Gwomòn Enfo

Gwomòn Enfo ✨ Gwomòn Enfo ✨
Paj sa pote nouvèl, enfòmasyon, mete an avan talan ak valè, epi vann imaj Gwomòn ak peyi a. 🌍📌

26/11/2025
Demen si Dye vle antèman Luzi ap fèt nan lè 1è nan aprè midi, nan legliz Episkopal Gwomòn nan. Lavi an Ayiti difisil anb...
20/11/2025

Demen si Dye vle antèman Luzi ap fèt nan lè 1è nan aprè midi, nan legliz Episkopal Gwomòn nan.

Lavi an Ayiti difisil anba ensekirite majinalize sa a!

Gwomòn Enfo

Jodi 18 novanm 2025 lan Ti Moun yo nan Flanm Vètyè, aktivite sila divize an 2 kategori. 9è, 12è pou timoun yo epi nan 2 ...
18/11/2025

Jodi 18 novanm 2025 lan Ti Moun yo nan Flanm Vètyè, aktivite sila divize an 2 kategori. 9è, 12è pou timoun yo epi nan 2 zè se pral jèn moun, granmoun yo.

Donk, tout moun Gwomòn talè konsa nan 2zè vin aprann de gran jou istorik sa a, vin rilakse w nan gran nan jou sa, ki se yon jou de viktwa pou nou menm kòm pèp nwa!

Li Gratis. Espas IBEG tou prè pon Dimez✅
Deja, n ap tann ou zanmi n!

Gwomòn Enfo

Demen si Dye vle yon sèl randevou 👉🏾 Ayiti fas Nikaragwa, lè 8è nan aswè. Pa bliye, se yon match trè enpòtan pou nou, e ...
18/11/2025

Demen si Dye vle yon sèl randevou 👉🏾 Ayiti fas Nikaragwa, lè 8è nan aswè. Pa bliye, se yon match trè enpòtan pou nou, e nou ka bat Nou pa kalifye🤷🏾‍♂️

Grenadye alaso 🔥

Gwomòn Enfo

13/11/2025
13/11/2025

Cérémonie funéraire de Fr. Cimon Claireus Dor.

Èske n konnen konbyen katouch yo jwenn Luzi resevwa aprè konsta legal yo fin fèt?Anpil moun panike nan Komin Gwomòn sito...
13/11/2025

Èske n konnen konbyen katouch yo jwenn Luzi resevwa aprè konsta legal yo fin fèt?

Anpil moun panike nan Komin Gwomòn sitou aprè aksyon sa ki pase yè nan komin nan, nan lè 4,5è nan aprè midi kote jèn nan t ap ede yon lòt atis nan yon travay ki gen pou wè ak penti.

Yo te rive nan espas kote yo t ap travay lan, nan lè 3zè nan aprè midi, Luzis Alexis ki te gen pou l al pote yon bagay pou yon moun, li te oblije kite lòt atis lan pou l ka fè moun nan jwenn bagay lan, malgre sa lòt atis lan te dil tann li y ap moute ansanm puiske l ta pral kouche aprè yon ti tan konsa ankò, ebyen atis lan ta sanble te gen pou l fè moun nan jwenn bagay lan an ijans li te oblije pa t ka tann lòt atis lan pou yo monte ansanm.

Ebyen, se konsa lòt atis lan te kontinye ap travay, yon ti tan aprè gen yon moun ki vin di atis lan men yon moun ki kanpe Luzis, distans lan petèt 2 a 5 kilomèt antre kote atis lan t ap travay lan, e kote endividi an te kanpe l pou l te resevwa lanmò an. Pou n kontinye, lòt atis lan te fè tantativ pou l avanse, selon sa l di nou, pou l te ka konnen sa k genyen. Se konsa 2 lòt nèg te parèt yo rale zam yo, yo te tire pou entimide, e di lòt atis lan rekile pa avanse, se konsa yo ta pral asasinen Luzis Alexis, ki se yon jèn ki te plen avni devan l, kote l pa t chwazi antre nan fè sa k pa bon ki antisosyal.

Pou n fini, aprè konsta legal yo ta sanble Luzis pa sèlman resevwa 1 sèl katouch men pito 19 grenn bal, kote men l kase, pye l kase, li gen yon zye ki pete, aprèsa lestomak li tounen paswa pou bal pase.

Donk, Nou pa santi n gen fòs pou n di kouraj ak fanmi zanmi l yo, paske zak sa yo enpadonab pou kèlkeswa gwoup ( ilegal/legal )ki ta komèt krim nan. Sèlman Jistis dwe fèt pou n konnen otè krim nan. Jodia se li men demen l kapab Nou menm!

Luzis Alexis ki se yon Atis pent, mizisyen, elektrisyen,  plonbye, karelè rive pèdi lavi l anba bal nan mache Gwomòn nan...
12/11/2025

Luzis Alexis ki se yon Atis pent, mizisyen, elektrisyen, plonbye, karelè rive pèdi lavi l anba bal nan mache Gwomòn nan. Men, jiskaprezan n poko gen bon jan enfo pou n di kiyès ki otè krim enpini sa, lavi ti jèn nan gaspiye, yon nonm ki te itil kominote Ayisyèn nan anpil. Paske, li pat sèlman konn travay nan komin Gwomòn men prèske nan tout depatman yo, li te konn bay konesans li nan sa l ka fè.

Men malerezman jodia misye kite Gonayiv pou l vin Gwomòn epi se lanmò li pran 😭
Nou pa ka swete kouraj pyès moun paske nouvèl sa twò trakasan, moral nou kraze lè n resevwa jan de nouvèl sa yo.

Antouka viv Ayiti se viv nan yon simetyè konnya!
..😭😭😭...

Adresse

Gros Morne

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Gwomòn Enfo publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager