Reveye presse en ligne

Reveye presse en ligne REVEYE,toute une équipe à votre service ! Contact +(509) 3353 6588

Dosye elektrisite.....Depi plis pase 4 lane vil Gonayiv plonje nan blakaout total, Kote se enèji solè ki pran plas ED'H....
08/12/2025

Dosye elektrisite.....

Depi plis pase 4 lane vil Gonayiv plonje nan blakaout total, Kote se enèji solè ki pran plas ED'H. Daprè divès Sitwayen yo anonse nan jou kiap vini yo, yap foule beton an, pou egzije Otorite yo nan piwo nivo leta bayo kouran.
Asly Serin Reveye presse en ligne

Pèp Ayisyen video sa dwe viral sou tout planet tè a, pou'n montre le monde Ayiti gen moun ladan'l se pa lè yap fè gang t...
06/12/2025

Pèp Ayisyen video sa dwe viral sou tout planet tè a, pou'n montre le monde Ayiti gen moun ladan'l se pa lè yap fè gang touye nou pou nap pataje video kriminèl yo, sa montre aklè se pa tout Ayisyen ki gen san eklavaj la, epi kap vann nanm yo kap trèt peyi yo ,nan sans an'n leve kanpe pou'n bay tout peyi ki enpeche'n avanse yo katon wouj 🟥 !

Yo rele'm Asly SERIN Jounalis angaje 🇭🇹

05/12/2025

Mèt Fleury Labeny se yon sitwayen kap viv nan zòn lòtbò kanal, pale koze a san filtè, li pa kite dlo nan bouch li pou'l denonse direktris Micarme Soifaite Joachim kap dirije biwo EFACAP Gonayiv la, ki nan yon movèz eta ,sal tankou peny tidan. Selon Mèt Fleuri di li gen bon prèv kote direktè lekòl Marijann savann Kris aprè midi a, ki se Mèt Sevère jean Jude vòlè tout ban lekòl la, ansanm ak plizyè lòt materyèl enpòtan pou al fè pwòp legliz li, alòske Madam Micarme ki gen zye sou tout lekòl leta ki nan sistèm nan pa janm pran responsabilite'l .

Yon dosye nap swiv....
Asly SERIN REVEYE Presse en ligne Gves!

Ayiti-Kilti....Yon ikonn nan mizik Ayisyèn nan desede "André Dadou Pasquet" chantè, gitaris, konpozitè mouri ak 72 lane ...
24/11/2025

Ayiti-Kilti....

Yon ikonn nan mizik Ayisyèn nan desede "André Dadou Pasquet" chantè, gitaris, konpozitè mouri ak 72 lane nan lannwit samdi 22 rive dimanch 23 Novanm 2025 lan ,selon sa fanmi li rapòte sou rezososyal yo, Dadou Pasquet tap fè fas ak yon maladi . Nap raple'w Dadou Pasquet fèt nan kapital Pòtoprens 19 Aout 1953 li te kòmanse karyè mizikal li, nan "Tabou Combo" nan ane 1970 kòm gitaris. Dadou Pasquet se te yon lejand yon figi senbolik nan Konpa Dirèk la, Dadou Pasquet fonde Group Mizikal Magnum BAND ak frè li Claude "Tico" Pasquet nan Miami an 1976.

Asly SERIN REVEYE Presse en ligne Gves!

Ayiti- MedyaRichard Widmaier PDG Radyo Tele Metropol eli kòm nouvo Prezidan Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen (ANMH) apr...
23/11/2025

Ayiti- Medya

Richard Widmaier PDG Radyo Tele Metropol eli kòm nouvo Prezidan Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen (ANMH) aprè yon eleksyon kite òganize 18 novanm pase a pou yon manda 2 lane. Li ranplase nan pòs la, Robert DENIS ki desede jou kite 14 oktob 2025 lan .

Asly SERIN REVEYE Presse en ligne Gves!

SOS Gonayiv ensekirite....Pandan dènye jou sa yo , plizyè sitwayen leve vwa yo pou denonse silans Otorite yo nan vil Gon...
22/11/2025

SOS Gonayiv ensekirite....

Pandan dènye jou sa yo , plizyè sitwayen leve vwa yo pou denonse silans Otorite yo nan vil Gonayiv ,fas ak fenomèn ensekirite a, kap evolye seryezman nan site endepandans lan, prensipalman nan lokalite bwa machan ,akoz prezans nèg ame ki itilize espas simetyè bwa machan an leswa pou fè bwakaj ak vòl sou moun kap pase pran tout sa yo pote, selon sa sitwayen yo rapòte ak sal redaksyon REVEYE Presse en ligne,ki profite mande Otorite yo pran responsabilite yo pou konbat ensekirite a,, epi monte yon Miray pou klotire simetyè bwa machan an ki sèvi malfwa yo kòm kach kach.

Asly SERIN REVEYE Presse en ligne Gves!

29/10/2025

Malgre risk yo ap miltipliye pandan pasaj Ouragan Melissa sou peyi dayiti, prensipalman lakay pa nou, nan Gonayiv yon vil ki pa gen chans ak fenomèn siklonik ,san konte plizyè lòt Ouragan majè ki prevwa pase sou peyia, jouk nan moman nap pale a, jodi mèkredi 29 oktob 2025 lan, poko gen okenn mezi de prevansyon ki pran bò kote otorite depatmantal ak otorite lokal yo nan sousi pou dekonjesyone kanal yo ak basen vèsan yo epi dren yo ki nan yon eta trè kritik ki pa janm netwaye ki kapab lakoz anpil anpil dega nan mitan popilasyon Gonayivyèn nan!

Asly SERIN Jounalis angaje Gonayiv!

Dren ak kanal yo ki pa netwaye nan site endepandans lan, depi plizyè lane gen gwo konsekans sou lavi popilasyon an, akoz...
22/10/2025

Dren ak kanal yo ki pa netwaye nan site endepandans lan, depi plizyè lane gen gwo konsekans sou lavi popilasyon an, akoz lapli ki pa sispann tanbe pandan sezon siklonik lan, yon Sitiyasyon ki parèt difisil fas ak gwo menas inondasyon ki plane sou vil la !
Asly Serin

15/10/2025
11/10/2025

Direktè depatmantal sanitè Latibonit , Doktè Francito DATUS enstale jounen Vendredi 10 Oktob 2025 lan, Doktè Fritz Gerald Joseph kòm nouvo Direktè Medikal ak Doktè Frantz Alexis ki se nouvo Direktè Egzekitif lopital laProvidans Gonayiv. Doktè Frantz Alexis ranplase nan pòs la,, Doktè Excène Joseph pou konnya pran promosyon kòm konseye tekni direksyon depatmantal sanitè Latibonit kite pase 7 mwa sèlman nan tèt lopital LaProvidans Gonayiv. ( HPG )

Asly SERIN REVEYE Presse en ligne!

05/10/2025

Responsab yo nan Lopital laProvidans, òganize yon jounen pòt ouvè Vendredi 03 Oktòb 2025 lan, kote plizyè kad nan sosyete sivil la ansanm ak Direktè Defans lan, Pasteur Samuel Thelusma te reponn prezan.Nan okazyon an, Direktè Egzekitif la, Dr Excène Joseph te drese yon bilan pozitif sou 6 mwa li nan tèt HPG, promèt lap kontinye travay kont tout defi pou soulaje popilasyon an.

Asly SERIN REVEYE Presse en ligne Gves!

03/10/2025

Gwo deklarasyon nan okazyon fineray Wilford Ferdinand alias Tiwill jounen jedi 02 oktòb 2025 lan, Cenoble Antoine ak winter Etienne ki se 2 militan revolisyonè nan zòn RABOTO lonje dwèt yo tout longè sou Direktè depatmantal polis la nan latibonit, Jacques Ader avèk komisè Gouvènman Jiridiksyon Gonayiv la mèt Guiverna Guillaume ki ta enplike nan asasina Tiwill. Daprè militan yo mande revokasyon ak Arestasyon 2 Otorite sa yo san pèditan.

Asly SERIN REVEYE Presse en ligne Gves!

Kredi imaj: Johnson Jean Baptiste

Adresse

36, Rue JJ Dessalines
Gonaïves

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Reveye presse en ligne publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager