22/01/2025
Ou t ap tann ti randevou w la pa vre? Sèl grenn aktivite ki pèmèt ou konekte ak kilti w, ofri w posiblite pou echanje, pataje ansanm sou lakilti ak patrimwàn nou. Anplis de tout sa n site la yo se espas ki garanti w yon detant san kè sote kote tout kouch, tout laj reyini pou yon sèl kòz( fè pwomosyon kilti lakay). Ebyen jan n te anonse li 10 edisyon a se pou Samdi k ap 29 Mas la nan lokal . Se pral yon bèl jounen rekreasyon, yon 10è eksperyans ki ap chaje ak sipriz e ki ap diferan de lòt yo. Kidonk ou tou konnen w pa ka pa la hein!😊. Edisyon 10 sou 10 la lanse, vin detann ou nan yon espas ki reponn ak tout sa n pral ofri w yo. Nou vrèman pa ka tann pou n rankontre w.
Pou tout enfòmasyon ki konsène aktivite a ou ka toujou kontinye ekri n nan nimewo sa yo : 39489090, 31452660, 38186831.