Radio wave Fm Haiti

Radio wave Fm Haiti Radio WAVE FM | www.wavefmhaiti.com WaveFm is operated by a group of talented radio personalities.
(1)

The station was launched online on August 10th, 2010 Since then, WaveFm became one of the greatest known bilingual radio stations across the united states
And abroad

Values & Mission
1.Reliance on God & his word.
2.We are committed to excellence & innovation.
3.We believe in people. Building & changing lives.
4.Reach out those in need via our local frequency
5.Transformed a new generation of leadership

12/29/2025

Nan lannwit 26 pou rive 27 desanm 2025 lan, lapolis mennen gwo operasyon nan Kenskòf. Plizyè katye te sible, anpil moun blese, anpil lòt mouri, plizyè kay boule.

Pandan yon seremoni ki tap fèt nan APN samdi 27 desanm nan, peyi Etazini remèt ak Lapolis nasyonal Dayiti 25 veyikil blennde tranpò twoup. Aparèy sa yo vize ranfòse mobilite ak pwoteksyon inite kap opere nan zòn ki gen risk yo.

Yon tantativ pou boule mache Taba a te dejwe vandredi 26 desanm nan. Ajan sekirite yo dekouvri materiel eksplozif yo. Lapolis te rive rapid pou bay zòn nan sekirite.

Wout nasyonal nimewo 1 ant Senmak ak Lestè bloke depi kèk jou. Plizyè gwoup otodefans ak òganizasyon sosyete sivil yo denonse Leta pa fè anyen fas ak gwoup ame yo e yo egzijel poul pran gwo mezi pou ka libere pasaj yo.

12/26/2025

Plizyè endividi ke yo prezante kòm manm gang, mouri, pandan yo tap patisipe nan yon fèt ke chèf yo te òganize, nan frap dwòn Kamikaz nan Minotri, nan komin Kabarè nan lannwit 24 desanm nan.

Yon lane (24 desanm 2024) apre trajedi Lopital Jeneral la kote 2 jounalis ak yon polisye te mouri nan tantativ pou relouvri enstitisyon sa a, ansyen minis sante a, Dukenson Lorthé Bléma, mande pou moun yo reziste.

Nan mesaj ve de nwèl li, premye minis Alix Didier Fils-Aimé mande pèp Ayisyen an poul ini li, lapè ak lespwa. Li envite Ayisyen ki an Ayiti ak nan diaspora a pou yo rete solidè, pou yo rete rezistan ak konfyan nan avni peyi a.

Oganizasyon sitwayen pou yon nouvèl Ayiti (OCNH) egzije konsèy prezidansyèl tranzisyon an ak manm gouvènman an pou yo regade nan fòm ak nan kontni dekrè sou òganizasyon ak fonksyonman Ot kou jistis la.

12/23/2025

Ayè lendi 22 desanm nan, Lapolis dejwe yon tantativ anlèvman nan Delma 31. Yonn nan ravisè mouri, yon zam afe sezi. Malerezman, Joseph Johnny Rolls, yon ajan sekirite, mouri avan Lapolis te rive.

Ōmdafè,Edouard Baussan anonse dimanh 21 desanm nan ke avokal depose yon plent pou difamasyon piblik nan tribinal Pari kont Djovany Michel ki se responsab rezo jounalis antikoripsyon. Jounalis la te akizel kòm moun ki enplike nan trafik zam nan peyi a.

DHS (Etazini) anonse si yon migran ilegal depòte tèt li avan ane a fini, olye de 1000 dola, lap jwenn 3000 dola.

Federasyon Ayisyèn foutbòl, nan yon nòt ke yo mete deyò ayè lendi 22 desanm nan, enfòme tout piblik la, asisyasyon klèb afilye yo, klèb manm yo, lisansye ak manm kominote espòtiv yo, ke li fòmelman entèdi pou moun itilize, repwodwi, reprezante, difize oubyen eksplwate mak, denominasyon, sig, anblèm ak logo FHF, san otorizasyon komite nèmalizasyon an.

