SKY LIGHT

SKY LIGHT **Sky Light Empire** est une entreprise audiovisuelle spécialisée dans la création de contenus visuels uniques.

Nous offrons des services de photographie, vidéographie et production de clips musicaux. Capturons vos moments avec créativité et excellence !

✊🏾 KÒD NWA 1685 KÒMAN YO T ANCHENNEN NOU AK LÈT AK PRIYÈGade imaj sa.Gade li byen.Se pa sèlman kò yon moun yo mare — se ...
11/10/2025

✊🏾 KÒD NWA 1685
KÒMAN YO T ANCHENNEN NOU AK LÈT AK PRIYÈ

Gade imaj sa.
Gade li byen.
Se pa sèlman kò yon moun yo mare — se tout diyite yon pèp yo te eseye kraze.
Kòd la se pa sèlman nan kou l, men nan lespri nou.

Depi 1685, yo te ekri yon liv yo te rele Kòd Nwa, yon kòd ki te chenn moun nwa fizikman espesyalman, men ki te louvri pòt pou chenn espirityèl ak entelektyèl rive jouk jodi a.
Yo te fè nou kwè Bondye te dakò ak esklavaj nou.
Yo te fè nou aprann li ak ekri, men sèlman pou nou sèvi yo.
Yo te mete lekòl, legliz, ak liv nan men nou, men anpil fwa se pa pou libere nou, se pou fòme nou nan imaj yo.

Sa nou dwe konprann jodi a:
Vrè batay la pa sèlman ak zam, li ak konesans.
Si nou vle fè revolisyon vre, fòk nou aprann li, konprann, e kraze chenn mantal la.
Pa gen libète san limyè nan tèt.
Pa gen souverènte san konesans nan lespri.

Sistèm nan te chanje rad, men objektif li rete menm: kenbe haytien Nan dòmi, divize, pè youn lòt, pè reyalite a. Yo Zonbifye n.
Fòk nou aprann idantifye fòs k ap sèvi ak , , ak kòm zouti kont pwòp pèp la, pou nou kapab refè nasyon an sou baz , , ak .

Se pa yon batay kont lafwa — non.
Se yon batay pou verite.
Pou ke lafwa pa tounen yon zouti dominasyon, men yon fòs liberasyon.

Gade imaj sa ankò.
Moun sa, se pa sèlman zansèt ou — se ou menm, chak fwa w kite lòt moun panse pou ou, dirije konsyans ou, epi fè ou pè wè verite a.

.
.



✊🏾By***ra Fils-Aimé fans

07/10/2025
07/10/2025

Vin aprann bel kont ak Papiwil tchek tchek Nan Festival Dans Tradisyonel


07/10/2025

Krik Krak????

🔥 JISTIS POU WILFORD FERDINAND (T-WILL)! 🔥Pèp Gonayiv, Pèp Latibonit, Pèp Hayti, tande byen!Jodia Mwen mande, pou nou le...
17/09/2025

🔥 JISTIS POU WILFORD FERDINAND (T-WILL)! 🔥

Pèp Gonayiv, Pèp Latibonit, Pèp Hayti, tande byen!
Jodia Mwen mande, pou nou leve kanpe pou mande JISTIS pou frè nou Wilford Ferdinand, yo te konnen kòm T-Will.

Wi, nou leve kanpe paske DDA/PNH Jacques Adèr asasinen yon sitwayen san, yon sitwayen ki pa t menasel ni pèsonn jodia 16 Septanm 2025, yon sitwayen k ap viv pou defann tè fanmi li, tè eritaj zansèt li!
Lè yon polisye, ki sipoze pwoteje pèp la, vire zam li sou yon sivil ki pa menase l, sa se ASASINAJ.

Nou mande pèp la poze tèt yo kesyon:

E si se te ou ki te nan machin nan?

E si se te pitit ou, frè ou, zanmi ou, ki te viktim erè sa?

E si se ou yo t ap fèmen je yo, epi yo tire sou ou paske yon moun fè yon move apèl?

Nou peye taks, se pa pou yo achte bal pou egzekite nou!

Nou peye taks pou yo pwoteje nou, pou yo batay kont gang, pou yo sove lavi nou, pa pou yo touye nou!

Apre zak sa, nou tande DDA a ap rele Polda ak Jerry Bien Aimé pou mande “aranjman”.
Nou mande l:

Ki aranjman ki ka fèt pou lavi yon moun ki pèdi san rezon?

Ki aranjman ki ka fèt pou yon viktim ki te konn ede lapolis batay kont gang yo?

Nou di ASE!
Nou mande ARETASYON IMEDYA DDA/PNH Jacques Adèr pou asasina Wilford Ferdinand.
Nou mande jistis pou fanmi li, pou kominote a, pou tout moun ki ka viktim menm bagay la demen.

Pèp Gonayiv, nou pa ka rete an silans!
Se menm sistèm nan ki ap egzamine nou, ki ap kouvri asasina yo, ki ap simen laterè pandan yo pa detwi vrè gang yo.

Nou dwe leve kanpe, nou dwe mache nan lari pou di:
“Nou peye taks, se pa pou asasina!”
“Nou mande jistis pou T-Will!”
“Nou mande arestasyon DDA Jacques Adère!”

Se pou mesaj sa rive nan tout kwen peyi a, nan tout kwen Latibonit, nan chak telefòn, nan chak kè:
N ap mache pou jistis, n ap mache pou lavi, n ap mache pou tout pèp Hayti ka viv an sekirite!

Pèp Gonayiv, nou se pitit Dessalines.
Nou pap kite pèp la pèdi ankò.
Nou pap kite pèp la tounen bèt chay ankò.
Nou pap kite polisye ki trayi misyon yo tounen jij ak bouwo pyès pou asasinen sitwayen san jijman!

JISTIS POU WILFORD!
JISTIS POU PÈP LA!
ABA LAPOLIS ASASEN!

💥

26/01/2025

Mattez la dernière vidéo de SKY LIGHT
Une réalisation de By***ra Fils-Aimé

Track: Oly-one Wèl Fèl
YouTube https://youtu.be/ELutXxOEeKI?si=tIqRCQHP29x1GpVD
Debarase kèw zanmi...
"Move yo pa Gidem, ak Egom divòse"
fans Winsbert Crick-Cracker Morinvil Steevie-z Beatz

21/01/2025

Video Pub Mon Coaching
Realisé par By***ra Fils-Aimé
Production SKY LIGHT

21/01/2025

À regarder

21/01/2025

Vin Aprann Adobe

21/01/2025

Nathy Store nan Gves

Adresse

#100, Route ODPG Gonaïves
Gonaïves
HT4110

Téléphone

+18296922373

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque SKY LIGHT publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à SKY LIGHT:

Partager