Radio Télé Pain de Vie

Radio Télé Pain de Vie Evanjelizasyon - Enfòmasyon - Fòmasyon - Detant....

23/10/2025

S.O.S POU MOUN PRAVIL AK KASOLÈY

Gwo difikilte sou wout prensipal pravil la nan gonayv, aprè lapli te finn tonbe jounen mèkredi 22 oktòb 2025 lan nan aprè midi.
Yon sityasyon ke pèsòn pat ka epanye, ta pra'l paralize sikilasyon an parapò ak gwo dlo ki tap desann sou wout pravil la.

FM
Radio Télé Pain de Vie
JEZI AP RETOUNEN

Mwen pa sèlman sitwayen isiba, men mwen se moun anwo tou si'w pat konn sa... Amèn Alelouya Glwa pou Bondye vivan 🔥🔥🔥
20/10/2025

Mwen pa sèlman sitwayen isiba, men mwen se moun anwo tou si'w pat konn sa...
Amèn Alelouya Glwa pou Bondye vivan 🔥🔥🔥

13/10/2025

Pa gen pi bèl bagay lè ou chwazi mete Bondye an premye nan nenpòt sa wap fè.

Ecole Méthodiste Libre des Gonaïves
Promotion Ruby
2025-2026
fans MENFP

10/10/2025

ÈSKE GEN CHOFÈ TAKSI KAP TRAVAY NAN LARI A AVÈK MOTO YO SAN FREN VRE NAN GONAYV?

Pou reponn avèk kesyon sila a, Radio Télé Pain de Vie te angaje'l pou'l pat rete sèlman nan sa kèk manm nan popilasyon ap di kòm kwa li egziste anpil chofè taksi kap travay lari a avèk moto yo san fren nan gonayv, men ki te oblije rejwenn chofè taksi yo e se youn nan kesyon ki fè anpil deba swa atravè medya tradisyonèl yo oubyen atravè rezo...

Anvan nou ale pi lwen...

(Èske yon moun ka ap fè trafik moto epi pou moto a pa gen fren ladan'l an reyalite? )

Nan mache chache pou'n konn verite ki genyen nan zafè moto san fren an, Radio Télé Pain de Vie atravè dyalòg li te genyen ak kèk chofè taksi moto.

Finalman , John Peter DESHOMMES ki se yon chofè taksi moto, eksplike anpil fwa, " se elèv yo nan pa leve bonè lè yo prale lekòl, e sou pretèks pou yo pa anreta yo konn mande chofè taksi yo pou kouri fò ak yo pou evite yo pran mankman, yo konn menm ofri chofè taksi yo yap met sou kòb la si reyèlman yo ta gentan rive lekòl la anvan baryè fèmen kidonk ba yo'l san fren".

Malerezman, anpil chofè taksi moto konn mache nan lojik elèv yo e ki anpil fwa pou fè yo plezi konn evite frennen souvan lè yo jwenn obstak e sa ki konn lakoz gwo dega tankou : aksidan moto, pye konn kase, ponyèt konn kase konn menm gen lanmò elt...
Fason chofè yo souvan ap kouri fò osinon ak tout vitès nan lari a, ki fè moun kap obsève yo konn di moto yo san fren.
E nan kwè ke gen moto san fren, anpil fwa gen pasajè anvan li monte yon moto, li toujou mande chofè taksi a èske moto a gen fren?

John Peter DESHOMMES pwofite mande ak chofè taksi moto parèy li yo pou refize mache nan lojik elèv kap mande pou kouri fò ak yo.

FM

Radio Télé Pain de Vie Police Nationale d'Haiti - PNH

Tout moun toupatou, piti kou gran, kèlkeswa ras ou ta ye!Devan Jezi tout jenou flechi...Amèn Alelouya Glwa 🔥🔥🔥 fans
09/10/2025

Tout moun toupatou, piti kou gran, kèlkeswa ras ou ta ye!
Devan Jezi tout jenou flechi...
Amèn Alelouya Glwa 🔥🔥🔥
fans

07/10/2025

ELÈV METODIS YO REMÈT ANE ESKOLÈ A BAY BONDYE

Nan Kad ouvèti ane eskolè 2025-2026 lan, devan je plizyè aktè edikatif nan nivo lekòl metodis lib ki nan gonayv espesyalman Direktè etablisman sila a.

Plizyè santèn elèv te rive reyini nan legliz metodis lib ki nan gonayv jodi lendi 6 oktòb 2025 lan zòn pavensan 2 pou yon gran aktivite jèn nan lide pou remèt ane akademik 2025-2026 lan bay Bondye.

Yon inisyativ ki toujou pran chak ane nan lekòl la e ki jounen jodi a tounen yon tradisyon. Ane sa a, pwomosyon nouvo segondè 4 (filo) ki rele RUBY, se yo ki te rive jwenn benediksyon estaf direksyon lekòl la pou reyalizasyon aktivite espirityèl sila.

Remèsiman, deklarasyon ak adorasyon melanje ak louwanj, se konsa elèv yo te pwofite montre rekonesans yo anvè Senyè a, san konte priyè pou mande Bondye pwoteksyon ke Mme Rose Bertha P. MAREUS ki tap dirije te rive fè an favè elèv ak pwofesè yo, pou yo sa pase yon bòn ane eskolè 2025-2026.

FM

Radio Télé Pain de Vie

04/10/2025

Seremoni fineray Me David DORIVAL
Li fèt 10 me 1963
Li mouri 20 Septanm 2025 (62 lane)

Papa Pastè Woldy DORIVAL

19/09/2025

Pou tout kretyen ki nan Gonayv ak tout zòn ki sou kote'l yo, Radio Télé Pain de Vie ap di nou rete vijilan, pran prekosyon epi la priyè pou mande Bondye aji paske pa gen sityasyon ki kapab depase kapasite'l...
Epi nap kontinye raple'w ke randevou lan se pra'l 1er pou rive 4 novanm 2025 nan lakou pavensan youn di lòt...

Homme frère que ferons nous?Se sou tèm sa nan lakou pavensan sou tèren foutbòl la, Ministère Génération d'Impact bay tou...
09/09/2025

Homme frère que ferons nous?

Se sou tèm sa nan lakou pavensan sou tèren foutbòl la, Ministère Génération d'Impact bay tout kretyen ki nan gonayv ak tout seksyon kominal yo randevou pandan 4 sware nan yon gwo kanpay evanjelizasyon, sòti 1er pou rive 4 novanm 2025 depi'l te fè 5h nan aprè midi balon an pra'l santre nan pavensan 🔥🔥🔥

Plizyè sèvitè ranpli ak onksyon pra'l pote mesaj pawòl Bondye a nan gonayv sou tèren pavensan nan gwo manifestasyon espirityèl sa ki se :
🔥KABOWD 2025🔥
Evanjelis Limage SEJOUR
Evanjelis Jhon-verson JEAN-CHARLES
ak Apot Frantz Junior ORESTE kap sòti pòtoprens...

Chak kretyen envite yon moun sitou sila yo ki poko konvèti paske KABOWD ane saaaaaa, se kado Bondye rezève pou yo...

E pa bliye Pastè Garvens SAINT-HILAIRE ak tout ekip li pra'l mande Bondye favè pou pèp li pandan 4 sware espesyal sa yo.

Priyè an favè sila yo ki malad, ki bloke, ke djab ap maltrete, sila yo ki toumante, sila yo anyen pa janm mache pou yo, e sitou moun yo vann kay djab yo pran lajan sou tèt yo di yo pap pase ane 2025 lan, Bondye pra'l pale pou yo...

Pou tout enfòmasyon ak sipò, rele nan nimewo sa yo...
+509 3296-7051 / 3669-0661 / 4141-3334

Crossing Cultures International (CCI) / Centre de Formation Biblique pour les Pasteurs (CFBP) ap envite tout kretyen nan...
28/08/2025

Crossing Cultures International (CCI) / Centre de Formation Biblique pour les Pasteurs (CFBP) ap envite tout kretyen nan gonayv sitou lidè legliz yo nan yon bèl fòmasyon sou: " Cure d'Âme ".

Plizyè sijè pra'l debat nan fòmasyon Sila tankou:
✓ Comprendre la cure d'âme dans son champ et son approche globale.
✓ Le Pasteur dans son exercice ministériel et la cure d'âme. Enjeux & Perspective.
✓ La cure d'âme dans l'exercice du ministère de puissance.

Dat fòmasyon an se: Samdi 6 septanm 2025 , 8h am pou 3h pm
e wap peye 1500 gds anvan 29 Out, si dat sa pase wap peye 1750 gds.
NB: Sètifika, Dokiman ak Goute garanti !!!

Entèvenan yo se: Pasteur Hoberde Saint Louis
Évêque Alden Jean Louis
Pasteur Cianné Elisée
Lokal la se: Église de Jésus-Christ Arbre de Vie (EJAVIE)
Riyèl dalmacy, zòn k-jòj
Rele nan nimewo sa yo pou plis enfòmasyon:
(+509) 4325-8727 / 4060-4857 / 4345-1409

19/08/2025

Si adorasyon se sa ki fè Bondye plezi, konsidere tèt ou kòm yon privilejye paske'w jwenn favè Bondye pou'w adore li, pou'w leve non li nan jenerasyon sa a, ou pa fè anyen pou sa men se yon gras...
Adore Bondye tande tout tan ou gen ti souf la ...
Se pou Bondye ba'w apeti pou'w adore'l tèt pati !
Amèn Alelouya Glwa 🔥 🔥 🔥
Radio Télé Pain de Vie

Oooooo zanmi'm, jou sa gen pou'l rive wi vle pa vle, kwè pa kwè twonpèt la gen pou'l sone.Pito'w rate tout randevou isib...
16/08/2025

Oooooo zanmi'm, jou sa gen pou'l rive wi
vle pa vle, kwè pa kwè twonpèt la gen pou'l sone.
Pito'w rate tout randevou isiba,
men ou pa rate randevou retou Kris la !!!
Kote moun sove yo, ede'm fè mesaj la pase non souple li gen yon moun Bondye ap rele lontan wi...
Radio Télé Pain de Vie

Adresse

Gonaïves
4110

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Télé Pain de Vie publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager