15/08/2025
Prizon sivil gonayiv la yon lanfè sou latè.³
Jonalis Pascal Alfred nan yon eta kritik nan prizon sivil gonayiv la.
Pascal Afred ,jounalis radyo Vision 2000 branch latibonit ap koupi nan prizon depi nan mwa jiyè ki sot pase a ,travayè laprès lan te akize kòm moun ki te retire lavi yon sitwayen nan pakvensan gonayiv aprè yon ti bat bouch yo te genyen nan mwa novanm nan ane 2024.
Pou kounye ,jounalis lan ap fè fas ak gwo problèm sante nan prizon an kote tout tèt li se bouton ki nan yo .Nan sans sa a ,plizyè òganizasyon ki regroupe jonalis mande pou dwa jounalis lan respekte,pandan lajistis ap kontinye fè travay li.
ANAPAMEL AK RAJPA, mande ak rekonsab dwa moun yo,nan peyi an ,pou founi je gade moun ki nan prizon yo e sitou nan gonayiv kote dwa prizonye vyole nan tout nivo.
Nou se RADIO TELE DES Noires
Abòne pataje .