Radio wave Fm Haiti

Radio wave Fm Haiti Radio WAVE FM | www.wavefmhaiti.com WaveFm is operated by a group of talented radio personalities.

The station was launched online on August 10th, 2010 Since then, WaveFm became one of the greatest known bilingual radio stations across the united states
And abroad

Values & Mission
1.Reliance on God & his word.
2.We are committed to excellence & innovation.
3.We believe in people. Building & changing lives.
4.Reach out those in need via our local frequency
5.Transformed a new generation of leadership

11/28/2025

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé te patisipe ayè jedi 27 novanm nan konferans tab sektoryèl sou sekirite ki konsakre ak transfòmasyon misyion miltinasyonal la an fòs represyon Gang. Nan diskou li, li souligne wòl Fòs represyon gang nan nan lit kont kriminalite.

Daphney Similien, se yon polisyè 21èm pwomosyon PNH la ki asasine nan aprè midi mèkredi 26 novanm nan, nan Dèlma 75, nan ri Kasayòl. Dram sa fèt tou pre kay viktim nan.

Ansyen chef gouvènman, Jean Henry Céant rejte lide pou ranplase aktyèl premye minis Alix Didier Fils-Amé, Li estime ke yon chanjman a 2 mwa fen manda KPT a ta konstitye yon reta. Li pwopoze pito yon remaniman ministeryèl.

Peyi Sendomeng otorize fòs lame amerikèn itikize baz militè San Isidro li a ak Ayewopò Las Americas nan gad deplwaman yo pou konbat dwòg nan rejyon an.

USCIS pral re-egzaminen dosye tout migran, yo te bay (Green Card) kat rezidans ki sòti nan 19 peyi danjere, pami yo Ayiti.

11/27/2025

Kòdonatè KPT a, Laurent-Saint Cyr kanpe an kwa kont tout chanjman nan Primati a avan 7 fevriye 2026 kote li estime ke sa kapab antrave sekirite ak òganisasyon eleksyon yo.

Depatman sekirite enteryè nan peyi Etazini mete fen ak TPS pou Ayiti, a pati de 3 fevriye 2026 lan. Benifisyè ki gen TPS e ki pa gen lòt estati legal dwe prepare yo pou yo kite teritwa a.

Jedi 20 novanm pase a, PNUD mande ak KPT a yon rapò detaye sou dekesman 800 mil dola ak 50milyon goud ki te destine pou referandòm konstitisyonèl la.Rapò sa dwe remèt avan 30 novanm 2025.

Yè mèkredi 26 novanm nan, nan aprèmidi, nan moman gad nasyonal yo tap fè patwouy pa two lwen Lamezon Blanch, 2 sòlda ( yon fanm ak yon gason) resevwa plizyè bal. Sispèk ki tire sou yo a nan men fòs lòd yo.

Patinè ayisyen Gesny Pierre Louis anonse ayè mèkredi 26 novanm nan patisipasyonl nan Chanpyona Mondyal patinaj 2025 kap fèt nan peyi Sengapou soti premye pou rive 4 desanm 2025.

11/26/2025

Lapolis nasyonal Dayiti enfòme ke biwo lit kont trafik estipefyan (BLTS) te tande òm dafè Andy Apaid ak Charles-Henry Baker ayè madi 25 novanm 2025 lan.

Konseye prezidansyèl Fritz Alphonse Jean reponn Depatman deta ameriken ki anonse ke yo koupe vizal ak viza fanmil. Konseye a di li tap sibi menas bò kote Anbasad ameriken ak peyi Kanada an Ayiti.

Chofè taksi-moto nan Pòdepè reyalize yon gwo mouvman pwotestasyon ayè madi 2025 novanm lan pou montre dezakò yo ak desizyon ajan egzekitif, Josué Alusma te pran pou egzije yo ht yon jilè identifikasyon pou 5000 gdes. Vil la te paralyze tout lekòl te fèmen.

Depite Ayisyano Amerikèn Sheila Cherfilus-McCormick rann tèt li bay lapolis, 6 jou aprè lajistis fin akizel kòm vòlè 5 milyon dola Ameriken.

11/25/2025

Depatman deta ameriken retire viza yon fonksyonè gouvènman ayisyen paske lap soutni gang ak lòt òganizasyon kriminèl an Ayiti.… En voir plus

11/25/2025

Depatman deta ameriken retire viza yon fonksyonè gouvènman ayisyen paske lap soutni gang ak lòt òganizasyon kriminèl an Ayiti.

Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) lanse yon sit wèb ki gen pou objektif amelyore kominikasyon ant lapolis ak polilasyon an. Sit wèb sa genyen enfòmasyon sou gang ki pi danje yo ak moun ki te sove nan prizon yo.

DCPJ te mete yon avi rechèch dèyè Louissant Jean Max alyas Ralph Laurent pou relasyonl avèk gang. Mesye sa a jwenn arestasyonl an Repiblik Dominikèn selon enfliyansè John Colem Morvan.

Bandi Taliban yo asasinen, nan Monwi, Reynord Dort ki se yon pastè kap dirije yon òfelina. Asayan yo boule kò a devan fanmi an ak timoun ki nan òfelina a.

11/24/2025

Ayisyen ki ta vle jwenn yon viza pou al sipòte Grenadye yo pap kapab al wè Mondyal la Etazini selon medya Politico.Administrasyon Trump lan pa konte fè pyès eksepsyon pou sipòtè Ayisyen yo.

Konpayi ayeryèn Sunriseg anonse kel kanpe tout vòl kap soti e kap rive Pòtoprens akoz dekradasyon sitiyasyon sekiritè a. Nan yon kominike ki pibliye ayè dimanch 23 novanm nan, li explike ke mezi sa vize pwoteje pasaje ak anplaye li yo.

Mizik Ayisyenn nan andèy: Mizisyen Dadou Pasquet, kofondatè Magnum Band e ikon kompa a, mouri ayè dimanch 23 novanm nan.

Lapolis nasyonal Dayiti mennen, samdi 22 novanm 2025 lan byen bonè nan maten, yon operasyon miskle, avèk sipò Task Fòs, kont gang Koalisyon “Viv Ansanm” ki nan Kenskòf. Pandan operasyon sa, lapolis libere 2 moun ke bandi yo te anlve depi premye novanm nan, nan lokalite Belo.

Responsab RNDDH la, Pierre Espérance akize konsèy prezidansyèl tranzisyon an paskel ta vle fikse eleksyon an pou mwa mas oubyen mwa avril jis pou ka pwolonje manda yo.

11/21/2025

Rate gaz la kòmanse fè santi li depi kèk jou. Ayè jedi 20 novanm 2025 lan, nan plizyè estasyon sèvis patikilyèman nan Dèlma, te gen anpil fil moun ki tap tann.

Ministè komès ak endistri asire, nan yon nòt ki pibliye ayè jedi a, ke pa gen pyès rate gaz nan Peyi a. Foul moun ki devan estasyon yo vini avèk vye pratik ki toujou itilize.

Ayè jedi 20 novanm 2025 lan, vil Akayè te konnen yon jounen gwo tansyon sou menas Koalisyon Viv Ansanm nan. Anpil temwen fè konnen ke bandi yo pran kontwòl Bèsi, yon lokalite riral sou kote santvil la.

Responsab Ladwàn nan douz (12) peyi nan Karayib la, ladan yo Ayiti, reyini Sendomeng. Selon otorite Dominikèn yo, rankont sa a gen pou objektif: ede ak ranfòseman kapasite enstitisyonèl, pèsonèl imen, sekirite nan fontyè yo ak echanj enfòmasyon ant Ladwàn yo.

Peyi Etazini revoke viza Naledi Pandor ki se ansyèn minis peyi Lafrik disid relasyon entènasyonal e se aktyèl prezidan fondasyon Nelson Mandela.

11/20/2025

Nouvo rebondisman nan ankèt sou asasina ansyen prezidan jovevel Moise. 5 ansyen militè Kolonbyen transfere ayè mekredi 19 novanm nan, nan DCPJ pou ajan FBI yo ka tande yo.

Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) envite André Apaid Junior jodi jedi 20 novanm 2025 lan, Charles Henry Backer pou demen vendredi 21 novanm nan. Envitasyon sa yo vini aprè gwo rime kap sikile sou rezo sosyo yo kòmkwa yo ta nan aktivite ki pa klè.

Sou sekretè deta Ameriken, Christopher Landeau avèti, ayè 19 novanm nan sou tweeter, ke tout moun ki kanpe an kwa kont estabilite politik peyi Dayiti expoze yo ak sanksyon e ak revokasyon viza yo.

Leo Messi ak lòt jwè ekip Inter Miami an felisite Ayisyen, jwè seleksyon nasyonal la, Fafa Picault pou kalifikasyon Ayiti pou mondyal 2026 lan.

Moun nan komin Miragwan fè gwo manifestasyon depi 3 jou ( lendi,madi, mekredi) pou pote solidarite yo ak komisè Jean Ernest Muscadin ke LONI endekse nan denye rapò sou vyolans gang ak dwa moun nan peyi Dayiti.

