05/11/2024
Nou kontan prezante sèvis nou yo ki kouvri twa domèn kle: 𝗕𝗿𝗮𝗻𝗱𝗶𝗻𝗴 ak 𝗠𝗮𝗿𝗸𝗲𝗿𝗶𝗻𝗴, 𝗦𝗲𝗸𝗿𝗲𝘁𝗮𝗿𝘆𝗮 𝘃𝗶𝘁𝘆𝗲𝗹 ak 𝗙𝗼𝗺𝗮𝘀𝘆𝗼𝗻.
1. 𝗕𝗿𝗮𝗻𝗱𝗶𝗻𝗴 ak 𝗠𝗮𝗿𝗸𝗲𝘁𝗶𝗻𝗴:
Ekip nou an espesyalize nan branding ak marketing la pou ede ou devlope ak ranfòse idantite mak ou an. Kit ou se yon antrepriz ki deja etabli oswa yon nouvo antrepriz, nou ap travay avèk ou pou kreye yon estrateji brand konsistan, atiran, kanpay marketing efikas ak kreyasyon kontni ki rive sou moun ou sible yo. Objektif nou se ede ou atenn objektif komèsyal ou yo yon fason pou'w diferan de konkirans la epi atire piblik ou sible a.
2. 𝗦𝗲𝗸𝗿𝗲𝘁𝗮𝗿𝘆𝗮 sou Entènèt:
Nou konprann ke jesyon administrativ ka pran anpil tan ak pèdi anpil enèji. Se pou sa nou ofri yon sèvis sekretarya sou entènèt pou ede soulaje chaj ou. Sa a ka gen ladan jere apèl, planifikasyon rankont, jere imèl oswa jere dokiman. Ekip nou an dedye ak eksperyans ap travay avèk ou. Nou fleksib ak adapte ak bezwen espesifik ou, sa ki pèmèt ou konsantre sou aspè ki enpòtan nan biznis ou.
3. 𝗙𝗼𝗺𝗮𝘀𝘆𝗼𝗻:
Nou pasyone nan pataje konesans nou ak lòt moun. Se pou sa nou ofri fòmasyon pwofesyonèl ki adapte avèk bezwen espesifik ou yo. Ou vle devlope kapasite ou nan lidèchip, jere pwòjè, kominikasyon, marketing dijital oswa itilizasyon lojisyèl espesifik, ekip nou an ap ba ou fòmasyon pratik nan domèn sa yo. Nou angaje nou pou ede ou jwenn konpetans ki nesesè pou siksè nan domèn ou nan aktivite ou a.
Ke ou bezwen sipò nan branding ak marketing, asistans administratif oswa yon fòmasyon espesyalize, nou la pou akonpaye ou. Objektif nou se ba ou yon sèvis de kalite, ki adapte avèk bezwen espesifik ou yo, pou ede ou atenn objektif pwofesyonèl ou yo. Pa ezite kontakte nou pou diskite sou bezwen ou yo ak kijan nou ka ede ou reyisi.
+5094845-9681 / 35 33 1964
✅📌PΛΓFΛIƬ✨GΣПƬLΣMΛП 🅳︎🅸︎🅶︎🅸︎🆃︎🅰︎🅻︎
𝘗𝘢𝘳𝘵𝘢𝘨𝘦𝘳 𝘢𝘶 𝘮𝘢𝘹..
#𝗝𝗮𝗰𝗺𝗲𝗹 - #𝗛𝗮𝗶𝘁𝗶