12/22/2025

Ayè dimanch 21 desanm nan,nan aprèmidi, yon gwo dife eklate nan kan ki enstale nan lekòl nasyonal Kolonbi a nan Boudon. Jiskaprezan, ankenn moun pa ka di kote dife sa a soti

Bandi ame anlve (2) polisye CIMO : Ezéckiel Maitre ak Fleurant Philippe, vandredi 19 desanm pase a nan Kanaan pandan yo te nan bis Sansousi. Sendika PNH la fistije konpòtman Leta fas ak ajisman gang yo.

Joverlein Moise, pi gran pitit ansyen prezidan Jovenel Moise afime kel pa janm resevwa kòb (anviwon yon milyon dola ameriken) kòm domaj ak entèrè kontrèman ak sa tribinal leta nan Floride te òdone.

Pierre Espérance, direktè egzekitif RNDDH, akize konsèy prezidansyèl tranzisyon an kòm tranzisyon ki pi kowonpi. Li afime nan fen manda yo, nan mwa fevriye kap vini la, 9 manm yo prevwa resevwa yon gwo bout tonton lajan nan Leta a, swa ant 500 mil ak 600 mil dola ameriken pou bon sèvis ke yo te rann.

Konpayi aeryèn Sunrise anonse ke yap rekòmanse ak vol yo soti Okap pou rive Pòtoprens apati jodi lendi 22 desanm nan apre yo te kanpe pandan preske yon mwa pou koz ensekirite

12/18/2025

Avan 7 fevriye 2025, KPT prevwa atake pou pi piti 6 direktè jeneral ak 4 minis ke yo jije ki pa pèfòman oubyen ki manke angaje yo. KPT a kritike silans yo fas ak aksyon gouvènman an, tankou minis espò, minis diaspora a, defans ak jistis la

Anbasadè peyi Kanada, Giroux te adresel avanyè 16 desanm nan ak kò diplomatik la ansanm ak plizyè diyitè Leta a pandan seremoni prezantasyon ve finisman ane a ki te fèt nan Viladakèy la. Li raple ke manda KPT a ap bout 7 fevriye 2026

Pou pi piti 8 machin ak plizyè kay boule, 3 brigadye ak yon polisye blese nan yon atak ke gang nan Akayè fè ayè mèkredi a selon majistra zòn nan, Wilner René.

Kontrèman ak rimè kap sikile sou rezo yo, jiris mèt Mécène Jean Louis toujou vivan, dPierre Robert Auguste

12/17/2025

17 desanm 2018 - 17 desanm 2025 7 lane RADIO WAVE.

Gwoup apwi ak rapatriman refijye (GARR) ran piblik, ayè madi 16 desanm nan, rapò anyèl li sou sitiyasyon migratwa ayisyen yo. Dokiman an revele ke soti janvye pou rive novanm 2025, plis pase 242 000 Ayisyen te ekspilse pa otorite dominikèn.

Daniel Darius (atis Fantom) jwennn liberasyonl aprel te fin pase plisyè jou nan prizon nan Sendomeng.

Kòdonatè KPE a, Laurent Sanit Cyr ki te akonpanye premye minis lan, Alix Didier Fils-Aimé te preside, ayè madi 16 desanm nan, nan Viladakèy, seremoni prezantasyon ve de fendane ak manm gran kò leta a, menm jan ak kò diplomasi konsilè ki akredite an Ayiti yo.

Ayè madi 16 desanm nan, nan katye Bwa Belanje, nan Komin Lyankou, gang Savyen yo touye pou pi piti 6 moun e blese gravman plizyè lòt.

Tansyon ant Etazini ak Venezyela. Prezidan Etazini an, Donald Trump pase lòd pou bloke tout bato petwöl kap soti e antre Venezyela .

12/12/2025

Mache Dimòne a ki tou pre Jeral Batay boule avan yè swa. Moun nan zòn nan te tante etèn dife a men li te pwopaje rapidman. Anpil machandiz boule.

Direktè jeneral Ofis nasyonal identifikasyon (ONI), Reynold Guerrier endike, 8 desanm pase a, ke 6.3 milyon Ayisyen deja genyen kat identite, enstitisyon an prevwa identifye ansanm popilasyon an.

Lapolis nasyonal felisite tèt li pou yon travay ke gang yo, yo menm, yo reyalize. Nan kominike ki soti 10 desanm nan, Lapolis prezante afwontman ant gang ame yo kòm yon sin efondreman entèn.

Administrasyon Donald Trump lan achte 6 avyon pou prèske 140 milyon dola pou fè depòtasyon.

Prezidan Donald Trump lanse ofisyèlman (Gold Card) kap bay aksè rezidans ak etranje pou 1 milyon dola

12/10/2025

Plis pase yon 10zèn timoun pèdi lavi yo ansanm ak anpil lòt viktim, pami mò yo gen Dèdè yon chèf gang. Ansyen polisye Kempes Sanon blese pandan echanj yo.

Magalie Habitant, Profane Victor ak Elionor Devalon ranvwaye devan tribinal kriminèl san asistans jiri. Se Jij Benjamin Félismé ki pran desizyon sa a nan òdonans li kel voye nan pakè ayè madi a.

Chèf polis la, Vladimir Paraison remèt sètifika ak 52 polisye ki vini fòmatè nan polis kominotè. Fòmasyon sa ki dire 12 mwa te jwen soutyen OEA ak Kanada.

Mizik Ayisyèn nan (konpa) enskri ofisyèlman sou lis reprezantatif patrimwan kiltirèl imateryèl mond lan jodi mèkredi 10 desanm nan, nan Nyou Deli, selon yon nòt delegasyon pèmanan peyi Dayiti nan UNESCO

Gouvènman Ayisyen an anonse yon ansanm mezi pou soutni moun ki deplase andan peyi a ak popilasyon vilnerab yo pandan fèt fen ane a. Nan Madi nasyon ki te fèt ayè 9 desanm 2025 lan, direktè jeneral FAES la, Serge Gabriel Colin bay detay sou yon plan asistans kap kouvri plisyè rezon.

12/08/2025

Ayè dimanch 7 desanm nan, nan Fòlibète, yon gwo dife eklate akoz moun yo kontinye ap estoke gaz. Dife sa boule pou pi piti 5 kay e fè plis ke 5 blese, ladan yo plizyè timoun.

Nan lanwit samdi 6 pou rive dimanch 7 desanm 2025 lan, nan Kan Peren ki sityel nan depatman Sid, yo dekouvri 2 jèn fi mouri lakay yo. Dram sa a plonje kominote lokal la nan laperèz.

Selon nouvo dekrè elektoral 2025 lan, tout moun ke konsèy sekirite LONI an sanksyone pap kapab vote e yo pap ka pote yo kandida nan pwochèn eleksyon prezidansyèl,lejislativ ak lokal nan peyi Dayiti.

Nan Sen Domeng, 4 manb institi Leonard de Vinci: Yris Del Carmen Reyes Adames, Gisela Gonzales, Fransisca Josefina Tavarez Velez ak Vilma Altagracia Vargas Morel jwenn arestasyon yo pou omisid envolontè aprè lanmò Stephora Anne- Mircie Joseph ( 11 lane) 14 novanm pase a.

Nan mesaj yo pou nwèl 2025 lan Evèk katolik ayisyen yo ankouraje tout aktè politik yo pou yo lèse yo gide pa enstitisyon 1987 la e swiv tradisyon ayisyèn nan alapwòch 7 fevriye 2026 lan.

12/05/2025

Ayè jedi 4 desanm 2025 lan, 5 moun sibi enlèvman nan Dèlma 31, sa ki fè pote kantite a, ak 8 moun ki anlve pandan 2 dènye semèn yo. Lapolis nasyonal jiskaprezan poko pran pyès mezi pou konbat fenomèn sa a.

Yon elèv kolèj Evanjelik Legran blese lejèman nan tèt jedi maten 4 desanm nan aprèl te finn resevwa yon bal pèdi pandan li te nan lakou lekòl la.

Aprè masak bandi Savyen yo te fè nan Ponsonde, sitiyasyon sekiritè a toujou rete tandi nan ba Latibonit lan. Mou Senmak te òganize yon manifestasyon nan landemen pou egzije lapolis la pran responsablitel.

Direksyon imigrasyon ak emigrasyon lanse ayè jedi 4 desanm nan, pwojè pilot 4 nimerik (IKAT) ki pral pèmèt ak vwayajè yo pou ranpli fòmilè anligne yo 72 zè alavans epi amelyore jesyon fli migratwa nan peyi Dayiti.

Lis peyi Etazini mete restriksyon vwayaj sou yo pase de 19 a plis 30 daprè chèf DHS la.

12/03/2025

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé te pale avèk sekretè jeneral OEA a, Albert Ramdin ayè madi 2 desanm nan. Echanj yo te fèt nan Primati. Padan rankont lan, chèf Primati a prezante ak SG OEA a avanse ki anrejistre nan lit kont ensekirite a.

L’ONI endike 30 novanm pase a ke Ayiti se yon plak tounant nan trafik dwòg avèk yon pati nan operasyon yo ki santre ozalantou Zile Latòti, yon pwen estratejik pou krim trans nasyonal.

Gwoup pèmanan patnè pou fòs kont gang nan nome Jack Chritofides kòm reprezantan espesyal fòs sipresyon gang nan an Ayiti.

Ansyen prezidan peyi Ondiras, Juan Orlando Hernandes ki te kondane pou 45 lane prizon nan peyi Etazini pou trafik dwog, jwenn liberasyonl gras ak yon gras prezidansyèl Donald Trump.

12/02/2025

Nouvo dekrè elektoral la te pibliye ayè lendi premye desanm 2025 lan nan jounal ofisyèl “ le Monitè “ aprè yo fin adoptel an konsèy minis

Ayè lendi premye desanm 2025 lan, nan aprè midi, bandi ‘Kokorat San Ras” yo lanse gwo atak kont sant vil Lestè. Bandi yo ap tante kontwole tout komin nan, yo boule plizyè kay. Abitan nan zòn nan mande ranfò bò kote lapolis pou repouse asasen yo.

Nan yon nòt ki pibliye ayè lendi premye desanm 2025 lan, Sekretè jeneral prezidans lan raple ak ansyen kontraktyèl yo, ak ansyen ajan ki te afekte ak prezidans lan ke yo dwe remèt san delè byen Leta ki toujou anba men yo tankou veyikil sèvis yo.

Nan Petyonvil, bandi kidnape yon tifi 13 lane ( an inifòm ) devan Lise nasyonal la gwo lajounen jedi 27 novanm nan.

Ayè lendi premye desanm nan, plizyè medya entènasyonal rapòte ke, nan yon echanj telefonik, prezidan ameriken an, Donald Trump ta lanse ak Nicolas Maduro yon iltimatòm kap expire vandredi pou kite peyi li, Venezyela ak tout fanmil .

Address

USA United
Miami Beach, FL

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Radio wave Fm Haiti posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Radio wave Fm Haiti:

Share

Category

RADIO WAVE FM HAITI

Radio Wave FM haiti 97.3 Fm Gonaives 88.7 Fm Port-de-Paix Values 1.Reliance on God & his word. 2.We are committed to excellence & innovation. 3.We believe in people. Building & changing lives. Mission Our mission is to produce and deliver compelling programming filled with solid insight and creative expresions of faith, that empowers our listeners to take the next step of faith on a daily basis.

Radio Fm haïti 97,3 Fm Gonaives 88,7 Fm Port-de-Paix Valeurs 1.La confiance en Dieu et sa parole. 2.Nous nous engageons à l'excellence et à l'innovation. 3.Nous croyons aux gens. Construire et changer des vies. Mission Notre mission est de produire et de livrer une programmation convaincante remplie de connaissances solides et d'expressions créatives de la foi, qui permettent à nos auditeurs de franchir la prochaine étape de la foi au quotidien.