11/19/2025

Aprè yon demi syèk (50 lane) ap tann, Peyi Dayiti retounen sou sèn mondyal foutbèl la.Ayè madi 18 novanm lan, nan Wilèmstad, ekip Nasyonal la bat Nikaragwa de 2 a 0 pou dekroche biyè li pou koup dimond 2026 la.

Peyi Etazini ak peyi Lafrans ( Anbasadè Antoine Michon ) felisite Peyi Dayiti pou kalifikasyon li pou koup Dimond FIFA 2026 la. Reyisit sa a reflete devouman, rezistans ak talan ekip la ak nasyon an. Yon moman fyète pou tout Nasyon an.

Gianni Infantino ki se prezidan FIFA felisite Peyi Dayiti pou kalifikasyonl nan koup Dimond 2026 la.

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé te patisipe, ayè madi 18 novanm nan, nan aktivite ofisyèl ki komemore (222 zyèm) anivèsè Batay Vètyè. Nan diskou li, li mete annavan efò lap fè pou modènize ak ranföse Fòs Ame Dayiti.

11/19/2025

Men kijan sa ye nan vil gonayiv Konya🇭🇹🇭🇹 Pa gen dòmi 🇭🇹🇭🇹🇭🇹

11/18/2025

Anbasad Etazini anonse ayè lendi 17 novanm 2025 lan ke yon nouvo kontenjan sòlda ameriken rive nan Ayewopò Tousen Louvèti. Ranfò sa a vize sekirize misyon diplomatik amerikèn nan kèk jou apre echanj kout bal ant sòlda ameriken yo ak gang toupre Anbasad la nan Taba.

OEA ak lapolis nasyonal klotire yon fòmasyon 6 semèn pou enstriktè yo nan Akademi polis la nan kad yon pwojè ki finanse pa peyi Kanada.

Ayè lendi an, tout aktivite te paralize nan Pòtoprens aprè menas gwoup teyoris “Viv Ansanm”. Malgre mesaj otorite lapolis yo, popilasyon an pat riske soti nan lari. Lekòl ak komès te fèmen pòt yo.

Yon polisye Udmo mouri nan vil Akayè aprè li te fin resevwa yon bal nan tèt ayè lendi 17 novanm nan, nan maten. Polisye a mouri sou kabann lopital.

11/17/2025

Lapolis nasyonal Dayiti anonse, nan yon nòt ki soti ayè dimanch 16 novanm 2025 lan mobilizasyon jeneral tout pèsonèl li yo.Tout konje ak pèmisyon sispann jis ka nouvèl lòd pou kapab ranfòse sekirite nan peyi a.

Nan Kwadèboukè lapolis konfime vandredi 14 novanm nan kel sezi yon fizi Barrett ke gang lanmò san jou tap itilize epi li touye anpil manm gang sa a nan yon operasyon ke li mennen nan lannwit 13 pou rive 14 novanm nan.

Nan kalandriye elektoral li, konsèy elektoral pwovizwa a prevwa premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislativ pou 30 out 2026 e dezyèm tou a ak eleksyon lokal yo pou 6 desanm 2026 lan.

Lapolis nasyonal anonse kel dejwe yon tantativ kidnaping ayè dimanch 16 novanm nan, nan katye Dèlma 19 ak 29. Yo presize ke 2 ravisè mouri nan echanj ak lapolis, 2 zam ak yon moto sezi.

Address

USA United
Miami Beach, FL

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Radio wave Fm Haiti posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Radio wave Fm Haiti:

Share

Category

RADIO WAVE FM HAITI

Radio Wave FM haiti 97.3 Fm Gonaives 88.7 Fm Port-de-Paix Values 1.Reliance on God & his word. 2.We are committed to excellence & innovation. 3.We believe in people. Building & changing lives. Mission Our mission is to produce and deliver compelling programming filled with solid insight and creative expresions of faith, that empowers our listeners to take the next step of faith on a daily basis.

Radio Fm haïti 97,3 Fm Gonaives 88,7 Fm Port-de-Paix Valeurs 1.La confiance en Dieu et sa parole. 2.Nous nous engageons à l'excellence et à l'innovation. 3.Nous croyons aux gens. Construire et changer des vies. Mission Notre mission est de produire et de livrer une programmation convaincante remplie de connaissances solides et d'expressions créatives de la foi, qui permettent à nos auditeurs de franchir la prochaine étape de la foi au quotidien.