03/10/2025
🚨🚨
Anviwon 4 jou avan ouvéti Lekol la nan depateman Sidés sitou pou vil Jakmèl lansman travay amenajman sou kèk twonson wout nan Jakmèl, soti depi bo Karitas , pase Breman, pou rive juska Cyvadier, rete yon defi aprè
Travo piblik tap fin gaye pil tè yo te lage nan wout si la yo sou preteks yo tap bouche twou . Pousyè anvayi lari a net sa ki plis atire atansyon nou, se lè nou ap swiv majorite timoun ki pral lekol se sou moto Taxi
Yon sitiyasyon ki reprezante gwo danje sou sante timoun si la yo ki pral lekol. E
nan nivo sikilasyon sitou li pranzante yon danje pou moto ak machin prive kou piblik.
Nap mande Polis pompye, ak tout lòt Otorite konsène panche sou sitiyasyon si la , pou nou ta komanse rouze lari a soti depi bo karitas rive juska Cyvadier
NB ; se Lendi wi tout élève pral komanse pran chimen lekol pran pitye pou yo Leta
Jaguar Jacky le réseau de l’information ✍️