20/11/2022
Mwen envite nou dekouvri avè m "Hypertrichose", lè n fin li kite yon like e Yon kòmantè pou Di m sa n konnen de li tou. Envite zanmi nou fè yon ti kout je tou.
Bonjou, bonswa tout moun, mw espere nou anfom😊!
Jodia se ak anpil kè kontan nou pral dekouvri ansanm "Hypertrichose".
Hypertrichose la kisa'l ye?
Hypertrichose la pa yon maladi men se yon sentòm, se jis yon derègleman Òmonal ki lakoz moun nan gen yon pakèt pakèt plim sou li e plim sa yo pouse nenpòt kote nan kò moun nan, kote ki pa ta dwe gen plim. E nou kapab atribye'l ak derègleman Òmon "Testostérone" ki se sèl òmon ki enplike'l nan zafè plim sou kò moun e li lakay ni fi, ni gason sofke li sekrete plis kay gason yo.
B- Eske gen plizyè kategori ?
Wi, genyen 2 tip:
1) Gen "hypertrichose congénitale" timoun nan fèt ak tout predispozisyon pou'l genyen'l
2) Genyen yon lot ki konn parèt lakay yon moun se akoz yon medikaman li ka ap pran pou yon maladi kèlkonk
C- Eske li difisil pou yon doktè wè sa ?
Non non, diagnostik li fèt trè rapid, akòz kantite plim ou pral genyen yo e sitou kote'w pa ta sipoze genyen yo.
Atansyon Hypertrichose la ti plim yo pa kout e pal nn, yo vrèman nwa, e founi.
D- Eske gen yon bagay ou ka fè pou sa?
Wi, genyen... Si se yon medikaman ou te konn ap pran'l jis kanpe sou li epi ale wè medsen'w pou'l chanje'w medikaman. E si se pat yon medikaman se parèt yo te parèt wap jis raze yo oubyen ou fè sa yo rele épilation an ki se yon teknik pou rache plim sou kò moun, ou ka fè'l swa ak laser swa manyèl.
E- Eske ou dwe meprize yon moun ki konsa? Oubyen di yo se lougawou ?
Non ou pa dwe meprize yo okontrè ankadre yo paske bagay sa deja fè yo santi yo diferan de lòt moun, akòz de sa y'ap bezwen anpil anpil ankadre e pa ezite fè sa pou yo, pou yo ka santi yo se moun tankou tout moun.
N.B: Pa bliye kite sijesyon pa'w nan kòmantè pou pataje ak nou sa'w konnen de li tou... E sonje like paj la e pataje'l.
Imaj: Blog the vampire love
📚 ✏️ F.B.P📚✏️