviolet, Infrarouge) pa al agrese je a. Nou rele aksyon sa Myozis.
Ebyen nan ka Eklips Haïti pral genyen an la se yon eklips pasyèl kote ke lalin nan pap fin bare solèy la nèt. Sa vle di wi lap parèt fènwa men rayon Ultraviolet ak infrarouge solèy la ap toujou an aksyon. Je a pa prepare pou sityasyon sa kidonk lap pran nan pyèj la piske li fènwa li pral dilate fè sa nou rele Midriyaz la konsa Rayon Ultraviolet ak Infrarouge yo ap jwenn baryè lib pou anvayi anddan je nou si nou al gade solèy la.
Eske Linèt nwa ka pwoteje nou ?
Si w al mete Linèt nwa pansan ke lap pwotejew kont Rayon Infrarouge ak UV sa yo se kòve w fè. Yo Pa ekipe pou sa okontrè yap pral bay je a enpresyon ke li plis fè nwa li pral ouvri plis épi fè rayon UV k infrarouge sa yo anvayi je a nèt.
Gen Linèt ki fèt pou sa :
Se Linèt ki reponn ak nòm OIS 12312-2 ki bay je a bon jan pwoteksyon kont a la fwa Limyè UV épi infrarouge.
Kidonk si w pa gen Linèt OIS 12312-2 a pa leve je w gade solèy la.
Siw twouve ti mesaj sa enteresan pa bliye pataje l.